DORCE Rood Kerlie

DORCE Rood Kerlie

Partager

RoodK Motivation

02/06/2022

Generalman li pa lòt ke maladrès e mepriz erè de kalkil e fo manèv temerite enkonsidere e diskalifyan fanm. Se vre fanm pa tout men tout repoze sou fanm. Regade otou de nou konsilte listwa atade nou sou latè antyè e dim kisa gason tap ye san fanm e kisa ki tap demand de priyè yo?

Nan tèks saa m pa vin ankouraje pyès fanm pou yo pa regle okenn aktivite ekonomik dayè se chak jou nap mande egalite ant fanm ak gason men objektif la mwen vle yon pati gason konnen an reyalite enpòtans fanm nan yon fwaye.
Mo atagaz se yon mo mwen souvan wè anpil gason itilize pou dezisye madanm yo genyen ki pap mennen okenn aktivite ekonomik menm prefere di pou yo deziye yon fanm ki deside evite fè mwens depans ke antre lajan nan fwaye yo. Deziye yon fanm konsa m panse se yon mank de refleksyon yon imatirite, yon papa ou mari ki konprann tout se lajan.
Map mande èske souvan gason sa yo panse gen yon gwoup moun kap fè yon travay ke yo rele bebisitè, fanm de menaj, gen moun ki travay pou lave sèlman genyen se fè manje sèlman imoral ou pa gen yon pakèt lòt tou ki ofri tèt yo kòm moun ki la pou satisfè dezi seksyèl. Lèw kite yon Fanm ki rele fanm nan kay li fè plus travay pafwa pase ou menm ki al travay lan paske li gen poul pwòpte kay lan, fè manje bay timoun yo, pwopte ti moun yo, penyen yo, mennen yo al lekòl, al chèche yo, ede yo fè devwa, fòk li lave repase pou tout moun nan kay lan epi lè mari an vini ankò fok li edel menm soti vès lan, ba li dlo poul lave men epi se fi a ankò ki pral sèvil manje lèl fini ankò fok li satisfè maril nan désir sexuel menm kel bon pou tou 2 men gen moun se sa yo fè pou vin ak lajan.
Map envite nou fè ti panche sou pwen sa yo avèm imajine nou gen moun kap travay 500 goud pa èd tan imajine yon manje pran yon èd tan poul fèt pandan 30 jou nan fè manje yon fwa pa jou li tap evalye a 15 mil goud plis rad yo pwòp, kay la pwòp, timoun yo byen trete nou pansel atagaz vrèman?

Map envite tout fanm ki pap mennen yon aktivite ekonomik kit ou marye ou pa supòte moun ki nan viw la edel nan divès mwayen ou kapab aprè travay òdinè yo e li tap pi enpòtan tou si nou ka travay de fason dirèk ou endirèk nan rantre kòb nan fwayea men konsa tou m vle tout gason konnen ke nou te rich kòm Elon Musk ke nou te pòv tankou Jòb (labib) pa gen pyès orizon ki tap sifi pou nou si fanm te ba nou do pa konprann ke fanm pa enpòtan em vle chak fi konn sa nou tout enpòtan Fèsa nou gen poun fè nan fwaye nou ou nan relasyon nou an.

Dorcé Kerlie✍♀️🌟🌠
Boukan kare, Plato Santral, Ayiti🇭🇹

29/03/2021
Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Mirebalais ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Type

Site Web

Adresse

Mirebalais