Regroupement Kafou Bazen-RKB
Travay RKB santre sou lajistis sosyal, aksè a lajistis legal, sipò pou agrikilti, ak batay kont tout fòm koripsyon ak enpinite.
Program yo pa problèm,
Yo jis pa proyorite.
Nou ka fè pi bèl bagay gen moun ki gen kapasite nan mitan nou.
06/05/2026
Lè konkou rara ki t ap pèmèt Kèk moun ki konn jwe tanbou, soufle banbou fè yon ti monnen, nou rale rout jean rabel pòtpe a.
Chak semaine nou fè program ki pa p itil nou anyen. Lajan sa yo te kapab fè omwen ti moso rout pou soti nan bouk rive nan vensan.
Nou sèlman gen kapasite pou n kopye yon program chawa ki te fèt nan yon lòt zòn, jamè yon projè devlopman kominotè.
Nou menm jan ak Boplan, nou pa gen Gran vizyon.
Bann ipokrit.
15/04/2026
La polis proteje sak sèvi
13/04/2026
Ah
13/04/2026
Mesaj senatris la pou peyi a
Pou lajan m konnen wilmide depanse se p gen eleksyon li ka fè tansyon wi.
Nenpòt jenn gason jan rabèl gendwa E pouvwa pou kritike Boplan. Rezon an senp.
Konfyans yo te plase nan lidè a.
Opozisyon lidè a ak jovenel moise, ki se te pitit nòdwès.
Anpil moun estime Boplan te dwe mete tèt ansanm ak prezidan Jovenel pou pote bon jan projè pou Nòdwès.
Pozisyon sila a pral ranfòse lè senatè a te deklare sou radyo televizyon metropòl, prezidan pale ak li pou mande l kisa pou l bay pou kalme tansyon ki genyen ant pouvwa li a ak opozisyon an.
Senatè a montre nan entèvansyon l lan prezidan an te gen bon rapò ak li. Men senatè a te rete solidè ak lide opozisyon e opozan li t ap kolabore ak yo nan moman an.
Senatè a te rate posiblite poul pote revandiksayon nòdwès, se t ap yon demach dilatwa, paske prezidan jovenel te fè kanpay sou pil ak pakèt revandiksyon nòdwès yo, E nòdwès te vote l.
Jovenel moïse te ajenou, eske sa prouve jovenel te gen volonte pou fè devlopman nan nòdwès???
Jiskaprezan nou pa gen repons ak sa?
Gen yon tandans ki vle fè kwè prezidan an pat gen ase tan, sa a s on lòt manti ankò.
Ann retounen nan Boplan, y ap reproche jodi a ki pa fè rout nan nòdwès. Sa a se yon problèm grav, lèn konsidere wòl yon senatè se pa pou fè rout.
Wòl prensipal la se fè lwa, kounyea nan 18 lanne a eske senatè a gen yon lwa, oubyen propozisyon lwa nan aktif li.
Repons ak kesyon sa a se NON
Kounyea padan tout manda sa yo Kisa onorab la regle???
Menm jan ak anpil moun, mwen pa konnen.
Finalman nou panse, moun nòdwès toujou vote ak emosyon, rezon an se kalite esikasyon depatman an ki pa bon selon nou(ayiti enfliyanse nòdwès)
Anpil moun k ap lage chay la sèlman sou Boplan bliye onodieu louis, kedlair Augustin, jovenel moise,
Ak pil majistra nan komin nòdwès yo.
Majistra jan rabel la aktyèlman ap touche lajan leta a via moneygram, Pèsòn pa di anyen.
Nan konplisite ak yon evantyèl kandida pou senatè, koripsyon ap bwase jan rabèl. Kòman se ekip,zanmi Kèk moun ki konn denonse nèg lwil la , yo pap denonse sa.
Chak moun ap proteje ti klan pa yo.
Moman rive, pou n koupe fache ak klas politik tradisyonèl la.
NB: tout moun nou wè ki nan kanpay la yo pou vinn sanatè se élèv Boplan.
Al gade kiyès Boplan te mete kontab nan sena a.
Kiyès li te bay pòs pou jere koze espò nan nòdwès.
Nou pa p di plis
Li enpòtan pou m pote ti limyè sa a pou nou.
Yon senatè se yon reprezantan politik ki gen gwo responsablite nan gouvènman an, sitou nan sistèm kote gen yon palman ak de chanm (tankou nan anpil peyi, enkli Ayiti).
Men prensipal wòl yon senatè
1. Fè lwa
Senatè a patisipe nan ekri, diskite epi vote lwa pou peyi a. Li travay ansanm ak lòt palmantè yo pou pran desizyon ki gen enpak sou popilasyon an.
2. Kontwole gouvènman an
Li gen pouvwa pou kontwole aksyon gouvènman an (Premye Minis ak minis yo). Li ka poze kestyon, mande eksplikasyon, oswa menm lanse ankèt sou kestyon enpòtan.
3. Reprezante depatman li
Chak senatè soti nan yon depatman. Li la pou defann enterè moun ki nan zòn li reprezante a.
4. Vote bidjè peyi a
Senatè yo egzamine epi vote bidjè nasyonal la (jan lajan peyi a pral depanse).
5. Apwouve gwo desizyon leta
Pa egzanp:
Ratifye trete entènasyonal
Bay opinyon sou kèk gwo nominasyon (dapre sistèm peyi a)
Nan ka pa nou an
Senatè yo fè pati Sena a, ki ansanm ak Chanm Depite yo fòme Palman an. Yo gen yon gwo wòl nan estabilite politik ak kontwòl pouvwa egzekitif la.
depite se yon lòt kalite reprezantan pèp la nan Palman an, men li pa menm ak senatè a. Li travay pi pre ak popilasyon an nan komin li oswa sikonskripsyon li.
Men prensipal wòl yon depite
1. Fè lwa
Menm jan ak senatè yo, depite yo patisipe nan pwopoze, diskite ak vote lwa pou peyi a.
2. Reprezante pèp la
Depite a reprezante yon komin oswa yon sikonskripsyon. Sa vle di li dwe pote pwoblèm ak bezwen moun yo nan Palman an.
3. Kontwole gouvènman an
Depite yo ka:
Poze kestyon bay minis yo
Fè entèpelasyon
Mande kont sou fason gouvènman an ap jere peyi a
4. Vote bidjè nasyonal la
Yo egzamine epi vote sou fason leta pral itilize lajan peyi a.
5. Pwopoze pwojè pou devlopman lokal
Yon bon depite dwe defann pwojè pou komin li:
Wout
Lekòl
Lopital
Agrikilti
Sonje Nou te vote jera teramèn bèbè a, jhonson dieujuste (analfabèt fonksyonèl la)
Nan peyi nou
Depite yo fè pati Chanm Depite yo, ki ansanm ak Sena a fòme Palman an. Yo jwe yon wòl enpòtan paske yo pi pre sitwayen yo pase senatè yo.
Diferans rapid: Depite vs Senatè
Depite → reprezante komin oswa sikonskripsyon
Senatè → reprezante yon depatman antye
Depite → pi pre popilasyon an
Senatè → gen manda pi long (an jeneral)
An jeneral:
Se Leta santral la ki gen prensipal responsabilite pou fè ak repare wout.
Ministè Travo Piblik
Pi gwo responsab la se:
des Travaux Publics, Transports et Communications (MTPTC)
Se li ki:
Konstwi wout nasyonal ak depatmantal
Repare gwo wout
Sipèvize pwojè enfrastrikti
Mairi (otorite lokal)
Mairi komin nan gen yon pati responsabilite tou, men li limite:
Antretyen ti wout lokal yo
Netwayaj ak ti reparasyon
Pwopoze pwojè pou komin nan
Men souvan yo pa gen ase mwayen (lajan, ekipman).
Depite ak senatè
Yo pa konstwi wout dirèkteman
Men sa yo ka fè
Fè presyon sou gouvènman an
Defann pwojè pou zòn yo
Ede jwenn finansman
Pafwa:
ONG
Òganizasyon entènasyonal
Pwojè devlopman
yo ka patisipe nan fè oswa repare wout.
✅ Rezime senp:
Gwo wout → Leta (MTPTC)
Ti wout nan komin → Mairi
Depite/Senatè → fè presyon, pa konstwi dirèk
Spécialiste en gestion des collectivités territoriales.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Site Web
Adresse
Jean-Rabel
Heures d'ouverture
| Lundi | 08:45 - 16:45 |
| Mardi | 08:45 - 16:45 |
| Mercredi | 08:45 - 16:45 |
| Jeudi | 08:45 - 16:45 |
| Vendredi | 08:45 - 16:45 |
| Samedi | 08:45 - 16:45 |