Actu-Critique
Cette page est conçue pour la publication des contenus ayant rapport à la société, la culture, l'art et la musique.
10/07/2026
1- photo de profil, 2- photo de couverture de la page de Facebook administrée par Stevenson SYLLABE (Style Supérieur): Actu-Critique!
Merci à notre graphiste: Woodchin ABBELARD (Bel Art)!
Actu-Critique: pour plus de Critiques Actualisées et plus d'Actualités Critiquées!
26/06/2026
Pub!
🔥 *GTA* lanse yon *PACKAGE FÒMASYON KONPLÈ AN SHEETROCK* pou tout moun ki vle aprann yon metye serye epi devlope plizyè konpetans an menm tan.
💡 Se pa sèlman Sheetrock w ap aprann!
Nan menm package la, w ap aprann tou:
🏗️ Estrikti metalik
🛠️ Poz Sheetrock
🪑 Fabrikasyon mèb
💡 Enstalasyon limyè dekoratif
⚡ Elektrisite batiman
🎥 Enstalasyon kamera siveyans (Télésurveillance)
🏠 Lambris, panno PVC ak malmol
🧱 Nivo mastik
📝 Preparasyon ak soumèt devis
🎓 Nan fen fòmasyon an, w ap resevwa yon sètifika ki valide konesans ou.
📅 Dire : 4 mwa (3 Dawout rive 4 Desanm)
💰 Frè yo : 📝 Enskripsyon : 1 500 GDES 💵 Frè antre : 15 000 GDES 📆 Frè mansyèl : 5 000 GDES
📍 #32 Rue L'Hôpital, Léogâne (Bò kote Legliz Ste Rose)
📞 Enfòmasyon ak enskripsyon : 📲 +509 3383-4848 📲 +509 3822-3215
⚠️ Pa limite tèt ou ak yon sèl metye. Avèk package sa a, w ap aprann plizyè domèn k ap ede w jwenn travay oswa menm kreye pwòp biznis pa w.
🔥 Envesti nan tèt ou jodi a, paske pi bon eritaj ou ka bay tèt ou se yon metye!
13/06/2026
Mwen an bon 10 nan mond medyatik la. Mwen se animatè ki pi fanni nan domèn radyofoni. Mwen gen Fon mwen gen Fòm, mwen gen Kontnan mwen gen Kontni, mwen gen Stil mwen gen Mannyè.Tout moun ki tande m ban m 10 sou 10. Si w poko tande m mwen pa responsab. Paske m ba w lè ak kote w ap jwenn mwen👇
10 zè midi, lendi pou rive vandredi
Music et Feeling
Radio Télé Métronome
97.5 fm Stéréo
https://link.boutilye.com/radiometronome
Www.metronomehaiti.com
Stevenson Syllabe dit Style Supérieur
celui qui a la supériorité des styles
"Grafis": Falonne Samedy (madanm mwen)
ACTU-CRITIQUE
13/06/2026
Mwen menm ki twouve m nan estad nan peyi Etazini pou yon "mikwo totwa" (sondaj) sou fason dyaspora ayisyèn nan pare l pou sipòte selesyon nasyonal ayisyèn nan, nan koupdimond 2026 la.
Stevenson SYLLABE dit Style Supérieur
Actu-Critique
08/06/2026
ANIVÈSÈ: Actu-Critique ap swete yon gwo bout tonton anivèsè ak Nathanael Jean Marie, ki te vin sou tè a yon 8 jen tankou jodi a. Li se edikatè, teknisyen, lojistisyen.
Byen rekòlte lavi, vye frè!
Stevenson Syllabe dit Style Supérieur
celui qui a la supériorité des styles
ACTU-CRITIQUE
07/06/2026
RADIO-TÉLÉ MÉTRONOME, MUSIQUE ET FEELING, STYLE SUPÉRIEUR, ALTHEA COMPLEXE: selebrasyon, atraksyon, feed-back, kowezyon sosyal.
Yon bilan sou fason Style Supérieur te selebre yon lane li genyen depi l ap anime emisyon sou Radio Télé Métronome.
Rapèl: dat ki te fè Style Supérieur yon lane a, se te 26 me 2026, piske li te kòmanse fè emisyon an 26 me 2025.
Tout semèn ki te gen 26 me ladann lan se te globalman yon semèn festivite ak anbyans sou radyo a ak anndan radyo a, nan lè emisyon an.
Depi nan lendi 25 me liy telefònik yo te louvri pou te pèmèt oditè yo rele pou te pote kritik yo sou jan animatè a, Style Supérieur, ap mennen bak emisyon an depi yon lane, epi pou te reponn kèk ti kesyon ki gen rapò ak emisyon an pou yo te ka jwenn minit sou telefòn yo.
Rapò jounen an: 2 oditè te rele pou te bay nòt positiv pou emisyon an ak animatè a, yon latriye oditè te rele pou te reponn kesyon pou kat telefonik, pami yo 6 te rive reponn kesyon, sa ki te bay yo chak la aksè ak 500 goud minit telefonik te mete pou yo menm moman an.
Nan madi ki te 26 me a menm (jou anivèsè a) se te gwo bout tonton koze. N ap sinyale, depi nan lendi Style Supérieur te annonse yon sipriz pou jou madi 26 me a, epi yon konkou spòt ki t ap bay ganyan an posibilite genyen yon telefòn, sponnsò emisyon an, , t ap ofri kòm prim. 10 zè 30 nan maten, Style Supérieur te devwale sipriz la: 2 galon gazolin pou premye chofè moto ki branche radyo a ki rive nan lokal radyo a avan, yon (1) galon gazolin pou 2 zyèm chofè ki rive nan lokal radyo a. Gaz sa a Style Supérieur achte l ak lajan pa li.
Rapò jounen an: san pèdi tan, premye chofè moto a (Raymond Ladouceur) debake nan radyo a epi li pati ak 2 galon gazolin li byen rèd nan men l. Pandan l ap desann macheskalye radyo a ak gaz li byen di anba men l, 2 zyèm chofè a ap moute li menm. Lè Style Supérieur fin resevwa 2 zyèm chofè a epi li pral ba li galon gaz pa l la, 3 lòt chofè moto anvayi Style Supérieur. Lè Style Supérieur di yo li pa gen gaz ankò, se 3 galon sèlman li te mete disponib, 3 chofè yo di 2 zyèm chofè ki te rive a l ap oblije bay yo chak la yon bousta/yon bido nan galon pa li a. Nou pa konnen si li te bay yo li, men yo tout te deplase ansanm. Style Supérieur li menm li t al resevwa oditè ki te vle rele pou te di spòt pa yo a pou telefòn nan. Plizyè oditè te rele, akoz zòn yo a sinyal telefonik la pat pase byen, se 2 sèlman ki te rive di spòt pa yo a. Men, okenn nan yo 2 a pat ni konpetan ni pèfòman pou yo te genyen telefòn nan. Kidonk, telefòn nan pat livre nan kontèks sa a.
Men erezman se te nan menm semèn sa a ki t ap genyen fèt manman an, nan sans sa a ak te rive jwenn yon antant pou te jwe ak manman yo pou youn nan yo te ka jwenn telefòn nan. Konsa, vandredi 29 me a yon pakèt manman te rele nan emisyon an epi te reponn ak divès kesyon. Men, se Mathieu Modeline kite rive reponn ak yon seri 5 kesyon, jan sa te prevwa, epi ki te otomatikman genyen telefòn nan.
An rezime, pou semèn selebrasyon yon lane depi Style Supérieur ap anime emisyon , anndan emisyon sila a nou bay: 3000 goud minit telefonik, 3 galon gazolin, yon (1) telefòn androïde, epi nan yon ti kras tan aprè annons gaz la te fin fèt 5 chofè moto te dekabe nan radyo Métronome, antre nan estidyo l, pale nan mikwo epi konplimante animatè a. Si Style Supérieur pat prese limen mikwo li pou li te di: , plis chofè t ap anvayi radyo a.
Antouka: sa se twokèt la, chaj la dèyè!
Remèsiman ak Radio Télé Métronome, Althea Complexe, direktè Ancion Pierre-Paul, grafis Woodchin ABBELARD, operatè Covin Philogène!
Stevenson SYLLABE dit Style Supérieur
celui qui a la supériorité des styles
ACTU-CRITIQUE
06-06-2026
06/06/2026
IA: Haïti et le Monde, la Nouvelle Technologie.
Carel PERDRE s'adresse actuellement, 12 h 20 min, samedi 6 juin 2026, à la ville de Jacmel, sur les enjeux et l'importance de l'IA, autour du thème: >.
Son intervention dans le cadre de la 5ème édition de , à Jacmel, sous l'initiative de BANJ, est faite à distance, par le moyen de la Nouvelle Technologie.
Remarque: à travers son exposé, Carel PERDRE met l'accent sur l'idée basée sur le fait qu'en Haïti il y a beaucoup plus de monde qui ont accès à l'internet qu'à l'électricité :, déclaration de Carel PERDRE.
Stevenson Syllabe dit Style Supérieur
celui qui a la supériorité des styles
ACTU-CRITIQUE
05/06/2026
Pour vous garantir d'une Animation Remplie de Styles et surtout Bo***ée de Supériorités!
Si vous vous retrouvez à l'échelle internationale, les canaux internationaux sont: https://link.boutilye.com/radiometronome
Www.metronomehaiti.com
Stevenson Syllabe dit Style Supérieur
celui qui a la supériorité des styles
Graphiste: Woodchin ABBELARD (Bel Art)
ACTU-CRITIQUE
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Site Web
Adresse
Jacmel
9110HT