HubConnect

HubConnect

Partager

At HUBCONNECT ©, we bring collaboration to life, designing creative and effective solutions.

01/12/2025

HubConnect swete tout manm kominote a yon ekselan kòmansman mwa desanm.
Dènye mwa ane a rive, epi nou antre ladan l ak enèji, vizyon ak angajman.

Mwa desanm nan pral yon mwa trè espesyal pou HubConnect, paske nou gen anpil nouvote k ap vini sou platfòm nan, plis inisyativ ki pral make fen ane a nan yon fason ekstraòdinè.

Nan desanm sa a, n ap:

prezante nouvo fonksyonalite,

mete deyò nouvo eksperyans pou etidyan yo,

lanse pwojè ki pral make kòmansman ane 2025 la,

epi prepare lansman ofisyèl kèk gwo inovasyon.

Nou pral fini ane a nan yon bèl fason, avèk plis valè, plis konesans, plis opòtinite pou jèn yo.

Rete branche, plis bagay ap vini.
Se sèlman kòmansman an.

20/09/2025

Jodi a nou selebre memwa Anperè Jean-Jacques Dessalines, papa nasyon ayisyèn lan, nonm ki leve drapo libète a e ki mete Ayiti kòm premye Repiblik Nwa endepandan nan mond lan.

Dessalines te kwè nan fòs yon pèp ki ini, nan diyite, nan endepandans.
Se menm lespri sa k ap gide HubConnect jodi a : ini jèn yo, libere potansyèl yo atravè fòmasyon, epi bati yon avni kote konesans ak kreyativite ap pèmèt yo pran plas yo nan ekonomi mondyal la.

Misyon HubConnect, se kontinye pote flanbo vizyon sa : fòme, ini, e leve yon jenerasyon ki kapab chanje Ayiti ak mond lan.

Papa Nasyon an, w ap toujou enspire nou.

Vous voulez que votre entreprise soit Entreprise De Médias la plus cotée à Ouest ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse

Carrefour
Ouest