varye
Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de varye, Écrivain, Jacmel.
05/06/2026
ITit :::::::::: seconde chance
Feyton par ‘: varye
Épisode :18
Paj Facebook : varye
Feyton sa “ ekri pas Varye “ attention ak moun kap pan l retiré non Varye ajouté non pa yo
Déjà bon lekti mes mours 🥰
Docteur la pran souf gade Stéphanie serye
Stéphanie ::::::::: sa w ap mande m nan pa piti ditou. Ou vle m bay yon fo rezilta jis paske w pare pou peye m?
Stéphanie pwoche pi pre biwo a, li mete men l sou sak la
Stéphanie ::::::::::: Docteur, mwen bezwen sa , sèl fason pou m sòti nan pwoblèm mwen ladan l lan.
Docteur :::::::::::::: vraiment konplike
Stéphanie :::::::::::::: Mwen pap kite sa gratis pou ou
Docteur ::::::::::::::::: si fanmi an dekouvri laverite? Si yo wè dat yo pa mache?
Stéphanie :::::::::::::::::: map jere rès la , ou menm sèlman di mwen gen mwens mwa ansent pase sa tout moun panse a
Li rale yon anvlòp lajan glise l sou tab la! Docteur a rete ap gade l pandan kèk segond
Docteur ::::::::::::: Stéphanie ! travay mwen se sove lavi moun, pa antre nan manti
Stéphanie :::::::::: BB vvbvv E pafwa moun bezwen yon dezyèm chans tou docteur ! Ou pa konn sa m ap viv.
Docteur::::::::::::::: (pran dosye a, li ouvri òdinatè a)Dènye fwa m ap fè yon bagay konsa ! Après sa, pa janm mande m sa ankò
Stéphanie:::::::::::::::::::( lage yon ti souri soulaje)
Mèsi docteur 🤩 ou pap regrèt sa wap vire m tout janw vle docteur
pandan Stéphanie t ap sorti, enfimyè a kite devan pòt la te tande yon pati nan konvèsasyon an ! Li gade docteur a ak dout nan je
Enf :::::::::: Docteur ! tout bagay anfòm?
Docteur :::::::::::::::: Wi , pa gen pwoblèm
Enf ::::::::::::::: ki problèmes ou , ak demoiselle sa ?
Docteur :::::::::::::: juste tristesse pote m, lap esplike m après 20 ans maryaj li resi ansent
Enf:::::::::::::::: se Yon bénédiction ( souri) sou w pat Yon mawozo nou tap gen Youn tou
Docteur :::::::::::::::::: mwen pa vin profité Okenn moun isit la, se travail Mwen map jere
Enf ::::::::::: embesil ! Ou profité lèw fòse
Docteur :::::::::::: bon ! Ou vke profite m kounya? Puisque wap fòse m
Enfo :::::::::::::: épuis ! M tande ou se docteur ? Lontan ou tap gentan fèm ap depale, disponibles pou n'emporte lèw vle m depale
Vire ale” docteur a kontinye sou travay li
Kote kaïro lap pale ak Manman l Mélissa
Melissa :::::::::::::::: Kaïro, kisa k genyen?
Kaïro :::::::::::::::: Manman , mwen bezwen pale avè w sou yon bagay serye
Melissa :::::;;::::::::::::::: map koute w
Kaïro ::::::::::::::::: Stéphanie fè m konnen li ansent ; e timoun nan se pou mwen
Melissa rete san pale pandan kèk segond “ fikse l li pa kwè sa li sot tande a
Mélissa :::::::::::::: Kisa w di a?
Kaïro::::::::::::::: li ansent manman
Melissa leve kanpe touswit passe l yon soufflet
Mélissa ::::::::::::: ou pa M'enm wont non(ri) Non, Kaïro! Blag Wap banm
Kaïro:::::::::::: Mwen pat vle kache sa pou ou , désolé mom
Mélissa :::::::::::::::: Se sa tout efò mwen yo bay? Se sa mwen te voye w lekòl pou fè?al pran yon pute😡😡😡😡😡paske nous gen lajan se konsa ou deside ak vie
Kaïro :::::::::::::::(bese tèt li)Manman…
Mélissa :::::::::::::::::: fout Kite m pale! Mwen te pase tout lavi m ap fè sakrifis pou ou ! Mwen te vle w konsantre sou avni w, sou etid ou, sou objektif ou ! Mwen di w pa gade sou bagay papa w possédé ; w ap vin di m yon fi ansent pou ou?
Kaïro pa jwenn mo pou reponn ! L'ap swe
Melissa ::::::::::::::::::: Epi se Stéphanie toujou ?
Kaïro ::::::::::::::::: Poukisa wap pale konsa de li?
Mélissa :::::::::::::::::::: Paske mwen pa janm wè l kòm fanm mwen ta vle antre nan fanmi m ! Li twò renmen detay, twò renmen pale sou lavi l tout kote, twò renmen atire atansyon , gade Moun sou aparans pa kalite fanm mwen te imajine pou pitit mwen.
Kaïro::::::::::::::::: mwen renmen l , m'en l'ap pote pitit pou mwen
Mélissa :::::::::::::: Sa se ou menm😡😡😡😀mwen gen dwa gen opinyon pa m.
Kaïro :::::::::::::::::: Sa deja fèt, manman nous pa ka chanje sa ankò
Melissa fè kèk pa nan salon an pandan l ap reflechi
Mélissa ::::::::::::::::: Èske li kwè timoun nan se pou ou?
Kaïro :::::::::::::::::: Wi , fè m konnen sa.
Melissa :::::::::::::::::: tande m byen Kaïro ,mwen fache anpil timoun nan pa gen okenn fot nan sa ! Yon timoun toujou inosan
Kaïro ::::::::::::::::::::: Sa vle di ?
Mélissa :::::::::::::::::: Sa vle di si timoun nan se pitit ou vre, mwen pap vire do bay map rekonèt li kòm pitit pitit mwen map renmen l
Kaïro::::::::::::::: (Yon ti soulajman parèt sou figil ) Mèsi manman
Melissa leve men l pou entèwonp li pâle
Mélissa ::::::::::::::: Pa prese remèsye m ! Paske gen yon lòt bagay mwen bezwen fè klè
Kaïro::::::::::::::::Kisa?
Mélissa ::::::::::::::: Timoun nan ap toujou gen plas li nan fanmi sa , Stéphanie pap antre nan fanmi an.
Kaïro:::::::::::::::( rete sezi) Manman…
Mélissa :::::::::::( lonje m'en sou li ) stoppé w! Mwen deja pran desizyon m ,mwen pa vle okenn konfizyon ,mwen pral respekte l kòm manman pitit la, men sa rete la
Kaïro :::::::::::::::::pa menm vle eseye konnen l pi byen
Mélissa ::::::::::::: Non. Mwen konnen ase pou m fè chwa pa m
Kaïro ::::::::::::::::: Sa pral fè bagay yo difisil
Mélissa ::::::::::::: mwen pap fè ipokrizi , Stéphanie pap nan fanmim
Kaïro :::::::::::::::: ahhhhhh
Mélissa ::::::::::::: Mwen renmen w Kaïro , poutèt sa mwen fache , te vle plis pou ou , kounye a sa fèt pral vin papa, epi ou dwe aji tankou yon gason responsab
Kaïro souke tèt li plen tristesse
Mélissa :::::::::::::::: sonje sa byen , timoun nan se san mwen, m ap toujou la pou li ! Map ede l grandi si sa nesesè; Stéphanie pap antre nan fanmi sa kòm bèlfi mwen se desizyon final mwen.
Kaïro::::::::::::::::: pat gen vizyon fè pitit ak de fi
Mélissa :::::::::::::: mwen tou, pat gen vizyon gade w kap pote n'emporte ki banm
Kaïro::::::::::::: Manman
Mélissa ::::::::::::: desizyon final Mwen pran! Rete ou Menm réfléchir Antre Stéphanie & Mélissa
Mathis ak Stéphanie te chita nan yon ti restoran “ Stéphanie t ap bwè ji pandan Mathis te gen yon ti souri sou figi l depi yo te chita ansanm
Mathis ::::::::;;;;:Mwen pa ka kwè plan an mache konsa.
Stéphanie :::::::::::::::: Ki plan?
Mathis ::::::::::::Ann sispann fè tankou nou pa konprann youn lòt ! Kaïro kwè timoun nan se pou li
Stéphanie::::::::::::::::: ( pa reponn touswit) pa bezwen konnen plis pase sa li konnen deja
Mathis apiye sou chèz” li vizibman satisfè
Mathis ::::::::::::: Sa bon pou mwen
Stéphanie :::::::::: Poukisa sa fè w kontan konsa la
Mathis:::::::::::: (gade l nan je) Paske depi lontan mwen konnen Kaïro renmen yon lòt fi ! E mwen konnen fi sa a pa janm sispann enterese m tou
Stéphanie ::::::::::::::(fè yon ti souri) Donk se sak fè wap ede m? Juste pou jwenn Daniela Pou w kouche , paske m Konn se zanmi m ou renmen
Mathis ::::::::::: Egzakteman ! Si Kaïro rete okipe ak istwa sa a, pap gen tan ap kouri dèyè lòt moun ; li bezwn Daniela Pou serye, m bezwen la pou plezi m
Stéphanie :::::::::::: ou vrèman kalkile bagay yo byen.
Mathis :::::::::::: Mwen jis pwoteje sa mwen vle(
Mathis lonje men l sou tab la) gen yon bagay mwen bezwen konnen ! Eske wap janm di l verite a?
Stéphanie:::::::::::::::: ( vin serye touswit ) Non.
Mathis ::::::::::::::::: si yon jou li poze kestyon , konvenk ou pou w pâle
Stéphanie ::::::::::::map jere sa.
Mathis :::::::::::::::::: k ou pap janm di kiyès vrè papa timoun nan?
Stéphanie::::::::::::::::::( pran sak li)gen kèk verite ki pi bon lè yo rete kache
Mathis ::::::::::::: sa ka kreye gwo pwoblèm pita.
Stéphanie ::::::::::::::: pou kounye a, se konsa mwen vle bagay yo rete
Mathis:::::::::::::( fè yon ti souri) Bon, sa pa deranje m , toutotan Kaïro kontinye kwè sa li vle kwè.
Stéphanie::::::::::::::( leve kanp) fè atansyon, Mathis pa bliye sekrè yo toujou gen fason pou yo soti yon jou
Mathis rete chita, toujou avèk menm souri misterye a
Mathis ::::::::::::::::::::: bagay yo ap mache egzakteman jan mwen te espere a( ri ) ou sanble pa M'enm konn papa timoun nan Stéphanie
Stéphanie pa reponn vire do l” epi li kite restoran an pandan Mathis rete ap reflechi
Se moment sa Jess parèt pandan lap bat bravo
Èske Li tnde vérité yo ?
À suivre!
Bonsoir fans
Map gen selmn dmn sdv pz
Eske mt pote feyton an pou Nou? ?
07/05/2026
Bonsoir fiyèl mw yo
M vle pale avec nou jodia fans
M wè mesaj yo , m'en m Kwè Moun kap swiv mw lontan
Konnen mwen pa Konn l'âge feyton konsa
Malgré pt gen ankourajmn , m Konn ap l'âge de épisode
Ki rezon " se paske mwen pat gon aktive n tap réglé
M'en sa pt vle di" m pt Konn f ti mouvement
Banm antre kote m vle rive a " ekri se Yon bagay mwen renmen
M pran plezi Ladanl
Gen anpl moun " ki konnen m byen lontan sou non Winny la dominante
M pa konn kmnc pou m pa fini
M pa Konn l'âge chak 1ans , juste m pèdi paj sa
M trouvé m sou varye
Pour l'instant " m Vnn pk f sakrifis sa yo ankò
Paske m pa nan peyi m
Sim deplase se Pou Yon objectifs
Donc " m pk rt chita
De 6 h maten pou 8h ou 9h swa mp Antre lky m
M vin pa jwenn tan pou ml focus , m'enm jour dimanche mw pa libre
Pa gen ankourajmn tou , m pa dim by vg
M'enm vle f Nou konnen , gen sakrifis ki pk ft ankò
Se toujours m'enm lnmou an marenn nou gen pou nou🥰
02/05/2026
ITit :::::::::: seconde chance
Feyton par ‘: varye
Épisode :17
Paj Facebook : varye
Dedye par " Doralus Mélissa
Feyton sa “ ekri pas Varye “ attention ak moun kap pan l retiré non Varye ajouté non pa yo
Déjà bon lekti mes mours 🥰
Peter kouri Kenbe Djoune “ Jhon sezi
Jhon:::::::::::: map déplase , jere sa avèl
Peter::::::::::::::: m pa finn Kwè djoune 😡😡😡
Djoune ::::::::::::::: Ou pa ka fè tankou si anyen pa pase! Ou gen yon fanm ansent ?
Peter ::::::::::::::::::Kisa wap fè ap koute koze moun ? Sa pa gade w non
Djoune ::::::::::::::::: sa gade m! Paske se pa bon sa wap fè a , Mélissa pa mérite yo
Djoune :::::::::::::: map di l laverite, map fèl konnen kiyès ou ye
Peter ::::::::::::::::: pa prale okenn kote! Si w di yon mo, wap regrèt sa
Djoune ::::::::::::: Mwen pa pè w , map pâle n'emporte Jan
Peter ::::::::::::: pa konnen ak kiyès wap jwe ! Mwen ka fè lavi w difisil
Djoune :::::::::::::: m pa pran presyon ,si w pa vle m pale , ou konnen sa pou w fè
Peter ::::::::::::::::: Kisa w vle di ?
Djoune :::::::::::::::::: pá pran pòz embesil ou non 😡😡 peye m. Si w pa vle m pale, ou dwe peye pou silans mwen
Peter ::::::::::::: ou serye?
Djoune ::::::::::::::: oui ! Peye m pou tout bagay fini
Peter mache tounen pase men nan tèt “ AP reflechi sitiyasyon an pat senp ankò” Djoune, te kanpe la san bouje te byen detèmine menm si Peter tap eseye fè l pè, li pat pran Presyon
Djoune :::::::::: pa gen repons ?
Peter :::::::::::: map peye w ,tout Saw mande m wap genyen l
Djoune ::::::::::::: bravo ! Kounya m wè wap byen réfléchi , m'en tout tan ou wè map kuit kalalou se kontinye vide lajan sou mwen ( souri ) sou sote jour , wap Koz mwen pâle Peter
Li vire Kite Peter “ kap fè monte desann
Jessica te kanpe ak bra l kwaze zye l fikse sou Mathis
Jessica ::::::::::::: Mathis, map mande w ankò , poukisa ou di Daniela ke Kaïro pa renmen l?
Mathis ::::::::::::::: ou pa konprann jan bagay yo ye , mwen tap eseye pwoteje l
Jessica :::::::::::::: Pwoteje l ? Ou Kwè se pa ou menm ki gen yon lòt lide dèyè sa?
Mathis::::::::::::::::::: Non, mwen wè fason Kaïro ap aji pa klè ! Mwen pa vle Daniela soufri
Jessica :::::::::::::Daniela pa janm di m li santi sa!
Okontrè, li sanble byen ak li , ou sèl ki ap di bagay sa
Mathis ::::::::::::::::::::: se paske mwen wè plis pase nou tout , ou pa ka konprann sa fasil , epuis kaïro se frèm poukisa pou m bay manti sou li
Jessica ::::::::::::::: sa pa fè sans😡😡 ou pa bay okenn prèv
Mathis :::::::::::::::: kite sa Jessica , paske m pap fòse w Kwè m ! kijan ou ye? Mwen remake ou pa menm jan dènye jou sa yo
Jessica ::::::::::::::::::::: (fè yon ti souri ironik ) Ou chanje sijè a vit
Mathis ::::::::::::::::::::: Se paske mwen pa vle nou fache konsa , mwen pa renmen lè w lwen m konsa Jessica
Jessica ::::::::::::::: pa gen rapò ak kestyon mwen te poze a
Mathis ::::::::::::::::: ou enpòtan pou mwen ! Mwen pa vle pèdi relasyon nou pou yon diskisyon konsa
Jessica :::::::::::::::: sa ou fè a pa bon , pa m'enm reponn kestyon an, ou jis ap eseye fè m bliye l ! Ou pa konprnn Daniela ap soufri
Mathis ::::::::::::::: souffrance yo konn non Jessica, m désolé pou vérité a
Jessica :::::::::::::: pou sourire Dani , pa gen anyen mwen pap fè
Jessica retiré tout rad sou li” kanpe devan Mathis
Jessica ::::::::::::: ou libre pou kouche m ,pou m tande ou dim “ se manti ou tap fè , paske tout tan w pa demanti Dani pap kwè Okenn moun
Mathis pèdi nan admiré tout pati Jessica “ bouch li koule dlo
Jessica ::::::::::::: m konn ou gen idée kouche m , m bòw chance l'an pou fèl , epuis pou m wè sou kapab Kite m vre
Mathis par répondre “ Li proche Jessica Li mete bouch li bò Kou l “ nan moment sa se Youn nan rèv Mathis kap reyalize
Stéphanie chita devan doktè a l'ap tann rezilta
Doktè:::::::::::::: Stéphanie , mwen konfime ou gen anviwon 2 mwa ansent
Stéphanie rete an silans pou kèk seconde l'ap réfléchi
Stéphanie:::::::::::::::: 2 mwa , ou mal konfime
Doktè:::::::::::::::: Rezilta yo klè , vle mwen eksplike w plis?
Stéphanie:::::::::::::: Non ! Non , mwen konprann
Doktè ::::::::::::::: bienvenue nan monde Manman 🥰
Stéphanie :::::::::::::::::mwen bezwen pale avè w ankò
Doktè:::::::::::::: (sezi) kisa ki pase?
Stéphanie ::::::::::::: Mwen gen yon pwoblèm , mwen bezwen èd ou
Doktè:::::::::::::::: Ki kalite èd
Stéphanie:::::::::::::: (nève )Mwen pa ka kite moun mwen an konnen verite a konsa , mwen bezwen pou di mwen gen mwens mwa
Doktè:::::::::::::::: Mwen pa konprann ! Poukisa ou ta vle chanje sa
Stéphanie ::::::::::::::::: ( prèske kriye) Paske si li konnen sa , li pap janm aksepte timoun nan!
Tanpri doktè fè yon rapò ki di mwen gen 1 mwa edmi , oswa mwens sou vle welcome mwen nan monde Manman
Doktè ::::::::::::::: (serye) Stéphanie , sa w mande a grav anpil! Dokiman medikal pa dwe fo
Stéphanie:::::::::::::: (ap sipliye)Mwen pa gen lòt chwa , lavi mwen depann de sa yo , si mwen pèdi li, mwen pèdi tout bagay
Doktè:::::::::::::::::::: ou konprann sa ka pote konsekans
Stéphanie :::::::::::::::::: Mwen pare pou nenpòt konsekans , men pa pou m pèdi
Doktè a pran plim li ak dekourajman pandan l kontinye gade Stéphanie
Èske li pral ede Stéphanie ! oswa li pral refize?
À suivre!
24/04/2026
ITit :::::::::: seconde chance
Feyton par ‘: varye
Épisode :16
Paj Facebook : varye
Feyton sa “ ekri pas Varye “ attention ak moun kap pan l retiré non Varye ajouté non pa yo
Déjà bon lekti mes mours 🥰
Enzo ap mache jwenn Mathis kanpe pou kont li, bra l kwaze
Enzo ::::::::::::::::: Mathis , kisa w di Daniella ki fè l kouri konsa ?
Mathis pran yon ti souf “ pa menm gade Enzo dirèkteman
Mathis :::::::::::::: Mwen jis di laverite , mwen fè l konprann ke Kaïro pa renmen l
Enzo fè yon pa devan “ li pa ka kwè sa li tande pran manyen Mathis
Enzo :::::::::::::::(fache) Ou serye ? Ou dil sa vre?Ou pat sipoze antre nan zafè Kaïro konsa! Nou tankou frè😡😡😡 ou pa t dwe fè Yon bagay konsa
Mathis:::::::::::::::: Se pa dèyè do pèsonn , mwen fè sa paske mwen renmen Daniella
Enzo ::::::::::::::: apa patnèm fou ? Sa pa jistifye anyen ! Ou ka renmen yon moun san w pa kraze lòt moun pou sa , epuis ou konn kaïro renmen l
Mathis::::::::::::::::: Ou pa konprann , mwen pa ka pèdi l non , Si mwen pa fè anyen, se Kaïro kap genyen fanm sa
Enzo:::::::::::::::::: E konsa ou deside bay manti? Fè Daniella soufri? Sa pa lanmou sa ye, Mathis se ego ! Ego wap fè
Mathis::::::::::::::(bay ri trèt) Rele sa jan w vle , men objektif mwen klè , Mwen vle fè Daniella rayi Kaïro , pou se mwen ki genyen l finalman
Enzo rete bouche bée “ Li pa menm rekonèt zanmi li ankò.
Enzo :::::::::::::::: Mwen pat panse ou te kapab desann konsa ! Si Kaïro aprann sa, ou konnen sa ka kraze tout bagay ant nou.
Mathis::::::::::::::: (san regrè) Mwen pare pou sa
Enzo :::::::::::::::: Mathis ! Mathis ! Réfléchi bien
Mathis ::::::::::::: Li gen Stéphanie déjà , bon fanm l'an dwe nan m'enm
Enzo :::::::::::::: te Kwè ou gen Mennaj tou , franchement m pèdi w
Mathis :::::::::::::: wap gentan pèdi m , Li bonè toujours
Enzo santi yon gwo konfli ap vini ant zanmi l yo “ Daniella pral nan mitan dife a
Daniela chita sou kabann lan, do li koube l kenbe yon zòrye kole sou li tankou se sèl bagay ki ka kenbe l “ zye l rouj dlo ap koule san rete
Jessica chita bò kote l Christoo rete sou yon chèz anfas yo ap gade
Daniela :::::::::::::: M pa konprann😭😭😭 m pa konprann poukisa li ta fè sa avè m
Jessica :::::::::::::: Kisa ki pase ankò? Pale avè n klè Daniela
Daniela::::::::::::::: Mathis… Mathis dim , Kaïro pa serye , li di m li jis dèyè kouchem
Christoo ::::::::::::: kisa?! Non , sa pa gen sans menm
Jessica::::::::::::::::::::: Non Daniela ,
ou pa ka pran pawòl Mathis konsa non
Daniela:::::::::::::::: Men poukisa li ta bay manti sa ? Nou poko nmenm ansanm, men li te konn montre m enterè , li te konn fè m Kwè li diferan
Christoo :::::::::::::: ou te renmen l ?
Daniella :::::::::::::: mwen pa gen chans nan Lanmou , poukisa se yon moun ki pa bezwen.m , m toujours montré
Jessica ::::::::::::: mete fanm sou ou , m'enm s'il te gen plan pou la kouche w , montre l ou gen pouvoir pou fèl rete nan pwèl ou sèlman
Daniela :::::::::::::::::: s'il tap jwe jwèt sa depi nan kòmansman , sa vle di m te ap twonpe tèt mwen, m'enm manman l Ladanl
Christoo:::::::::::::::: nou tout wè kijan Kaïro konpòte l avè w ! Li pa janm manke respè avè w malgré Stéphanie kanpe rèd , se pa tout bagay pou Kouri konfime san prèv
Daniela :::::::::::::::::::::: petèt se te jis yon jwèt pou li, petèt li bon nan fè moun Kwè
Jessica ::::::::::::::: Ou pa wè sa Mathis ap fè a? Nou poko menm rive nan anyen serye, epi li vini ak pawòl sa pou kraze tout bagay!
Daniela fache yon ti jan “ li leve vwa l wo
Daniela::::::::::::: si se vre?! Si li jis vle itilize m?
Jessica::::::::::::::::: nou poko ansanm , digen anyen ki konfime ! Poukisa ou deja deside kwè pi move bagay la?
Daniela:::::::::::::::::: Paske , mwen te deja kòmanse mete santiman mwen ladan l
Li fè yon poz, dlo ap koule ankò l'ap tranbble
Daniela:::::::::::::::: Mwen te kòmanse kwè nan sa nou te ka vin ye , e si depi kounye a li pa serye ? mwen pa vle antre pi fon pou m fini plis blese
Christoo::::::::::::::::: Se egzakteman pou sa ou dwe pran tan w , pa kouri pran yon konklizyon sou pawòl yon moun ki ka gen lòt enterè
Jessica:::::::::::::::::: Mathis ka jis ap chèche fè w vire do bay Kaïro , sa rive souvan
Daniela:::::::::::::::::Mwen tande fason li te pale a , li te konvenkan pat sanble ap bay manti
Christoo::::::::::::::::::::::::::::: konvenkan pa vle di verite
Jessica ::::::::::::: jis pale ak Kaïro , tande bò pa l avan
Daniela::::::::::::::::::: M pa menm santi m gen fòs pou sa. sil konfime sa ap kraze m nèt
Jessica ::::::::::::::::::: Mathis , déjà anba m map dominé la , fòk m konn Kote l jwenn bagay sa
Christoo::::::::::::::: ou sipoze jwenn ak Mathis , paske m pa finn Kwè nan koze sa
Daniela:::::::::::::: Nou plus vle Yon moun blessé m , olye mwen pran distance
Jessica ::::::::::::: Nou la pou n protégé w , pa gen anyen m pap fè pou ou Dani , map jwenn tout vérité a
Nan salon lakay Kaïro a, Stéphanie chita sou sofa a “ Kaïro kanpe devan li, bra l kwaze, li ap gade l ak anpil kestyon nan je
Kaïro:::::::::::::::: (fronse sousi) Stéphanie, ou di m ou pa santi w byen depi kèk jou , men kounye a ou di m ou panse w ansent
Stéphanie :::::::::::::::::: (vwa fèb) Mwen pa fin sèten s'il vérité , mwen santi kò m chanje ! mwen toujou fatige, mwen gen tèt vire , e mwen an reta
Kaïro fè yon ti pa dèyè “ li pa parèt konvenki
Kaïro::::::::::::::::: kijan sa posib? Sa fè plis pase de mwa nou pa fè sexe
Stéphanie bese tèt li pa reponn touswit “ Sa fè Kaïro vin pi konfonn
Kaïro :::::::::::::::::::: (pi serye) map poze w kestyon klè , èske w gen yon lòt moun sou mwen ?
Stéphanie leve tèt li vit zye l deja plen dlo.
Stéphanie ::::::::::::::: Non! Kaïro pa di sa , mwen pa janm fè sa avèk lòt moun
Kaïro:::::::::::::::::: Alò eksplike m sa , paske sa pa mache
Stéphanie:::::::::::::::::: Mwen menm tou m pa konprann , se pou sa mwen vin jwenn ou , mwen pa byen ditou
Kaïro :::::::::::::::: nou pap rete ap fè kestyon konsa san repons (Li pran kle machin li sou tab la) map ba w lajan ! Ale lopital , fè tès yo, verifye egzakteman sa kap pase
Stéphanie:::::::::::::::: Ou pral avè m
Kaïro:::::::::::::::: bezwen konnen verite a avan , ale fè tès la ! Lè w gen rezilta a, vin pale avè m
( lonje lajan an bay li)
Stéphanie ::::::::::::::::::::::M te panse ou tap sipòte m plis pase sa
Kaïro pa reponn touswit “ vire do yon ti moman “ li ap goumen ak panse l
Kaïro::::::::::::::: “map sipòte w , men mwen bezwen konprann sa anvan
Stéphanie leve dousman, li kenbe vant li ankò eli pran sak li” Li gade Kaïro yon dènye fwa, zye l plen tristès ak kestyon “ li pa di anyen ankò sorti
Kaïro rete pou kont li nan salon an, li pase men sou figi l tèt li chaje ak dout
Kaïro::::::::::::::::: sanble m pa gen chans ? Kou m deside déposé Stéphanie pou l ta tombé ansent
Kote Peter l'ap pâle ak yon moun “ ki chita devant l” papa Enzo zanmi kaïro
Jhon::::::::::::: konsa ou mete w nan Cho Peter ?
Peter ::::::::::::::: mwen pa kwè map nan Cho baz
Jhon::::::::::::::: ou dim docteur d'il pap ka retiré timoun nan , ki solution wap jwenn
Peter :::::::::::::: l'ap retiré timoun nan , Koz fwaye m pap kraze pou bouzen😡
Se konsa servant Kay la parèt “ Li tande tout bagay sezi
Svt ::::::::::::::: woyyy ! Evre monsieur Peter ou gen fanm plenn pou ou ! Banm mal di madanm ou sa
Li pral sorti Peter kouri Kenbe l
À suivre!
18/04/2026
ITit :::::::::: seconde chance
Feyton par ‘: varye
Épisode :15
Paj Facebook : varye
Dedye par " Rosekerlange Philogéne
Feyton sa “ ekri pas Varye “ attention ak moun kap pan l retiré non Varye ajouté non pa yo
Déjà bon lekti mes mours 🥰
Après pâle kaïro Al Mélissa “ Kaïro pran telefòn li konpoze nimewo Mathis “ Telefòn nan sonnen de fwa, twa fwa ! finalman Mathis reponn
Mathis:::::::::::: Alo , Kaïro ?
Kaïro::::::::::::::: se mwen Mathis, mwen bezwen pale avè w pou yon bagay enpòtan
Mathis:::::::::: : Kisa k pase? Ou resi serye chien sal , Stéphanie ansent broh ?
Kaïro pran yon ti poz “ lap chèche mo li yo.
Kaïro::::::::::::::: Manman m sot pale avè m, li fè m konnen Daniela se yon bon chans pou mwen ,lidi se tout sa m ta dwe genyen , Daniela gen tèt sou zepòl li, li konn sa li vle, epi li ka pote estabilite nan lavi m
Mathis rete an silans pandan kèk segond
Mathis::::::::::::::: Mwen konprann , men ou menm, sa w santi ? Se sa ki pi enpòtan
Kaïro::::::::::::: Mwen pa kache w , Daniela se yon moun serye, li respekte m , mwen pa fin klè nan tèt mwen toujou
Mathis:::::::::::::: Kaïro, ou dwe sonje yon bagay “ Ou toujou di se Stéphanie ou renmen” Chak fwa nou pale, se non li ki sorti , ou pa ka jis chanje konsa paske yon moun di w sa
Kaïro:::::::::::::::: Mwen konnen , pafwa mwen santi presyon an , manman m ap repete m Daniela se pi bon chwa
Mathis::::::::::::: Ou pa ka viv lavi w pou fè lòt moun plezi ; Si kè w toujou sou Stéphanie, ou dwe onèt ak tèt ou ! Sinon, ou ka fè Daniela soufri, e ou menm tou
Kaïro:::::::::::::: Ou gen rezon , mwen pa vle fè erè , m santi m nan mitan de chimen
Mathis::::::::::: : Lè w renmen yon moun, sa pa fasil pou efase ! Ou te toujou klè sou Stéphanie. Mwen jis ap raple w sa ou menm ou te toujou di nous
Kaïro::::::::::::: : Mèsi frèm , fè m wè bagay yo pi klè , yon sèl bagay mwen ka di w “ mwen pap prese pran desizyon “ pral kontinye swiv sitiyasyon an, gade kijan bagay yo ap evolye
Mathis::::::::::::: Sa bon ! Pran tan w , pa bliye koute kè w
Kaïro::::::::::::::: Wi , m ap swiv toujou , vle wè ki kote sa pral mennen m
Yo rete an silans yon ti moman
Mathis::::::::::::: kèlkeswa sa la Vini an , Nou la pou ou.
Kaïro:::::::::::::: Mwen konnen anpil Mathis
Apèl la fini, Kaïro rete ak telefòn nan nan men l “ zye l fikse nan vid la, pandan li konnen istwa a poko fini
Mathis :::::::::::: m dwe dekouraje kaïro sou chwa sa, se mwen ki gentan vle pou Daniella fanm Kay mwen , se plezi mwen dèyè pran ak Jessica , m trouvé Daniela pi bon passe yo
Diskisyon ant Peter ak Mélissa “ Peter chita sou chèz la * Mélissa bantre, li wè figi li serye.
Mélissa:::::::::::: Ou sanble gen yon bagay sou kè w
Peter:::::::::::: : Mélissa , mwen vle pale avè w
Mélissa fè yon ti mouvman sipriz
Mélissa:::::::::: Kisa svp
Peter: ::::::::::::: Mwen panse Daniela pa ta dwe kontinye vini lakay nou
Mélissa::::::::::::: Poukisa ?
Peter:::::::::::::: Ou konnen pitit nou Kaïro , li gen mennaj deja , pa vle li konfonn anyen , si Daniela kontinye vini, li ka kreye yon sitiyasyon mwen pa vle Kaïro tonbe damou pou li.
Mélissa gade Peter byen, tankou li ap eseye konprann tout sal vle di yo
Mélissa::::::::::::::: Se sa sèlman ?
Peter::::::::::::: oui , mwen jis panse nou dwe pwoteje pitit nou an
Mélissa leve kanpe dousmas frape men l.sou tab la
Mélissa::::::::::::::: Peter, mwen pa fin kwè rezon sa a , anble wap kache yon bagay
Peter::::::::::::::::::: Non, mwen jis mwen enkyete pou Kaïro
Mélissa::::::::::::::::: sa pa ba ou dwa pou di Daniela pa sipoze vini isit la ! Isit la pa pou ou sèlman 😡😡se lakay mwen tou.
Peter vin mal alèz lap eseye jwenn parole
Peter::::::::::::::: Mwen pa di map deside poukont mwen , mwen jis pwopoze
Mélissa::::::::::::::::: Non, ou pa pwopoze , ou vinn ak yon desizyon w deja “li pa dwe vini” Sa vle di ou deja pran pozisyon.
Peter:::::::::::::::: : Mwen jis panse li ka pi bon konsa
Mélissa::::::::::::: : Ou pale vag Peter , ou pa klè ! Ou di se pou pitit nou an, men mwen santi gen lòt bagay dèyè sa
Peter:::::::::::: Mwen pa vle pwoblèm Mélissa
Mélissa:::::::::::::: Men fason wap fè a ap gen plis dega , lèw pa klè, sa kreye konfli , si Daniela vini, mwen pa wè pwoblèm nan nou tout la
Peter::::::::::::::: Mwen pa twò alèz ak sa
Mélissa:::::::::::::::: Ou wè? Ou toujou ap vire otou ! Ou pa bay rezon ki solid , Epi ou vle mwen dakò avè w ?
Peter::::::::::::::::: Mwen jis vle evite sitiyasyon konplike pou Kaïro
Mélissa::::::::::::::::: Si w gen pwoblèm pou Kaïro, nou pale ak li dirèk , ou pa ka entèdi yon moun vini lakay nou konsa , pa gen dwa sa pou kont ou.
Silans tonbe “”” Peter pa konnen ki jan pou li kontinye.
Mélissa::::::::Mwen di w ankò, isit la pa pou ou sèlman , se desizyon nou toude ! E si ou kontinye pale konsa, ou pral kreye plis dezòd.
Peter rete san mo, pandan Mélissa vire do ale
Twa medam yo te chita ansanm pou pâle
Daniela ::::::::::::::Jessica, Christoo , nou pa konn sa ki rive m ! Manman Kaïro ap montre m anpil afeksyon chak fwa mwen al lakay yo, li pale avè m dousman, li di m li apresye fason mwen konpòte m.
Jessica leve sousi ak Yon ti souri:
Jess ::::::::::::: se yon bon siy Daniela , lè manman yon gason renmen w konsa, se pa ti bagay , ou dwe pwofite pou w vinn pi pre Kaïro
Christoo ::::::::::::::: Wi, ou pa dwe pran distans , ou wè pòt la ouvè antre ladan l , ou ka pale plis ak li, pase plis tan ansanm
Daniela :::::::::::::::: Mwen konprann sa nou di a… men nou bliye Kaïro gen mennaj li, M pa vle pwoblèm , Mwen pa vle pou Stéphanie vinn joure m oswa fè diskisyon avè m
Jessica lonje men li sou zepòl Daniela Pou l kontinye pâle avèl
Jessica ::::::::::::::Gade, nou pa di w al fè konfli , pafwa, lavi mande kouraj , pa ka pè davans jis rete natirèl, montre kiyès ou ye
Christoo :::::::::::::::: Pa gen batay san nanm , si e pa eseye, ou pap janm konnen sa ki ka rive ! Rete respekte, men pa kache santiman w non
Daniela rete an silans kèk segond, li gade yo toude
Daniela:::::::::::::::: map reflechi sou sa , pa vle fè erè , men nou gen rezon tou ! Petèt mwen dwe jis rete tèt mwen epi kite bagay yo mache
Nan demen lekòl la Mathis frappé àk Daniella
Mathis ::::::::::::::::: bonjour Dani ! Mwen Kwè ou pap dérangé pou sa m pral di a yo
Daniela::::::::::::::::: bonjour Mathis ( souri ) ou libre pou w pâle
Mathis ::::::::::::: ou se Yon belle fi , tout gason tap renmen genyen w ( mete m'en nan pòch li ) kaïro se zanmi m , donc ! Gen bagay map toujours konnen , manman ap montre li apresye w , juste pou pitit li kouche w , surtout Li gon seul pitit , tout sa pitit la vle Li asepte ( posé) se konsa li fèl Pou tout zanmi kaïro , m trouvé w diferan se Youn nan rezon ki fèm diw sa
Hmmmmm ! Tout répondre Daniela tankou kout kouto nan l'estomac Li “ San poze kesyon li kouri ak tout dlo nan zye “ Mathis souri se première victoire pou l jwenn plus chans pou l retiré Daniela sou kaïro
A suivre!
15/04/2026
ITit :::::::::: seconde chance
Feyton par ‘: varye
Épisode :14
Paj Facebook : varye
Feyton sa “ ekri pas Varye “ attention ak moun kap pan l retiré non Varye ajouté non pa yo
Déjà bon lekti mes mours 🥰
Stéphanie antre dousman, li kenbe sak li nan men l “ Li gade tout kote tankou yon moun ki pa finn alèz.
Peter ::::::::::::::: Bonsoir , ou vini ?
Stéphanie ::::::::: Bonsoir , wi, mwen te pase wè Kaïro
Peter ::::::::::: pourtant ! Ou pat averti m sa
Stéphanie ::::::::::: Kounya , pou m vin la , fòk ou konnen ?
Peter :::::::::: sonje “ epa pou pitit mwen sèlman
Stéphanie ::::::::::::: bon Peter , se pa moment pou sa yo
Peter fè yon ti soupi “ li pa di anyen ankò eve, li pran yon vè dlo, li pase devan Stéphanie san menm gade l “ Stéphanie santi Yon batay li fè tankou li pa remake.
Nan moman sa a, pòt la louvri Daniela antre ak yon gwo souri
Daniela :::::::::::::: Bonsoir tout moun! Ah, Stéphanie! Ou la tou?
Stéphanie souri je l montre yon ti jalouzi
Stéphanie ::::::::::::: Wi , kisa w pèdi la ?
Daniela :::::::::::: mwen akonpanye madame Mélissa , pou Yon kominikasyon ki pap dire pou lontan
Stéphanie :::::::::::::::::::: m'en ! Ou pa timoun ki renmen mâche , fòk ou envite paske m gen Mennaj mwen la
Mélissa imedyatman chanje atitid li
Mélissa :::::::::::::Daniela, gen fanmi l la , ou gen kaïro la ok Stéphanie
Stéphanie :::::::::::: désolé ! Nwen par d'il pou m te dérangé okenn moun
Stéphanie wè diferans lan “ li Kontinye swiv tout bagay
Daniela :::::::::::::::::::Ki jan w ye, madanm Mélissa?
Mélissa:::::::::::::::: Mwen byen depi ou vini , ou toujou pote bon enèji
Stéphanie sere bouch eseye pale
Stéphanie:::::::::::::::: Mwen te pote kèk gato tou…
Mélissa ::::::::::::::::::::: (koupe l) Daniela, ou sonje sa mwen tap di w lan ? Ou se yon jèn fi ki gen anpil klas
Stéphanie pa ka kenbe l ankò
Stéphanie ::::::::::::::::: (ak ti iritasyon) Wi , gen moun ki gen plis chans pase lòt
Daniela gade li, li remake tansyon an.
Daniela:::::::::::: Stéphanie, tout bagay anfòm?
Stéphanie:::::::::::::::::: Wi , mwen jis remake gen moun yo prefere plis
Mélissa vire sou li, serye
Mélissa ::::::::::::::::(fèm) Stéphanie, mwen pa renmen fason w ap pale la 😡😡😡 Pa mete move enèji nan kay mwen, al jwenn Mennaj ou , se de moun kap pâle la
Stéphanie :::::::::::::::: Mwen pa mete anyen , mwen jis ap di sa mwen santi
Mélissa::::::::::::: (pi sevè ) ou pa pral kraze relasyon ki gen respè ant mwen ak Daniela , siw pa gen bon bagay pou di, pi bon ou rete trankil
Silans tonbe” Daniela santi sitiyasyon an vin lou , Li tris pou Stéphanie
Daniela ::::::::::::::::: pa bezwen pou diskisyon , ou konnen mwen pap janm gen foli pran Mennaj ou
Stéphanie::::::::::::: (blese) Mwen konprann , mwen pa envite isit la menm jan ! M'en map toujours vinn la sou tête bien kaïro à
Mélissa ::::::::::::::: ou libre pou w vin la , m'en w pa libre pou w fèm konnen ak kiyès pou m pale
Steph :::::::::::::: talè wap Vann li , Bay Daniela ki malere
Melissa :::::::::::::: Mwen pa chwazi bòw réponse , Gade abîmant w gade Daniela , epuis le konsyans ou bòw vérité
Stéphanie :::::::::::: okey Madame Mélissa (ri ) ebyen nap gen Pou n swiv film ou vle monte à
Stéphanie déplase tou fâché “ Mélissa rete chita ak Daniela
Jessica and christoo
Jessica::::::::::::: mwen Kase ak Juliana
Christoo:::::::::::::: touye m , kote w jwenn li pitit
Jessica::::::::::::::: Juliana t ap pale anpil sou Mathis , li passe Mathis lòd pou l swiv li , étonné wèl pa obéi
Christoo::::::::::::::::: kòman pa obéi à ? Kisa ki passe?
Jessica pran esplike tout sak passe yo
Christoo::::::::::::::::: (souri dousman) Sa bon tande sa , mwen kontan ou di sa klè
Jessica::::::::::::::: paske Juliana konn ouvri twòp sou moun ,byenke m pa bezwen rès li , fòk mwen te montrée l kiyès mwen ye
Christoo::::::::::::::: ou fè byen ,gen moun ki pale twòp san yo pa konnen, mwen kontan ou mete l nan Plas li
Jessica:::::::::::::::: Mwen jis vle tout Medam yo konprann , Yon seconde tròp pou mesye yo tombe d'amour nous
Christoo::::::::::::::: (ri) Sa fè m kontan, Daniela se dlo li tap mete nan je l
Jessica :::::::::::: Daniela ap jwe ak Stéphanie , mwen Kap Kase zèl tout
Christoo :::::::::: map edew tou , lè a ki Poko rive pou mwen
Stéphanie chita sou sofa a Peter parèt sou li
Peter :::::::::::: Stéphanie , ou pa gen dwa pale ak madanm mwen konsa 😡😡
Stéphanie :::::::::: Kisa m ye pou ou ? Ou wèl te gen dwa Pou l vinn ak Daniela
Peter ::::::::::::: Li granmoun Stéphanie , ou pral fèl pran w pou move moun
Stéphanie :::::::::::::: se bagay ki gade l , epa Pou diskisyon mwen relé w
Peter :::::::::::: poukisa m'enm ?
Stéphanie:::::::::::: Peter, mwen bezwen pale avè w seryezman ! Sa pa ka kontinye konsa ankò
Peter::::::::::::: Kisa k pase ankò? Ou sanble fache
Stéphanie:::::::::::::: (koupe l) Se Mélissa ,Mwen pa vle Daniela kontinye ap vini lakay li,dwe pale ak madanm ou, dwe mete limit
Peter::::::::::::::: Hmm ; sa pa twò fasil Stéphanie Se lakay mwen tou, epi Mélissa ka pa pran sa byen.
Stéphanie::::::::::::::::: M pa enterese si li pran l byen oswa mal 😡😡Ou dwe fè sa Daniela ap mete dezòd nan bagay yo , pa renmen sa ditou s'il pran kaïro
Peter::::::::::::::: Bon , d’accord, m ap eseye pale avè l
Stéphanie:::::::::::::: (leve vwa li) Non, Peter! Se pa “eseye”. Ou dwe fè li klè ! Mwen pa vle tande Daniela ankò lakay Mélissa.
Peter::::::::::::Ou ap mete m nan yon sitiyasyon difisil
Stéphanie:::::::::::: (pwoche bò kote li) Difisil? E mwen menm? Ou panse mwen alèz ak sa? Si w pa fèl , mwen pap rete ap tann , map mete w nan cho , serye oui
Peter :::::::::::::::: wap menase m ?
Stéphanie:::::::::::::: Se pa menas , se desizyon konnen mwen pa jwe ak bagay konsa ! Ou gen pou chwazi kijan ou vle jere sa
Peter pran yon ti souf, li pase men nan tèt li
Peter:::::::::::::: dakò , konprann pral pale ak Mélissa , map fè l konnen Daniela pa dwe vini ankò
Stéphanie:::::::Mwen bezwen plis pase sa , bezwen ou fè m konnen ou pral jere sa vrèman.
Peter::::::::::::: Wi, map jere sa , pap kite sa vire pwoblèm ankò ka konte sou mwen.
Stéphanie::::::::::::: (fè yon ti soupi, toujou sere) M espere w kenbe pawòl ou ! Paske mwen pa gen pasyans ankò
Peter::::::::::::: Pa enkyete w ,mwen pral okipe sa , Tout bagay ap rete anba kontwòl
Stéphanie rete gade l yon ti moman, epi li fè yon ti siy ak tèt li tankou l ap aksepte
Nan chanm kaïro ‘ Mélissa chita Kote l
Mélissa ::::::::::: Èske w renmen m ?
Kaïro::::::::::: gen kestyon , ki pa gen Plas li manmi
Melissa :::::::::::( Gade l bien ) si Yon jour m ta mourir ,ou konn ki kado pou banm
Kaïro::::::::::::: kòman mourir à ? Mwen Poko konprann
Mélissa :::::::::::: m gen yon jour pou m mourir , map kite w , m'enm vle w promet mwen yon bagay
Kaïro::::::::::::( souke tête Li ) map tande w
Mélissa ::::::::::::: si m mourir , pou m ka Santi m fyè , ke w reyisit nan lavi w , wap bezwen Yon grenn fanm tankou Daniela
Kaïro:::::::::::::: mwen pa finn konpran anyen la
Mélissa ::::::::::::: banm pâle pi bien “ goumen pou w genyen Daniela “ se Yon fanm konsa ou mérité ,Stéphanie pa stil fanm pou goumen ak lavi
Melissa deplase “ parola yo Kontinye ap fè bri nan zòrèy kaïro
À suivre!
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.