Steken Broadcast
Une plateforme spécialisée dans la promotion de l'art🎨, et l'information🔊.
Nan okazyon 5èm ane “Okay Gen Bèl Fanm”, staff òganizasyon an ansanm ak Svarinska Bar te mete tèt yo ansanm pou òganize yon bèl aktivite sou plas Okay la, yon jounen ki te chaje ak animasyon, konvivyalite ak anpil emosyon.
Repòtaj:
© 2026 Steken Broadcast. All rights reserved.
Okay montre ankò jan nou konn fè bèl bagay lè nou mete tèt ansanm ❤️💙
Nou pote rekap la pou ou, gade tout videyo a epi abòne avè nou.
(ISSA) Institution des Soeurs de Sainte-Anne te make selebrasyon 223èm anivèsè drapo💙❤️ ayisyen an avèk yon bèl parad ki te rasanble elèv, pwofesè, paran ak anpil manm nan popilasyon an.
Kiyès nan moman yo ki plis touche w ? 👀👇
Repòtaj:
© 2026 Steken Broadcast. All rights reserved.
19/05/2026
Institution des Soeurs de Sainte-Anne te make selebrasyon 223èm anivèsè drapo💙❤️ ayisyen an avèk yon bèl parad ki te rasanble elèv, pwofesè, paran ak anpil manm nan popilasyon an.
Parad la te pran depa bò Kwa 4 Chemen pou rive nan lokal enstitisyon an ki chita sou wout Gabyon an, anba son fanfa, chante patriyotik ak bèl koregrafi elèv yo te prepare espesyalman pou gran okazyon sa. Tout longè trajè a, popilasyon an te kanpe sou de ran pou admire disiplin, elegans ak lespri inite ki t ap domine aktivite a.
Jèn fi yo abiye ak koulè ble ak wouj drapo nasyonal la, yo chak te reprezante yon moun ke listwa make sa te bay yon veritab demonstrasyon lanmou pou peyi a atravè dans tradisyonèl, mouvman senbolik ak mesaj ki t ap valorize listwa ak idantite pèp ayisyen an. Fanfa a te mete plis anbyans pandan foul la t ap chante ak aplodi chak pasaj delegasyon yo.
Aktivite sa se yon gwo demonstrasyon konsyans patriyotik ak respè pou youn nan pi gwo senbòl nasyon an. Responsab lekòl la te pwofite okazyon an pou ankouraje jèn yo kontinye renmen peyi yo, pwoteje valè ayisyen yo epi travay pou yon pi bon avni pou Ayiti.
223èm fèt drapo a rete yon moman espesyal ki raple chak ayisyen enpòtans inite, solidarite ak fyète nasyonal. Gras ak bèl inisyativ sa, Institution des Soeurs de Sainte-Anne rive pote yon mesaj espwa ak lanmou pou peyi a bay tout kominote a.
Repòtaj: Kensley Marcelin
© 2026 Steken Broadcast. All rights reserved.
223 èm fèt drapo💙❤️ a rete yon moman espesyal ki raple chak ayisyen enpòtans inite, solidarite ak fyète nasyonal. Gras ak bèl inisyativ sa, Institution des Soeurs de Sainte-Anne aux Cayes, rive pote yon mesaj espwa ak lanmou pou peyi a bay tout kominote a.
Repòtaj:
© 2026 Steken Broadcast. All rights reserved.
🇭🇹 Drapo sa, li pote san zansèt yo, fòs yon pèp, ak espwa yon nasyon ✨
Jodi a se fèt drapo nou ❤️💙
Kijan w ap fete l ou menm ?
Malgre tout sa n ap travèse, pa gen pi bèl drapo pase pa nou an 🇭🇹
AYITI CHERI, nou renmen w anpil 🇭🇹🥹
Kamera/Montaj:
© 2026 Steken Broadcast. All rights reserved.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.