OSK

OSK

Partager

un mouvement politique pour la défense des de justice sociale et influencer les politiques.

Photos from OSK's post 20/08/2025

*MESAJ VERITE AK DOULÈ*

Nou pa ka fèmen je sou dram sa:
*Ministè Edikasyon Nasyonal pral bay rezilta egzamen yo... men Wanderson ZAMY pap la.*

Wi, li pap la pou li wè travay li a bay fwi.
Li pap la pou tande non li nan lis reyisi yo.
Li pap la paske *se pwòp ajan sekirite ministè a* ki tire sou li, ki *etenn rèv li*, ki *touye espwa li*, jis paske li te tap pase devan biwo Ministè a, kote jèn pwofesè estajyè, t ap mande *nominasyon ak 2 chè oswa tan plen* jan sa te defini nan kontra yo te siyen an.

Se pa aksidan. Se pa erè.
Se *krim leta*, se *represyon kont revandikasyon*, se move chwa otorite ki pito tire sou jèn olye yo respekte dwa travay yo.

Nou pa ka aji kòm si anyen pa fèt.
Wanderson se pa yon zwazo.
Wanderson pa mouri pou granmèsi.
Nou pap kite l tounen yon lòt chif nan statistik tankou Gregory Saint-Hilaire ak lòt ankò.
Li se senbòl batay nou pou respè, pou lavi, pou jistis, pou diyite.

15/08/2023

Jounen 14 dawout la se yon dat mémorable nan listwa peyi nou kote ke Zanzèt nou te met tèt yo ansanm pou yo te esperimante pi gwo maji sa ki rele inite a. Inite se pi gwo maji fòs ki te ka egziste ak inite pa gen anyen ki enposib. Nou ka mete peyi sa kanpe ankò ak menm fòs. Ann enplike nou plis pou chanjman an ki pral rive sou nou talè konsa.

04/08/2023
Vous voulez que votre organisation soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse

Croix-des-Bouquets
Port-au-Prince