Mike Bellot
Harvard Graduate Student | Founder @ Kaw Academy | University Professor | Innovator | EdTech Entrepreneur
16/12/2025
1 Bon nouvèl ekip Kaw Academy a kite pou mwen 🎉
Kaw Academy ofisyèlman fè pati Hult Prize, pi gwo mouvman antreprenarya sosyal nan mond lan.
Hult Prize ankouraje etidyan inivèsite ak enstitisyon fòmasyon siperyè yo devlope ide biznis ki rezoud pwoblèm reyèl moun ap fè fas ak yo chak jou (povrete, edikasyon, enèji, manje, teknoloji, elatriye).
➡️ Patisipan yo gen chans :
Antre nan pi gwo pwogram enkibasyon sosyal atravè lemond
Jwenn mantò entènasyonal
Prezante ide yo devan jij pwofesyonèl
Epi genyen chans pou yo ranpòte jiska 1 milyon dola ameriken pou devlope pwojè yo
✅ Sa vle di: Si w ap etidye nan Kaw Academy, w ap gen opòtinite pou patisipe nan gwo konkou entènasyonal sa a, reprezante Ayiti, epi transfòme yon ide an yon solisyon reyèl pou kominote a.
Sa a se yon gwo etap pou Kaw Academy, epi yon gwo opòtinite pou chak etidyan nou yo 🚀🇭🇹
28/11/2025
Fondatè Kaw Academy, Mike Bellot, fèk nomine kòm Inovatè Ane a nan Haiti Tech Connect Awards.
Se yon gwo fyète pou tout kominote a wè travay li ap jwenn rekonesans pou enpak li ap fè nan edikasyon, inovasyon, ak devlopman kominote nou an , ann Ayiti kou aletranje.
Nominasyon sa a fèt sou baz realizasyon li yo.
Si ou kwè vizyon ak inisyativ Mike Bellot yo merite rekonesans sila, ou ka bay sipò w ak yon vòt.
Klike sou lyen ki nan premye kòmantè a pou vote.
Kaw Academy: Nòt Eskiz
Chè itilizatè Kaw Academy,
Nou ekri nòt sa a pou nou enfome ou ke platfòm nou an pa disponib nan moman nap ekri nòt sa , nou eskize nou pou sa .
Rezon an se yon pann mondyal ak gwo founisè sèvis nou an, Cloudflare. Gwo konpayi tankou ChatGPT ak X afekte tou. Sa depase kontwòl nou.
Nou konnen kouman nou konte sou Kaw Academy chak jou pou aprann e pou nou avanse nan etid nou. Se poutèt sa, nou vrèman regrèt pou nenpòt deranjman ak fristrasyon sitiyasyon sa a ka lakòz nou.
Ekip teknik nou an ap travay sou lòt altènatif pou remete nou sou entènèt pi vit posib epi evite sa repete nan lavni. N ap kenbe nou enfòme.
Mèsi anpil pou konpreyansyon ak pasyans nou.
Kòdyalman,
Ekip Kaw Academy a
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.