Dev le penseur
Dave le peux genie du technologies (gamme, PlayStation,etc...)
26/02/2023
👨❤️💋👨Anpil relasyon a distans kraze se paske moun ki damou yo manke manke atansyon avèk kominikasyon
🚫Eskew panse siw gen yon jaden épi w pa janm wouze l ni évite move zèb vin detui plant yo kisak k rive, ebyen zanmim pran tèt ou depiw renmen yon moun kit li pre w,kit li lwenw ou dwe bal valè l mérite sinon se tande w'ap tande moun gen mennaj
🚫pa bliye yon relasyon se yon antant ant 2 moun ki di wi pou la vi, menm si w pran sa tankou yon objè posede konnen jodiya li ka mennaj ou li chouchoutew men demen l'ap ex ou,
🚫lèw nan relasyon ak yon moun tout sa wap fè ou sipoze metel o kouran pa janm ba l manti siw ta bal manti toujou fè l kwè nan yo e pa kitel sispèk sa toujou pran desizyon a 2 avèl
🚫Toujou chanje pawòl w avèl chak jou w ka palel de yon bagay diferan ki ka edel e bal plis lanmou konsa relasyon w avèl ap vin solid depil konprann ou epi li renmen w tripotay p'ap ka kraze relasyon an
🚫paske nou youn soude nan lespri lòt nou youn ap konn sa toujou panse ak lòt lanmou sa pa ka pa reyisi depil byen pran rasin
DLP
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.