Fenyoo Queen
Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Fenyoo Queen, Cayes.
19/06/2021
Yon nwit avè'w
"Epizòd #21"
Ecrit par: Kaira Kira ✍✍✍
Facebook: Kaira Kira
Instagram: Kairakiraa
💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡
Bendy: Lè zen an fini na fèm sin 😂
Gaddy ak Kaira ap gade yo pa konprann anyen 🤫
Gaddy: Ou ka esplikem sa kap pase la Bendy.
Bendy: Non! Lè se mèt afè ki esplikel li bon..
Gaddy: M serye wi Frè 😄
Kaira: Dadou
Dania vire gade Kaira li ranmase manjel la pou'l moute nan chanm li..
Gaddy: Sa sa vle di Damien?
Damien: Madanm sa gen tray lap fèm pase, depi yè lap manke'm dega..
Dania: (kanpe) Mwen men'm sa
Damien: Vin di kiyès ki te kòmanse?
Dania vire dol lale... Gaddy gade Kaira😀
🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩
Victor: Kado pou ti princesse mwen an
Naëlle: Pou mwen tonton..
Victor: Wi
💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎
Nadine leve li rantre nan douch epi'l pran malèt li sóti deyò a..
Nadine: Kounya map wè Kiyès Gina pral rele pou lajan, Bon Nadine nap fè wout la, banm wè sim pa bliye katonm yo....
Nadine verifye li pran malèt li, ak tout machin li epi'l aleee🚗🚗💨
🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴
Kaira: Ouvri pou mwen Da..
Dania: Wa tounen talè..
Kaira: Kounya m vle
Dania: Kai m pa vle fache avè'w, alors eseye tande'm..
Kaira: M pa vle sa tou, men m bezwen zanmim nan..
Dania pa gen le chwa ke ouvè paske'l konn Kaira pa prale..
Kaira: Ou pa vle palem ankò, depi Kilè'w te konn fèm sekrè Dadou..
Dania: M pat fè'l anyen ki mal, donk tout moun panse m bèt nwa..
Kaira: Pa gen moun ki pranw pou bèt nwa Da..
Dania: M te bal vag e maten an li kòmanse ankò..
Kaira: Ou renmen'l?
Dania: Non..
Kaira pa wè sa pou'l di ankò..
🔵🔵🔵🔵🔵🔵🔵🔵🔵🔵🔵🔵🔵🔵🔵🔵🔵
Valentina: Isaac mennen'm lakay mwen..
Isaac pa reponn
Valentina: M diw m bezwen lajan...
Isaac: Konbyen fwa pou'm diw pa papaw..
Valentina: Menw se mennaj mwen...
Isaac: Wi, men m pa dwew
Valentina: Anh se konsa..
Isaac: Pa al travay rete la chita sou kont gason, gason an ap baw tout bagay nèt..
Valentina: Ou pa papam nen wap kouchem...
Isaac: Paske'w te banm plas..
Valentina: Isaac tretem tankou moun non..
Isaac: Ou wèm fè le kontrè..
Valentina: M bezwen kòb la pou'm fè yon bagay..
Isaac: Wap jwenn kòb sa aprè dènye sware nou an..
Valentina: M pa ladann..
Isaac: Ou dakò wap fè'l ou pa dakò wap fè'l..
Valentina: M pa bouz*n non Isaac..
Isaac: Menw te prè pou'w te fè krèy pa vre?.
Valentina bese tèt li, li wont..
💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡
Kling Kling Kling
Gaddy: Frantz
Frantz: Gaddy sak gen la frèm..
Gaddy: M la
Frantz: Mal lakay ou, m pa wè'w..
Gaddy: M pa nan zòn nan non..
Frantz: M te rele'w pou'm anonsew nou gen yon pwogram pou 15 mwa sa..
Gaddy: Ebyen pa gen pwoblèm
Frantz: Wap ka vini
Gaddy: M kwè sa
Frantz: Mèsi anpil wi
Gaddy: Pa di betiz
Frantz ri yo fin pale Gaddy avize mesye yo sa..
💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡
Kaira: Ou paka ret anndan... ou pa wè manmi..
Dania: M te dil map vin wè'l, m gentan pale avè'l..
Kaira: Fòk ou ale pou'w al lekòl..
Dania: Lekòl kibò?
Kaira: Fòk ou al kote manman'w lan, pou'w ka al lekòl Dadou..
Dania: Ou pap tounen lekòl la demen'm pou mwen tou..
Kaira: Men Dadou
Dania: Pa gen men Kaira m te diw map toujoula pou ou, alors nou pral chache yon lekòl isit la nou renmen pou nale, map toujou moute al wè manmi..
Kaira: Pou mwen ou fè tout sa..
Dania: Non men pou ou nou an..
Kaira: Ou paka kite manmi pou kont li non Dadou...
Dania: Manmi pa pou kont li gen yon nyès li kap vin jwenn li, m te pale avè'l li aksepte..
Kaira: Mèsi Dayou
Dania: M pa konn Konbyen sinon wap ban mwen...
Kaira: M pap okipe'w..
Dania: M pa tap men'm sonje'm men'm..
Kaira: Kòman pou'm pa ta sonje'w Dadou, ou sèl zanmi mwen genyen..
Dania: Genlè se mwen k tap ranse..
Kaira: Ey siw ta konnen, li te bom yèswa..
Dania: Se sak fèw danw fin blan... ou te dòmi an zonbi
Kaira: Ki koze sa Dadou..
Dania: Depi'w rive nan pati sa se vivi ou ye wi, paske wap ri san rete..
Kaira: M genlè te sa wi😀
🔶️🔶️🔶️🔶️🔶️🔶️🔶️🔶️🔶️🔶️🔶️🔶️🔶️🔶️🔶️🔶️🔶️
Kira: Kounya ou tou pran pleziw nan achete sandal bay Naëlle..
Victor: Pou mwen avè'w pitit sa..
Kira: Oh eskize'm mesye 😆
Victor: Èskew wè'l bèl, ou renmen'l?
Naëlle: Li bèl Anpil, m renmen'l wi..
Victor: Al sere'l pou'w al lekòl..
Naëlle al bo Victor
Naëlle: Mèsi tonton..
Victor: De ryen princesse..
💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎
Gaddy pran men'l, kap ri..
Gaddy: Si yon jou mwen ta pati al travay nan yon lòt vil saw tap fè?
Kaira pèdi souri a..
Kaira: Ou gentan panse a pati?
Gaddy: Ou konnen fòk mwen travay beb..
Kaira: Men ou ka travay nan vil sa, bon siw dakò tou...
Gaddy te panse ak sa, men'l te vle pale sa avè'l...
Gaddy: Ou pa vle'm al lòt kote..
Kaira: Non! M pa vle'w rete lwen'm,
Gaddy: Poukisa?
Kaira: Paske'm renmen'w...
Gaddy: Ou pa tap sispann renmen'm..
Kaira: Non..
Gaddy: Ou tap tann mwen vini..
Kaira: Wi paske'm te fèw yon pwomès...
Gaddy ap gade'l li pran'l nan bral... Kaira tou ret nan bral tou tris..
Kaira: Wap toujou pati a😌
Gaddy: Non! M pa vle abandone bebê lala m nan..
Kaira souri ☺ Gaddy bol nan fwon..
💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡💡
Nadine rive nan yon kay li rantre epi'l di..
Nadine: Cheri m rive wi, men madanm ou..
Gen yon mesye ki sot anndan kap mache vin jwenn Nadine, Nadine sezi li ret kanpe an plas😳😱
ASWIV...
Pa bliye Like👍 comment👇 e 👉pataje pa bliye dim sa nou panse nan komantè a👇
Mwen renmen nou anpil guys 😍😍🤩❤❤❤❤😍😍❤❤❤❤😍❤❤❤
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.