Tout vil la konekte

Tout vil la konekte

Partager

Tout vil la konekte
(TVK)📸✌️

24/04/2026

Wadson Malbranche" tout moun konnen sou non Sonday ou Neg Touch la ki sot pase anviwon 3 lane ke la pa jwe pou ekip Bon Matant lan Nap raple nou se te kapitèn Anblematik ekip sa Malgre yo pat prezan nan 8ème Edisyon CHANPYONA VAKANS MOND LAN BOEREAU FAMILY PARK DEBA.
Daprè enfòmasyon ki rive jwenn nou ke ekip *Bon Matant* lan Anonse retou Jwè a ki se Wadson Malbranche tout moun konnen sou non Sonday (Nèg Touch la) pou l vinn pote koulè ekip la nan 9ème Edisyon CHANPYONA VAKANS MOND LAN BOEREAU FAMILY PARK DEBA.
Jwè a se yon milye Defansif, lateral e pafwa li jwe defansè,li konprann jwèt la,li gen anpil bon sans lakay li jwè a teknik e fizik e jwè a gen yon lespri lidèchip ak detèminasyon li se yon gèrye deja nou Swete yon Bon retou Ak Wadson Malbranche sou koulè ekip BON MATANT NAN CHANPYONA PLEZI VAKANS

29/03/2026

Célébration Eucharistique Du Dimanche Des Rameaux Célébré Par Père Emile Octobre Animées Par Groupe Soleïl Paroisse St-Hélène Debas D’aquin

22/03/2026

CÉLÉBRATION EUCHARISTIQUE DU DIMANCHE 22MARS ÀL’OCCASION DE LA FÊTE PATRONALE DE POINTE NICOLAS

Photos from Tout vil la konekte's post 05/03/2026

Ble, koulè viktwa ! Koulè Grenadye yo ap mete pou defann premye plas yo nan gwoup la !

NOU NAN BATAY

04/03/2026

Pou peyi a. Pou foutbòl la.

A 100 jou avan lansman Koup di Mond 2026 lan, kalifikasyon nou pou Mondyal la, premye a depi 1974, depase senp kestyon espò, li touche idantite nou, fyète kolektif nou, epi li raple mond lan fòs yon pèp ki pafwa ka bite, men jamè tonbe.

Nan chak kanpay, nou te toujou kwè. Talan an te toujou la. Pafwa se te yon ti detay ki te manke, yon okazyon ki pa t pran, yon moman desizif ki te chape. Men 18 novanm 2025 ki sot pase la a, yon dat ki te deja charye sou do l gwo siyifikasyon nan listwa nou, Grenadye nou yo ekri yon nouvo chapit, yon nouvo paj. Yo remet Ayiti nan pami elit foutbòl mondyal la.

Senkannde lane apre 1974, retou sa a konfime yon verite klè: talan ayisyen an rezistan, otantik, pare pou enpoze tèt li sou gwo sèn yo. Li rasanble peyi a bò kote yon senbòl pozitif ki pote espwa.

Jwe kont Brezil, Maròk ak Ekòs se pa foli. Se yon opòtinite. Yon vitrin pou montre kouraj nou, fè chante nou yo rive byen lwen, epi pote koulè nou byen wo.

Sòti nan estad rive devan ekran yo, sòti Ayiti rive nan dyaspora a, n ap vibre ansanm. N ap montre mond lan yon imaj diyite, pasyon ak konpetitivite.

An 2026, Ayiti pa p sèlman prezan.
Li pral yon istwa pou swiv.

Nou pare sou teren an, nan tribin yo, ak nan kè nou.

Vous voulez que votre entreprise soit Entreprise De Médias la plus cotée à Aquin ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse


St Michel
Aquin