papa loko

papa loko

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de papa loko, Personnage public, 48, imp bonne soldat petit goave, Petit Goâve.

18/08/2025

KONBIT TRAVAYÈ PEYIZAN POU LIBERE AYITI
(KONTRAPÈPLA)

Nòt pou Laprès

Konbit Travayè Peyizan pou Libere Ayiti
( KONTRAPÈPLA) ap salye yon lòt fwa ankò kouraj pèp ayisyen an ki kontinye reziste anfas konplo transnasyonal ki vize aneyanti fizikman yon bon pati nan popilasyon an epi fini ak nasyon an. KONTRAPÈPLA ap denonse tout Konze lokal degrenngòch ki mete ansanm pou kaptire rès kadav leta a pou mete l osèvis plan makab sila a.

KONTRAPÈPLA pwofite lanse yon pinga pou bloke pwojè livrezon peyi a bay yon gwoup mèsenè meriken sou pretèks swadizan yap vin konbat gang. Dènye kou sa a montre aklè, pou moun ki te mal pou wè yo, ki kote ensekirite pwograme sa a te bezwen rive. Tout zak vyolans sanginè sa yo, tout operasyon chen manje chen sa yo, te vize yon sèl objektik: pouse popilasyon an about pouka foure nan gòj li nenpòt ki fo solisyon kit yo likide ekzistans leta ayisyen an, fè l tounen yon koloni prive sou kouvèti antrepriz mèsenè. Se menm jan esklavaj kolonyal la te koumanse ak yon seri konpayi prive ki te fè dappiyank sou yon seri teritwa sou lobedyans leta lakay yo.

KONTRAPÈPLA di fwa sa a nou pa dwe kite kou a pase. Se moman pou tout patriyòt leve vwa yo byen fò pou bare angajman chanpwèl KPT kowonpi a ak gouvènman kwoupyon an pare pou siyen dèyè do pèp la pou likide eritaj
zansèt yo.

KONTRAPÈPLA ap repete ankò, sèl yon plan global pou yon lapè dirab ka eskive pretèks ensekirite pwograme a pou anpeche zòt fê dappiyank sou ekzistans nou kòm pèp. Sèl yon gouvènman sovtaj nasyonal ki fòme ak patriyòt ki kwè nan misyon istorik pèp nasyon ayisyen an ka reyalize pwojè sa a. Li ta, men li pa twò ta pou nou rekonekte nan enèji liberasyon zansèt yo pou Ayiti etone mond lan yon lòt fwa ankò.
Nou te fè l deja. Nou ka refè l ankò.

POU YON PÈP LIB NAN YON PEYI GRANMOUN!

Pòtoprens 18 Dawou 2025

Jean William Jeanty
Kòdonatè jeneral (KONTRAPÈPLA)

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Petit Goâve ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

équipe culinaire

Tenue

Téléphone

Site Web

Adresse

48, Imp Bonne Soldat Petit Goave
Petit Goave
HT6220