RAGOU 987
Plaire à tout le monde
08/08/2025
💞LE RÈGNE DE L'AMOUR💞
Épisode : 65
Écrit par: Cenexant Fransseau
Page: Ragou 987
Intro: Pour l'amour je suis capable de tout, pour celle que j'aime rien ne pourrait m'arrêter, mon but c'est trouver mon autre moitié pour ensuite faire exercer le règne de l'amour.
《☆》¤《☆》¤《☆》¤《☆》¤《☆》¤《☆》¤《☆》¤《☆》¤《☆》¤《☆》¤《☆》
Mesyedam yo te sezi pou sa yo te wè, yo leve zye yo epi se gwo sipriz.
*JH* Tann mw, apa se pa rèv 😁.
Nou te sere sa pou nou.
Moun yo deplase yo vin anbrase tout moun.
Sipriz la se, Albertson, Jeevenson, Kerbylove ak Rachelle, ki deside vini pou maryaj mesyedam yo.
Rachelle ak Kerbylove pat Ayiti, moun yo vrèman kontan.
*Kerbylove* aaaah, ou pat pare pou kou sa non.
*JH* ou vrèman fè m sezi wi.
*Kerbylove* M te pale ak mesye Robert se li menm ki di m tout bagay.
*JH* ou pa gen menm nimewo a, koz mw voye envitasyon pou ou, m wè w pa janm jwenn mesaj mw.
*Stervenso* Komisè, m kontan wè w wi. Laba a fè w byen.
*Kerbylove* ou konnen, nap fè efò ak kò a.
*Stervenso* gade gwosè Rachelle!
*Rachelle* Ah Stervenso, pa pase m nan betiz tande ti gason.
*JH* Oh se pa manti non Rachelle, ou gwo anpil wi, m vrèman etone pou pwogrè m wè w fè wi.
*Rachelle* mezanmi, apa mesye yo ap fè blag, bon m vin seksi la wi.
*Albertson* Antouka m swete tout bagay byen pase wi, se rezon sa nou vin la, pou n sipòte moun ki chè pou nou.
*Jeevenson* Bon yon si gran jou, pou moun ki vrèman konte pou nou yo, nou pat ka pa vini, menm si jodi a se Lundi, men m panse nou vini alavans pou n ka ede nan sa pou n ede.
*JH* se byen wi, m kontan sa.
*Stervenso* waw, sa fè n plezi.
Lakay Paulette la, Chloé vrèman pa santi l kontan, li ap panse ak JH.
*Chloé* gade koze mesye, men manman m fin ban m espwa, poutan anyen pa mòde, m pa konn sa m ta fè, se vrèman dwòl, manman m pa gen pawòl donè, li fin di yon bagay, li pa kenbe pawòl li.
M pral kote manman m pou m ka konnen kisa travay li a te vle di.
Chloé al kote manman l, li rive nan chanm li an, li rele l li pa reponn, li vini li souke l, li pa reponn, lè l gade li wè manman l byen rèd, li kouri al kote Dyekibay la.
Mesyedam yo te chita yap bay ti blag yo.
Yap bwè ti chanpay, se bagay moun ak kòb.
*Stervenso* Mesye m ka di sa, m vrèman santi nou manke m wi, pou jan nou te konn mare vagabon ansanm.
*Kerbylove* aaah nèg pran kòd vre wi, m ba nou respè nou ti mesye.
*Jeevenson* se pa manti non, men moun ki te fè m anvi abandone se Frank, hmmm nèg sa pat senp menm non, misye te plis sanble yon moun ki posede, m pat wè espwa.
*Stervenso* Frank lan te malouk vre wi, se paske m kwè nan JH wi ki fè m te bay mw ak fon, m te vle ralanti tou wi.
*Albertson* nou pat gen lechwa non, fòk nou te fonse sou misye kanmenm, paske li te di si n pat fè sa l mande a nou tap pase.
*Kerbylove* misye plis ke mechan wi, e si m te konnen nou tap gen pou n pyeje misye, m pa tap dakò non.
*Albertson* mesye m konn ap reflechi, m di konsa kijan n te fè rive sou yon nèg konsa, m te pè wi.
*JH* apa se yon ekip kapon nou ye mesye, 😁
Nou pat voye chèche Frank non, se li menm ki te vin nui nou.
Misye jwenn sa l tap chèche.
*Rachelle* Erezman sa byen pase pou nou, men misyon Frank sa te pi riske pase Misyon TJ One nan, m konn ap eksplike manman m tout bagay sa yo, li konn kriye wi, antouka m ba nou respè nou mesye.
*Kerbylove* tande non, si n ta jwenn yon misyon ankò ti mesye nou tap fè l ?
*JH* ban m reponn, mw menm mw pa nan koze misyon ankò, m te jis antre nan dosye sa yo paske mesye Robert te konvenk mw, donk m vin ap travay pou ou komisè, bagay sa vin fè n fè anpil eksè, gwo travay pou n detekte vwayou.
E misyon TJ One sa pral mennen n sou Frank, donk pou m sensè, nou gen dekwa pou n viv, nou chak gen aktivite nou, pa gen pyès rezon pou n ap pran risk sa yo ki ka debouche sou grav konsekans.
*Albertson* Antouka m pa kont JH non, m panse ke nou gen sa n bezwen, nou envesti ak entelijans, kòb nou te jwenn kay Frank lan vrèman ede nou.
*Stervenso* Mesye mw menm ak JH pat janm kanpe non, paske yo te kidnape Karen ak Natacha wi pandan yap soti andeyò, se gwo may wi nou mete pou n libere medam yo.
*Jeevenson* Antouka, se enpòtan wi.
*Rachelle* tèt chaje, men JH e Ruth kijan sa te pase.
*JH* Bon pou m di w byen, m vrèman pa gen nouvèl Ruth, depi aprè moun li yo te fin kite l isi yo te antre Jeremi, m pa gen kontwòl li ditou.
M pa konn sa l devni, eeey fanm sa te manke touye Stervenso wi.
*Kerbylove* ki bagay !
*Stervenso* se JH ki sove m, men tou grimas la te manke mouri tou nan jou sa, dife pran sou yo.
Chloé te rive kay Dyekibay
*Chloé* Tonton, tonton, men manman m pa byen non, m rele l li pa reponn, m souke l mw wè l byen rèd.
*Dyekibay* Kisa!
Louise, Anne ann ale.
Moun yo prese al kay Paulette la, aprè yon ti tan yo rive.
*Dyekibay* oh! Paulette mouri wi.
Tout moun pete kriye aprè Dyekibay di sa, moun yo ap gade, yo wè Paulette gentan anfle, kò l klere.
*Chloé* oh manman, mezanmi kisa m pral fè, manman se ou menm sèl mw te genyen, poukisa w lage m mal konsa manmi, se vre nou konn nan kont, se vre m konn fè w fache, men manman, ou se tout sa m te genyen sou tè sa. 😭
Kiyès ki pral pran swen m, anmweyyyy, anmweyyyy m pa kapab.
Nan pita, li te 5h aprè midi, moun yo te nan kay lanmò a, yo pa ka konprann lanmò a.
Yo te chita an fanmi.
*Anne* m pa ka konprann lanmò sa menm non, brip sou kou, san pa gen pyès pwoblèm, san malad nou pèdi Paulette.
*Louise* Chloé, kisa menm Paulette te santi ?
Li pat pale avè w avan?
*Chloé* non non, manmi m pat di m anyen non, se rete m rete m wè l konsa, se pandan mw al rele l epi l pa reponn mw.
*Dyekibay* li ssanble ak yon moun ki pran nan luil wi, ou pa wè jan kadav la te anfle, vant gwo, li klere.
*Chloé* m pa konn bagay sa yo, m pa ka di w.
Men sèl sa m sonje, manman m te di m li pral fè yon travay pou mw, pou JH ka tounen avè m, li te fè m al chèche yon mayo JH pou li, ou sonje lè m te antre nan chanm Stervenso a, mw te wè mayo sa, m te pran l epi manman m te pati ak li, se mayo ki konn sou JH.
*Anne* woyyy, epi mayo sa pa pou JH non, se pou Stervenso, yo chak gen yonn ladann, JH te ale ak pa l la.
*Louise* enbyen, se petèt mal Paulette te vle fè JH, sitou moun sa yo pat gen bèl lè.
*Dyekibay* ah bon, konnya m konprann, se sak fè Stervenso te malad la, Paulette panse se JH li tap fè mal poutan se Stervenso ki frape paske mayo a se pou Stervenso, enbyen aprè maladi Stervenso a m te mete lwil mw wi, e jodi a fè 21 jou.
*Chloé* Poukisa manman m fè sa?
Poukisa manman m te bezwen detui JH, men se li menm ki pase.
*Anne* Ooh, oooh, oooh hmmmm tèt chaje wi, gade de koze mesye, m pa ka kwè bagay sa jis konnya.
*Louise* Paulette oh, nan kisa w tal fouye tèt ou la menm.
Aaaah.
Mesyedam yo te toujou ap pale, Kerbylove ak Rachelle te getan ale.
telefòn Stervenso vin sone.
*Stervenso* papa!
*Anne* se mw menm wi Stervenso.
*Stervenso* Matant kijan w ye ?
*Anne* mw byen wi, pitit mw nou jwenn sous maladi w la wi, se Paulette wi, wi Paulette ki te bezwen touye JH, li pran mayo w genyen an ki sanble ak pa JH la, li te al fè travay, konnya men Paulette mouri wi.
*Stervenso* kisa!
Matant Paulette mouri.
Map rele w aprè matant.
Stervenso sezi, li lage dèyè l atè.
Moun yo kouri vin kote l.
*Natacha* baby, sa l te genyen?
*Karen* oh kijan lanmò fèt menm?
*JH* kouraj frè.
*Albertson* Bon m pa konn moun ki mouri a, men m konnen separasyon pa janm fasil. Kouraj.
*Jeevenson* fòs ak ou.
*Stervenso* Ayyyy, m pat panse matant mw te ka fè yon bagay konsa.
*Karen* kisa k pase Stervenso?
*Stervenso* matant mw te bezwen touye JH, gen yon mayo m genyen JH te genyen l tou, donk mw kite mayo a lakay la, poutan yo konn se pou JH, yo pran l pou travay sou li, se sak koz mw te malad la, papa m mete lwil la se matant mw ki pran.
*Karen* oh, JH mw an wi, konsa menm.
Malgre JH pa nan koze pitit li a pou l te bezwen touye l.
Matant ou an mechan Stervenso, Erezman sa tounen kont li.
*Natacha* aaah, konsa pou yon moun ye, si se konsa li byen mouri.
*JH* m pat panse Paulette te ka rive jis la, franchman m sezi.
*Natacha* kisa wap fè bb, ou pral andeyò?
*Stervenso* si se nan yon lòt kondisyon li te mouri a mw tap ale men m pap fè yon pa, map rete konsantre m sou maryaj mw pito.
Moun yo te toujou nan kay lanmò a, Chloé paka sispann kriye. Lanmò a pote l koz manman l te gate l depi l tou piti, li pa janm lache manman an.
*Chloé* 😭😭😭
Manman, manman, manman kote w ye?
Manman men pitit ou wi, ou mèt vin pran m manman, ki sans vi m pral gen la, manman vin pran m.
M santi kè m ap dechire, souf mw vle koupe wi manman, m pa kapab sipòte doulè sa.
Ooooh, ooooooooooooh, manman hmmmm.
Chloé pa ka sispann kriye.
Li kriye kont kriye l, aprè sa li pe, li al kouche, lap panse.
*Chloé* Manman, Poukisa w fè sa, poukisa w te oblije al fè mal ak JH, pou se Stervenso ki frape, manman tout sa pat enpòtan, ou vyole konfyans mw manman, ou di wap ede m poutan se te sa w te sere pou mw antouka manman ou malonèt, ou malonèt, wi ou malonèt 😭.
Nan aswè, Natacha te antre lakay li, Albertson ak Jeevenson te kay Stervenso, JH ak Karen te chita yap pale.
*Karen* bb, moun pa ta dwe kontan nan malè yon lòt, men m pa rayi lanmò sa non, fanm nan twò mechan.
*JH* baby, pa di sa non, e mw te anvi ale wi, jis pou m pase wè Chloé, li ka petèt an detrès moman sa yo.
*Karen*😡kisa! Di m se yon blag wap fè non JH, ou bezwen yo fini avè w nèt se sa, epi ou pap fè yon pa non.
JH, tann mw sa vle di ou sansib pou Chloé, ou gen pitye pou li se sa?
Stervenso malgre se matant li, li di w li pap fè yon pa, ou menm se papa bon kè, ou vle al bay sipò w, oh waw, ta princesse charmante est en détresse !
Enbyen m vle pou w ale nan lanmò sa JH, ou mèt tou bliye m, bliye maryaj, bliye menm bebe ki nan vant mw an.
JH kenbe men Karen li avanse l sou li.
*JH* amour, m pa vle w pale konsa bb, epi m pa ta prale san ou bò kote m ki pou pwoteje m, paske puisans lanmou w pou mw tèlman ekstraòdinè ke m kwè lè w la, m pa ka gen anyen bb.
Amour Stervenso ka toujou pa ale, men baby se pa yon rezon pou m pa ale, matant Stervenso ki se Anne, papa Stervenso, se moun pa yo ki mouri, e mw alèz ak yo bb.
Nou gen dwa pa ale pou n rete men chérie, yon senp vizit pa ka deranje.
*Karen* bb m konprann ou, men se ou ki te sib la, si se yon lòt fason li te mouri m tap premye moun ki tap konseye w ale, men la, m pa vrèman anvi sa, bb tande madanm ou non, pa ale paske m pap santi m anpè.
*JH* Bon pa gen pwoblèm, men map jis rele yo nan telefòn pou m senpatize m ak yo.
*Karen* tant mieux.
JH al kouche, Karen tou.
Nan demen maten, moun yo te leve byen, se jou kap avanse pou moun yo marye.
*Karen* Bonjour amour, ou te byen dòmi ?
*JH* Bonjour baby, m te byen dòmi wi e ou menm?
*Karen* pat mal, sa wap manje maten an ?
*JH* hmmm di m sa wap manje, map fè l pou ou.
*Karen* 😁, waw
Ok m bezwen yon ti bannann ak sòs pwason, rache ti zaboka bò kote l.
*JH* aaah talè w pral jwenn li, rete chita.
*Karen* selman pa fè l sale non 😁.
*JH* ou pa kwè nan chèf kuizin nan.
JH ale vre, li kòmanse kale bannann li pou mete bouyi, li te gen pwason ki tap konsèvè li pran, li kòmanse ap fè manje a, aprè prèske 1h de tan edmi, manje a bon.
*Karen* manje sa gen bon sant wi, hmmm lè yo gen bon sant konsa, yo konn pa gou wi.
*JH* ou pa kwè nan mw menm non.
Moun yo chita yo ap manje, Karen ap souri.
*JH* konbyen pwen wap ban m sou 10 bb 😁
*Karen* hmmm ou ka fè 6.
*JH* oh ti kras pwen sa, m panse se 10 wi ou tap ban mw.
*Karen* ok bb, ou fè 10.
Baby ou fin areta wi, ou gen pou w pase nan antrepriz ou a.
Mw menm mw gen pou m ale kote papa m nan. Li te di l bezwen m.
*JH* fè pridans wi chérie, pa bliye fòk ou pwoteje l.
*Karen* Dakò map fè sa.
45 minit te pase
JH te al regle koze l, Karen te rive kote papa l.
*Robert* chérie, kijan w ye ? Waw gade jan pitit fi m nan ap pi bèl non, nan kè m pou w ta ye pou w ta wè jan m an jwa.
*Karen* mèsi papa, mw byen.
Ou di w bezwen m papa, ou di w gen yon bagay pou n te pale.
*Robert* wi pitit fi m, se yon bagay ki trè enpòtan wi.
Gade suiv mw, m pral mennen w yon kote.
Robert ouvri yon pòt sekrè anndan antrepriz li a, li antre ak Karen.
*À SUIVRE...*
[email protected]
37531618
37920703
43847319
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter la personnalité publique
Téléphone
Site Web
Adresse
Gonaïves