Standard PLUS

Standard PLUS

Compartilhar

Y

25/03/2026

ESKE W TE KONNEN SI W SE ETIDYAN OU KA JWENN YON VIZA VIZITÈ BYEN FASIL POU VIN VIZITE BREZIL AK PATISIPE NAN EVÈNMAN AKADEMIK AK SYANTIFIK? 🇧🇷📚

Wi, sa posib 🙌
Pi enpòtan an: ou pa bezwen ajan ni moun pou fè sa pou ou. Si w gen bon enfòmasyon ak bon dokiman, ou ka fè li pou kont ou.

Kòmanse jodi a.
Nan pòs sa a, m ap ba w premye etap yo. Lòt etap yo ap vini nan pwochen pòs yo.
📌 Li pòs la byen epi tcheke premye lyen yo nan kòmantè.

LI PI FASIL LÈ W SE ETIDYAN PASKE:

Lè w se etidyan:

1.Ou gen objektif klè (konferans, rechèch, prezantasyon)
2. Ou ka bay prèv lekòl/inivèsite
3. Ou ka jwenn lèt envitasyon
4. Ou montre ou gen plan retounen

Sa fè dosye w plis serye devan anbasad la.
⚠️ Sa pa garanti visa, men li ogmante anpil chans ou si w prepare byen.
ETAP 1: KONPRANN VIZA A

Viza a rele Viza Vizitè (VIVIS)

Li pèmèt ou:
Vizite Brezil
Patisipe nan konferans
Ale nan kongrè
Prezante travay syantifik

⛔ Li pa pèmèt ou travay.
ETAP 2: CHÈCHE KONFERANS
Sa se kle estrateji a 🔑

Chèche evènman ki:
gen enskripsyon
bay lèt envitasyon
gen pwogram klè

Bon sit:

1.Even3
2. Doity
3. Sympla
4.All Conference Alert
Astis:
Chèche nan domèn ou epi si w kapab, soumèt abstract pou ogmante chans ou.
ETAP 3: JWENN LÈT ENVITASYON

Ou bezwen:
konfimasyon enskripsyon
oswa lèt envitasyon
oswa prèv prezantasyon
Sa montre rezon vwayaj ou klè.
ETAP 4: PREPARE DOKIMAN YO

Dokiman yo:

Paspò (6 mwa validite)
Foto
Relve bank (3 mwa)
Rezèvasyon otèl oswa envitasyon
Tikè ale-retou
Kazye jidisyè
Prèv ou se etidyan
Ou dwe montre mwayen finansye (apeprè 100 USD pa jou).
ETAP 5: RANPLI FÒMILÈ A

Ranpli li sou entènèt, enprime epi siyen li.
ETAP 6: PEYE FRÈ VIZA

Anviron 80 USD, selon règleman anbasad la.

ETAP 7: RANDEVOU

Upload dokiman yo
Pran randevou
Ale ak dokiman orijinal yo
ERÈ POU EVITE

Pa bay fo dokiman
Pa chwazi move konferans
Pa voye dosye san prèv
Pa depann de moun pou fè li pou ou

👉 Ou ka fè li pou kont ou.

ENPÒTAN
Chwazi konferans ki nan domèn ou
Ajoute prèv etid
Ekri yon lèt motivasyon si posib
Fè dosye w klè ak òganize

Kòm etidyan ayisyen, ou gen yon bon opòtinite pou vini Brezil legalman atravè evènman akademik.

👉 Ou pa bezwen koneksyon
👉 Ou pa bezwen ajan
👉 Ou bezwen bon estrateji ak dokiman
Si w vle pwochen etap yo (lèt envitasyon, lèt motivasyon, kijan pou ogmante chans ou)

Ekri nan kòmantè Like & Share pou ede lòt moun

📎 Tcheke premye lyen yo nan kòmantè pou kòmanse kounye a

01/02/2026

!

🌍🇭🇹 GWO OPÒTINITE TRAVAY ENTÈNASYONAL AN AYITI - CANADEM ROSTER 🇭🇹🌍

Ou se yon pwofesyonèl kalifye, ou gen eksperyans nan domèn dwa moun, sekirite, kominikasyon, afè legal, relasyon imanitè oswa diplomasi? Men yon opòtinite serye pou ou 💼

👉 CANADEM ap envite pwofesyonèl ayisyen ak entènasyonal pou enskri sou lis (roster) li pou misyon kap vini nan Pòtoprens, Ayiti.

📌 Pòs ki disponib (Nivo P-4)
🔹 Asistan Lang
🔹 Pòtpawòl / Responsab Enfòmasyon Piblik
🔹 Chèf Ekip Konduit ak Disiplin
🔹 Ofisye Lyezon (UNSOH)
🔹 Konseye Sekirite
🔹 Ofisye Pwotokòl
🔹 Ofisye Lyezon Imanitè
🔹 Konseye Dwa Moun
🔹 Konseye Legal Adjwen

📌 Pòs ki disponib (Nivo P-5)
🔹 Konseye Legal Senior
🔹 Adjwen Chèf Kabinè
🔹 Chèf Kominikasyon Estratejik

📍 Kote misyon an : Pòtoprens, Ayiti

💡 opòtinite sa enpòtan
✔️ Travay ak estrikti entènasyonal serye
✔️ Bon nivo responsabilite ak enpak dirèk sou peyi a
✔️ Eksperyans valab pou karyè entènasyonal ou
✔️ Kontribisyon nan estabilite, dwa moun ak devlopman Ayiti

📣 Pa kite opòtinite sa pase!
Si ou kalifye oswa ou konnen yon moun ki kalifye, pataje enfòmasyon sa a. Se konsa opòtinite yo rive jwenn moun ki merite yo 💪🏾

🔁 PATAJE | TAG | KOMANTE
Ayiti bezwen ekspètiz ou 🇭🇹

Quer que seu figura pública seja a primeira Figura Pública em Campinas?
Clique aqui para requerer seu anúncio patrocinado.

Categoria

Endereço

Santa Isabel
Campinas, SP