Koscom

Koscom

Partager

Koscom est une agence de communication chargée de gérer la communication interne et externe des institutions.

27/05/2025

Kolon fransè yo te konn mete matyè fekal nan kwiy pou bay esklav yo manje.

Nan epòk kolonyal la, esklav pa t gen okenn dwa kòm moun, yo te trete tankou objè. Daprè Kòd Nwa Colbert te pibliye an 1685, espesyalman nan atik 44, esklav yo te konsidere kòm "byen mèb", sa vle di menm jan ak mèb oswa bèt, mèt yo te gen tout pouvwa sou yo.

Kolon fransè ki te viv nan koloni Sendomeng, tankou Bichot, Sausse, Souverbie ak Dubuisson te san pitye pou nwa yo . Yo te konn bat esklav yo jiskaske yo mouri, boule yo ak lwil cho, epi fè yo manje manje ki melanje ak matyè fekal.

Zak sa yo te tèlman vyolan e imilyan, yo te kite mak sou konsyans nwa yo. E se rezon sa yo ki te koz Jean-Jacques Dessalines pa t vle wè kolon fransè yo. Nan akt lendepandans peyi a (1804), li temwaye rayisman li pou Lafrans «...haine éternelle à la France ».

22/05/2025

Ansèyman istwa nasyonal pa dwe limite ak repete dat ak non pèsonaj. Li ta dwe sèvi kòm zouti refleksyon pou jèn yo konprann sous evènman istorik yo, epi tire leson pou evite repete erè pase yo.

Se nan konprann rezon ki dèyè batay zansèt nou yo nou ka bati konsyans patriyotik ak angajman sitwayen.

Lè nou anseye istwa tankou yon lis evènman pou aprann pa kè, san okenn analiz, nou mete elèv yo nan pozisyon pou repete pawòl san sans. Nou etone tande elèv lise pandan selebrasyon fèt drapo a, 18 me, k ap chante iwonikman « ...se Dessalines ki egare li mouri pou drapo » san yo pa konprann se drapo a ki fè jodi a se pa nan yon plantasyon kolonyal yo twouve yo, y ap rele anba kout raso.

Elèv yo montre tou yo pa konprann sakrifis, vizyon ak konba Dessalines ak lòt ewo yo te mennen pou koupe fache ak dominasyon kolonyal la. Aksyon sa yo pa sèlman yon erè, men yon mank respè pou memwa zansèt yo, pou senbolis drapo a.

Donk, si nou vle devlope yon sosyete ki gen respè pou valè istorik li yo, nou dwe bay ansèyman istwa nasyonal la sans epi plis enpòtans. Nou dwe devlope bon jan metòd ki pèmèt elèv yo konekte ak pase yo, poze kesyon, konprann, analize, epi mete eksperyans zansèt yo an rapò ak reyalite jounen jodi a. Konsa istwa va sèvi kòm fondasyon pou bati yon lòt Ayiti, yon Ayiti k ap fleri linyon.

̀te

03/05/2025

Pran telefòn ou ouvri l nan paj Istwa Kolonyal. Nou pral pale w kiyès Desdunes te ye.

Vrè non l se te Rossignol Lachicotte Desdunes Louis. Kolon fransè, Desdunes te kapitèn milis nan Sendomeng. Kòd lonbrit li te koupe nan Ti rivyè Latibonit, 20 mas 1722( gen lòt achiv ki mansyone 30 janvye 1721). Papa Desdunes te rele Jean Baptiste Rossignol Lachicotte li te marye ak Marie Françoise Bellanger ki se manman Desdunes.

An 1743, Desdunes ale Gwo Mòn li marye ak Marie Louise Boisbelleau, ansanm yo te gen 3 pitit.

Fanmi Lachicotte se te granplantè nan Latibonit. Plantasyon yo te chaje ak esklav. Desdunes te san pitye pou nwa yo, depi yon nwa mal touse li lage l nan dife, oubyen koupe zorèy li. Se te kolon ki te konn bwase twalèt mete nan kalbas pou bay nwa yo manje.

Pi lwen, De Vastey (1814) di nou, Desdunes leve yon jou, san remò, li lage tou vivan 45 nwa nan yon gwo flanm dife, menm fanm ak timoun pa t epanye nan lanfè laraj kolon fransè sa.

Desdunes mouri nan lane 1790( gen lòt achiv ki endike 1792) nan Sendomeng. Aprè lanmò kolon kriminèl sa gen yon vil ak yon lokalite, nan depatman Latibonit ki pote non Desdunes ak Lachicotte.

Vil Desdunes twouve l nan awondisman Dessalines, se an 1983 li te monte nan klasman komin. Daprè chif dènye resansman yo komin nan gen anviwon 37 027 moun k ap viv ladan l.

Pou fini, n ap souliye, fanmi Desdunes, nan peyi Lafrans, te resevwa kòb dedomajman pa l, nan 150 milyon fran-lò wa Charles X te fòse Ayiti bay pou te rekonèt lendepandans peyi a.

Donk, aprè nou fin konnen tout mechanste ak krim Desdunes te fè sou zansèt nou yo nan Latibonit, èske nou ka kontinye aksepte yon vil nan peyi a pote non kolon sa ?

Èske li nòmal pou n onore yon kriminèl pandan nou bliye viktim yo ?

Ann pale! Kisa nou panse sou sa?

Vous voulez que votre pratique soit Clinique la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse


Port-au-Prince (Port-au-Prince, Haiti)
Port-au-Prince