Reggae MAPOU

Reggae MAPOU

Partager

Yon sèn ki louvri pòt li pou atis k ap evolye nan tandans Reggae. Yon espas pou fè pwomosyon pou mouvman reggae, konsyans n ap klewonnen an.

14/12/2025

Se te yon bèl sware plen enèji ak lanmou.
Vayb la toujou bon.
Randevou Jedi pwochen 💚💛❤️🫵🏿✅
💚💛❤️

09/12/2025

Randevou kase jedi 11 desanm a 7è nan lakou pou yon vayb san parèy ak .

“VAYB LA BON” 💚💛❤️

Animasyon mizikal ap kòmanse depi 7è ak .

Vin pataje bon vibrasyon ak nou.

06/12/2025

Yon lide kijan sa te ye nan pou premye konsè nou pou desanm lan.
Mèsi a chak grenn moun ki te prezan.
Pa bliye n ap tann ou chak jedi swa pou yon vibrasyon san parèy.
💚💛❤️



💚💛❤️

Photos from Reggae MAPOU's post 04/12/2025

pase raple n randevou nou aswè an nan
Yon sèl lanmou, n ap tann ou.💚💛❤️

14/08/2025

Pwofite medite sou 12 Prensip Bwa Kayiman yo:

1. Tout moun se moun. Pa gen moun pase moun.

2. Tout moun gen plas yo anba syèl ble a.

3. Si gen pou youn gen pou de.

4. Chak moun gen fason pa li pou li lapriyè. Respekte fason chak moun lapriyè…

5. Sa nou pa konnen pi gran pase nou.

6. Nan pwen anyen nan lavi a ki pa gen regleman. Se regleman ki bay lavi a ekilib.

7. Pa defèt ekilib lavi a san rezon. Moun, ki mal deplase eleman yo, ap rale malè sou tout moun.

8. Tank n ap aprann, se tank n ap konnen kòman pou nou respekte ekilib lavi a.

9. Pa janm manje manje bliye.

10. Toujou sonje: fè koupe fè; dèyè mòn gen mòn; pa fè san inosan koule; pa lage chay nan men manfouben.

11. Veye! Lènmi Bwa Kayiman ap vin sou tout kalite non, ak tout kalite rechany pou yo tire revany.

12. Malè yon eritye ki bliye esklav fè Bwa Kayiman pou moun k ap sèvi Bondye pa lote moun nan mitan bèt.

Pierre Michel Chery
recherche historique Bwa Kayiman

Vous voulez que votre entreprise soit Arts & Divertissement la plus cotée à Pétionville ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse

Pétionville
509