Usa News Queen
Paj sa a la pou kenbe w enfòme sou dènye nouvèl yo lakay ak aletranje. Rete konekte pou enfòmasyon ki klè, rapid, ak serye
Jet prive Ameriken an, Gulfstream G200, matrikil N318JF, fè yon terib aksidan yè dimanch 7 jen 2026 la, nan Ayewopò Entènasyonal La Romana an Repiblik Dominikèn.
Daprè premye enfòmasyon yo, avyon an te dekole nòmalman pou ale nan vil Austin, Texas (Etazini). Tou swit aprè dekolaj la, avyon an ta fè fas ak yon pwoblèm teknik, sa ki te fòse pilòt yo retounen nan ayewopò a. Malerezman pandan tantativ aterisaj ijans lan, avyon an kraze epi pran dife.
Nan avyon sa te genyen sèlman 2 moun : pilòt la ak kopilòt la. Pat gen okenn pasaje abò. Malerezman tou 2 manm ekipaj yo pèdi lavi yo nan trajedi a :
* Erick Javier Diago
* Rudy Ghazal
Otorite dominikèn yo deja louvri yon ankèt pou detèmine kòz egzak aksidan. Ekip sekou yo te rive rapidman sou plas la, men yo pat rive sove 2 manm ekipaj yo
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Address
Miami, FL
33404