Dutoy Francois
Ma mission est d'apporter à ce monde ce que je souhaite voir changer. Je m'engage dès maintenant !
25/12/2025
Joyeux Noël ! ✨
Que cette journée sacrée illumine vos cœurs et vous enveloppe de paix profonde, de lumière éclatante et d’amour infini.
Que la gratitude remplisse chacun de vos instants, que la joie rayonne dans vos foyers et que votre vie se tisse de multiples bénédictions et prospérité.
Puisse cette fête vous entourer de chaleur, d’unité et d’une santé solide, et que chaque pensée, chaque geste de ce jour résonne avec amour et harmonie universelle.
Avec tout mon cœur et mes intentions lumineuses, je vous envoie force, protection et énergies positives, en ce jour unique et sacré. ✨🎄🌲🌟
Dutoy F+
01/09/2025
*Yon ti leson moral lavi aprann chak moun*
Lavi nou sou latè se tankou yon flè.
Loske flè an ouvè, bèl ti papiyon ak abèy vin poze e pran sa yo bezwen pou ranpli misyon pa yo tou.
Yon flè te met bèl jan l te ka bèl, lap fane kanmenm, se yon kesyon de tan.
Gen flè aprè l fin ouvè lap selman fè kèk è de tan, li ka fè yon jounen, gen lot kap rete pandan kek jou selman avan li fane e disparèt.
Tout flè ki ouvè gen pou l fane e disparèt.
Pito w kontante w nan ranpli misyon w sou tè a, paske chak flè ka pèmèt abèy yo jwenn nekta pou fè siwo, swete ke avan w fane ou te ranpli misyon pa w la. Pa gen yon flè ki ka vante tèt li di l pi bèl ou pi enpòtan pase yon lot, men yo tout ansanm kreye bote e chak gen yon misyon.
Lavi yon flè se tankou segond kap pase epi li pa la ankò. Sof pasaj li te kreye bote, li te itil swa pou fè dekorasyon, swa pou fè pafen, swa pou bay yon fwi, swa pou sèvi nan domèn medikal, swa li sèvi kom fimye pou latè kote l te sòti a, epi tou sèvi pou abèy ka jwenn nekta.
Anfen, ou reyisi, se nòmal, ou pa ni an avan, ni an reta. Chak fwi mi nan sezon yo. Chak flè fleri lè moman l rive, men se pou yon ti bout tan ki pa gen pwolongasyon.
Yon flè pa jalou yon lot flè, ni ògeye paske l pi bèl, paske se tan ki mèt jwèt la, yo tout ap fane e disparèt.
Sila ki poko fleri, sezon l ki poko rive. E ou menm, wap fleri pou konbyen tan?
Se te yon ti refleksyon sou lavi yon flè konpare ak lavi yon moun.
*Rev. Dutoy François+*
Mèsi chak moun ki pataje, komante...
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.