Relem bote kreyòl

Relem bote kreyòl

Partager

Nou kreye paj sa pou n' divèti w' ak bèl tèks kreyòl . Ann dekouvri talan ayisyen yo ansanm . Pa bliye envite zanmi'w like li pou ankouraje'n nan travay nou.

16/09/2021

" EXCESS LOVE "

EKRI PA : FADELÈNE AUGUSTIN

TÈKS : JUILLET 2021

PAGE FACEBOOK : PWOMOSYON FÈYTON AYISYEN

Abone avè m sou :
👩‍💻TWITTER :
👩‍💻INSTAGRAM : scenaristefadoudou
👩‍💻TUMBLR : scenaristefadou
👩‍💻 FACEBOOK : Fadelène AUGUSTIN
👩‍💻You Tube : Scenariste Fadoudou01
👩‍💻WATTPAD :ki (https://www.wattpad.com/user/ScenaristeFadou01?utm_source=android&utm_medium=link&utm_campaign=invitefriends)
👥GROUPE FACEBOOK : (https://www.facebook.com/groups/237294684922133/?ref=share_group_link)
: Apre EXCESS LOVE n ap jwenn SOUS L'EMPRISE D'UN CHARME .
Apre SOUS L'EMPRISE D'UN CHARME n ap jwenn MA FORCE ET MA FIERTÉ.
❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣
ÉPISODE 19
❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣

PHILIPPE : Kòman w fè konnen m pa gen konpetans ? Ou pa ka jis gade yon moun pou w jije l konsa san okenn prèv

SEKRETÈ A(ap eseye chanje pawòl) : Dezole msye , sanble se ou ki mal tande sa m te di a .

PHILIPPE(gade l) : Kisa w te di menm ? Sanble se mwen ki te mal tande vrèman .

SEKRETÈ A : Mwen te mande w si w gen marenn ou parenn oubyen se selon konpetans ou w vin depoze CV a .

PHILIPPE(byen dwòl) : Ou gen foli manipilatè ? Ebyen mèsi pou eksperyans lan , plen lòt antrepriz k ap chèche anplwaye . Ou pa diy pou w ta yon sekretè .

San tann repons , li soti epi l fèmen pòt la byen fò . Sekretè a sezi . Li rive deyò a , li chita nan machin nan pou l reflechi . Marie-lourde chita nan lakou a ap panse avèk Pedro , si l te la alèkile se bon ti blag yo t ap bay . Li pran Daliana ki t ap jwe atè a epi l pran admire l , se premye fwa l te pran san l pou l obsève l konsa de prè .

MARIE-LOURDE : Pitit la sanble ak Mama vre wi . Oh Jésus ! Piga yon bagay mal rive yo non , m konte sou ou . M konnen Mama fè anpil mal men jou m ta rekwaze l , m t ap bliye tout dlo l te fè koulè nan zye m pou m sere l nan bra m ak kè kontan .

Medam yo te gentan al vann nan mache a , Florence ap fè travay pandan timoun yo ap ede l .

WILEY(gade l) : Epa m pa janm wè patnè ankò Flo ? Pouki l pa vin wè nou ?

FLORENCE(met zye l atè tou piti) : Li pa t konnen si nou t ap vin andeyò Wil , se sûr li t ap pote kado pou nou .

WILEY : Pouki w pa t di l sa pou l te ka vini tou ? Mwen sonje l anpil wi .

FLORENCE(pase men nan tèt li) : Mwen menm tou , mwen sonje l . W ap re wè l ankò lè nou retounen lakay , mwen pwomèt ou sa .

WILEY(kontan) : Mwen pa ka tann pou l retounen vin jwe avèk nou , mwen te tèlman renmen l .

FLORENCE(Ak yon ti kras jalouzi) : E mwen ? Ou pa renmen m tou ?

WILEY(met zye l atè tou piti) : Anpil , lè m gran m ap marye avè w .

FLORENCE(twouve sa l di a dwòl , li pran ri) : Li pa p posib Wil , se ti frè m ou ye nou pa p ka marye ansanm e m pi gran pase w .

WILEY : Mwen vle pou w fè l posib Flo , mwen renmen w anpil .

FLORENCE(bese devan l) : Mwen konprann ou renmen m Wil men m pa ka fè anyen , lalwa pa pèmèt sa . Lè w gran , w ap jwenn yon fi ki pa gen menm san avèk ou renmen w . Lè sa , n ap ka marye , fè pitit ansanm men pou mwen li enposib .

WILEY(byen tris) : Ou panse m ap renmen fi sa menm jan m renmen w lan ? Se ou m renmen Flo , se avè w m ap marye .

FLORENCE : Kòman l ap fè posib ?

WILEY : M ap fè l posib . (Montre l bibit li) lè m gran , m ap vin gwo nèg epi m ap gen yon gwo bibit . M ap goumen ak tout moun ki pa vle m marye avè w ni lalwa .

FLORENCE(pa t ka kenbe ankò tèlman l ri) : Poukisa w ap goumen avèk yo ? Ou pa p pè pou polis pa arete w ?

WILEY : M ap goumen ak yo paske m renmen w , yo pa p ka arete m dayè se pou madanm mwen m ap goumen .

Florence menm se ri l ap ri , Wiley pa t sispann deklare lanmou l pou li ak senserite . Philippe rive lakay li tou dezole , li jwenn Suze k ap fè netwayaj .

SUZE(gade l) : Sa k pase menm ? Tout bagay oke ?

PHILIPPE(lage kò l sou kanape a) : Malerezman non .

Suze depoze bale a pou l chita bò kote l .

SUZE(enkyèt) : Kòman non an ? CV a te mal fòmile ? Yo pa p pran moun ankò ?

PHILIPPE : Pito se te sa .

SUZE : Ebyen rakonte m .

PHILIPPE : Kòman w t ap reyaji si se ou ki te nan plas mwen ? Pou w gen kè al depoze CV w nan yon antrepriz , sekretè a pa wont trete w de enkonpetan .

SUZE : Oh ! Kòman pou l trete w de enkonpetan an ? Li rekonèt ou ?

PHILIPPE : Mande m ! M nik parèt m salye l , li voye m anlè l bliye atrap mwen .

SUZE : Di m kote antrepriz sa ye pou m al koresponn avèk sekretè sa .

PHILIPPE : Kite sa ! Si m t ap fè l yon bagay , m t ap gentan kraze figi l byen kraze . M ap kite l pou lanati jije l .

SUZE : Pa gen bagay konsa cheri , di m kote antrepriz la ye pou m al koresponn avè l . Dwe gen yon eksplikasyon .

Suze tèlman ensiste , Philippe ba l non antrepriz la . San pèdi tan , li debake . Kontrèman ak Philippe , sekretè a te byen resevwa l .

SEKRETÈ A(ak jantiyès) : Bonjou madam , kòman m ka ede w ?

SUZE(byen serye) : Mwen vin chèche eksplikasyon nan men w . Mwen pa ka konprann pou mari m vin chèche travay pou w trete l de enkonpetan san w pa menm gade CV l .

SEKRETÈ A(byen kalm) : kidonk Philippe se mari w ?

SUZE(mare min li tou piti) : Wi se sa .

SEKRETÈ A : Pou kounya , mwen ap travay . M ap va w yon randevou pita bò 3h pou m ka ba w plis eksplikasyon .

SUZE : E dapre ou menm , ou panse w ap ka lolo m ak ti randevou w la ? Se yon eksplikasyon mwen mande w , se pa randevou .

SEKRETÈ A : Mwen byen presize wi , mwen di w m ap ba w randevou pou m ka eksplike w pi byen .

SUZE(ap eseye kalme) : Ebyen oke .

Sekretè a ba l yon kat ki gen nimewo l pou l rele l , Suze pa di Philippe anyen lè l rive . Manman Pedro kouche ak yon konprès sou fwon l , Timamoun prepare yon te pou li .

VWAZIN NAN(gade manman Pedro) : M pa renmen lè w ap fè tèt ou mal konsa non , ou pa byen kontan se antrepriz la ki fè fayit ? Ou te ka petèt gentan mouri oubyen sante w degrade san w pa konn kòman sa fè rive men Bondye epanye w . Ou ka wè se medam yo k ap chèche touye w pou pran byen w yo paske yo konnen Pedro gen mwayen , met fanm sou ou pou w bagay ma chère .

MANMAN PEDRO(byen mal) : Pran konsèy la se youn , aplike l se de . Èske w konnen ki valè redi m te redi pou m rive kote m ye a ? Poukisa yon moun ta ap chèche detwi m san m pa fè anyen ki mal ?

VWAZIN NAN : Ou pa ta dwe etone si w wè gen moun ki rayi w malgre bon kè w , lòm tèlman mechan ! Ou sonje m te di w se menm yo menm ki te touye manman yo ? Si pwòp manman yo yo touye , kimoun ankò yo pa p fè mal ? Ou pa bezwen gen ènmi non pou moun rayi w .

MANMAN PEDRO : M konprann sa w di a men medam yo pa konnen m ni an pent ni an penti .

VWAZIN NAN : Sa w ap di la ? E Pedro ? Ou panse l pa p janm pale yo de ou ?

MANMAN PEDRO : Sa w di a se vre men m pa ka kouri akize yo san prèv , m plis kwè se yon moun ki konnen m ki dèyè tout sa .

VWAZIN NAN : Kay oungan pa yon kote m renmen ale men m panse l t ap bon si w al chèche yon ti limyè wi .

MANMAN PEDRO : NON , NON m pa p met pye m kote sa ditou ! Se priye m konn priye , m ap kontinye plenn sò m bay Bondye .

VWAZIN NAN : M pa ka fòse w men m kwè a san pou san , Bondye ap koute priyè w .

MANMAN PEDRO : M se yon moun ki kwè nan Bondye anpil , moun nan mèt fè sa l vle li pa p ka retire vi m . Li ka detwi m ekonomikman men m garanti w yon branch cheve m pa p rache san mèt mwen an pa bay pèmisyon .

VWAZIN NAN(pran pòz l ap fè blag) : Janw renmen jwe domino ? M kwè moun ki levanjil pa konn jwe aza ?

MANMAN PEDRO : Bondye pa jije moun selon aparans , li jije w selon sa ki nan kè w . Valè moun ki pa levanjil ki konn priye ? Valè moun ki legliz k ap boule maji ? Monn lan piti anpil tande kòkòt .

VWAZIN NAN : M te di w sa pou m testé pafwa w (lonje endèks li nan direksyon l) wè ou menm , Bondye ap toujou beni w .

Timamoun soti , manman Pedro leve zye l anlè .

MANMAN PEDRO : Senyè montre m chemen pou m pran .

Pandan y ap lage chay sou do l la , Florence fin fèsa l gen pou l fè epi l al chita anba yon pyebwa pou l pran yon ti van . Timoun yo vin chita bò kote l .

BLINDY(pase men nan kou l) : Rakonte nou yon istwa .

FLORENCE : Ki jan de istwa ou vle m rakonte w ?

BLINDY : nenpòt istwa Flo , depi l bèl .

FLORENCE(souri) : Ebyen ok , m ap rakonte nou yon istwa reyèl . Istwa sa te pase lè m te gen apeprè 20 lane , li tris anpil men atravè istwa sa n ap jwenn yon bèl leson moral .

BLINDY : Oke , nou enpasyan .

Florence vire tèt li lot bò tou piti epi ak yon vizaj tris , li kòmanse pale .

FLORENCE : Se te yon jou swa pandan m t ap navige sou entènèt , m te rankontre yon jèn gason ki te fè m konprann li renmen m . M te tèlman nayiv nan epòk sa , mwen te kwè nan tout pawòl li te konn di m . M te toujou panse ke l te vle fè yon bagay serye , m te ofri l tout mwen menm pandan ke nou youn pa t janm konn lòt fas a fas vrèman . Li pa t ase pre m omwen pou m ta di nou te ka òganize yon rankont nan menm semèn nou te rankontre a , li t ap viv aletranje . M te pase kondisyon avè l , m te di l konsa mwen pa renmen ak moun mwen pa rekonèt kidonk li ta dwe vin wè m nan yon mwa pou pi plis paske m pa t vle livre m bay yon move moun ou yon sikopat .

Li te gen ase agiman pou konvenk mwen e se konsa , mwa te vin ap pase . M te livre tout mwen menm ba li tèlman m te fè l konfyans men elas se te yon manipilatè , yon pwofitè e pou m byen di nou yon pedofil (dlo koule nan zye l) . Li te tèlman pran tèt mwen , m te menm rive nan yon stad kote m te vin aksepte fè foto touni voye ba li . Li te mande m videyo kote m ap bay tèt mwen plezi e mwen te refize paske m pa t vle antre nan lojik sa yo . Se depi lè sa , li pa t est sou mwen . Li te vin ap fè m fè yon pakèt jalouzi sou pretèks ke l te yon lòt fanm ki ka ofri li sa m pa t vle ofri l la , m te tèlman damou l .

Mwen te pran sipliye l , mande l pou l pa kite m , eksprime l janm renmen l men elas . Se lè sa , li te vin voye foto nu yon bon zanmi m ban mwen epi l mande m kiyès sa ye ? Kòm mwen pa t gen ase megabit , m te kouri al achte nan machann ki pi pre a men mal chans pou mwen , li te gentan siprime foto yo epi li reponn => Bledina . Nou pa ka imajine kijan m te santi m lè sa timoun , malgre m pa t rekonèt Bledina de fas men se kè m ki t ap paske l se yon fanm parèy mwen .

Yon bann ide nwa te pran monte nan tèt mwen . E si li ta deside pran foto m yo pou l fè menm aksyon an ? E si yon fanmi m vin dekouvri m te nan voksal sa kòman l ap santi l ? Pou l amadwe m , li te menm vle fè m kwè se Bled ki konn ap fòse l renmen avè l men li menm li pa bezwen l . Li te menm di m se yon pye lejè se mache damou m ap mache damou moun mwen pa rekonèt sou entènèt . Mwen te blese jouk nan zo men pou otan m pot ko gen ase moral pou remete an kesyon sansasyon m te genyen pou li a .

Li pase men l nan figi l pou l siye zye l . Philippe te twouve sa dwòl pou fason li te wè Suze te byen detèmine pou l al koresponn avèk sekretè a men l retounen li pa di l anyen . Li deside fouye zo nan kalalou l .

PHILIPPE : Pou jan m te wè w eksite pou w al defann mari w la , m panse se te yon bagay serye ou t ap al regle wi .

SUZE : Pa enkyete w boo , li banm randevou pou pita . M ap prese fè sa m gen pou m fè a pou m ka tande sa l ap di m .

PHILIPPE(ap fè jalouzi) : Di pito w pral nan randevou avèk nonm ou epi w ap pran pòz se sekretè a ki ba w randevou , randevou poukisa ? Ou pran m pou enbesil ?

SUZE : Men non ... lè m rive a , m jwenn li ap travay . Li jis di m l ap banm plis eksplikasyon pita , nou pran yon randevou pou sa .

PHILIPPE : Bon Poukisa w pran m ? Pou yon senp ti eksplikasyon pou n gentan pran randevou ? Ou pral fè afè w ak Direktè a oubyen w pral fè sa m konnen an avèk sekretè a ?

SUZE(wè sa twòp atò) : Pa betize w avè m Philippe , m pa jan w panse m ye a . Mwen konn gou bouch mwen , lè m renmen avèk yon moun mwen fidèl avè l . Mwen pa nenpòt ki jèn fanm k ap kouri dèyè tout moun pou byen materyèl .

PHILIPPE : M pa si w pa konn gou bouch ou non , m di sa m konnen .

SUZE(gade l anba pou monte) : Kisa w konnen an ?

PHILIPPE : M bay diskisyon sa vag , al pran plezi ou men pa bliye blòdè resan tankou m pa janm gen pwoblèm fanm .

Li fèmen pòt la byen fò epi l pran lari . Suze tèlman sezi , li rete bèkèkè .

(Ede m fè paj L'ART DE FADOU A rive 3000 abone Svp fanatik mwen yo 💋)
Aswivvvv

06/09/2021

" EXCESS LOVE "

EKRI PA : FADELÈNE AUGUSTIN

TÈKS : JUILLET 2021

PAGE FACEBOOK : PWOMOSYON FÈYTON AYISYEN

Abone avè m sou :
👩‍💻TWITTER :
👩‍💻INSTAGRAM : scenaristefadoudou
👩‍💻TUMBLR : scenaristefadou
👩‍💻 FACEBOOK : Fadelène AUGUSTIN
👩‍💻You Tube : Scenariste Fadoudou01
👩‍💻WATTPAD : (https://www.wattpad.com/user/ScenaristeFadou01?utm_source=android&utm_medium=link&utm_campaign=invitefriends)
👥GROUPE FACEBOOK : (https://www.facebook.com/groups/237294684922133/?ref=share_group_link)
: Apre EXCESS LOVE n ap jwenn SOUS L'EMPRISE D'UN CHARME .
Apre SOUS L'EMPRISE D'UN CHARME n ap jwenn MA FORCE ET MA FIERTÉ.
❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣
ÉPISODE 17
❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣❣

Pedro rive lakay li , li ba l dlo avèk Shampoo pou l lave cheve l epi benyen .

TI GRANMOUN NAN : Mèsi anpil gason m .

Li fin bay granmoun nan tout sa l ap gen bezwen aprèsa l al gade kòman bebe yo ye . Li jwenn yo gentan leve . Bò kote Florence , li chita ap pale ak kouzin li an .

FLORENCE : Epa depi yè m pa pran nouvèl granmoun yo , sa k pase ?

KOUZIN NAN : Ou gentan bliye si manman m mouri Flo ? Tèt chaje !

FLORENCE : Depi kilè ?

KOUZIN NAN : Lè m t al lakay ou ale pase a pou m te bay nouvèl la .

FLORENCE : Mwen ki te panse se mwen sèlman ki òfelin .

KOUZIN NAN : Ann kite kantik pou n pran priyè . Ou poko janm konnen si timoun un pale ?

FLORENCE : yèswa Wiley leve m pou m mennen l p**i , m sezi pou m mouri .

KOUZIN NAN : Blindy fè m konnen menm li menm tou li te bèbè , eksplike m sa k te pase a .

FLORENCE : Si m di w ou pa p kwè m , m prefere kenbe koze m pou kont mwen .

KOUZIN NAN : Se mwen ki di w pou w rakonte m kouz , se paske m vle konnen . Sa k di w m pa p kwè ?

FLORENCE : Istwa m viv anba lavil tèlman dwòl , se chak jou m te konn leve ak dlo nan zye . Moun nan antouraj mwen rayi m san rezon , mande sa m fè m pa p ka reponn . Lè m deside vin la sè te delivrans .

KOUZIN NAN : Pa banm !

FLORENCE : Lè manman m fin mouri a sè m , m te jwenn yon vwazin mwen ki te vle ede nou . Se sou kont li vant nou te ye , si l pa genyen nou pa p manje . Kou Mama fin akouche , li lènmi m san rezon .

KOUZIN NAN : Ou tou wè l pa t ap ede nou ak tout kè l vre .

FLORENCE : Mezanmi pitit ! Menm chodyè nou manje fi a mande pou n remèt wi .

KOUZIN NAN : Li jwenn avèk bon moun , mwen m pa t ap remèt anyen . Ou bay yo ?

FLORENCE : Sa m te ka fè sè m ? Se sèl Mama ki ka konbat fi a wi .

KOUZIN NAN : Mwen menm moun pa frekante avè m , se sa k fè anpil moun pè m isi a . Se pa vini yon moun ki pou sove l , jan w parèt la se konsa m ap resevwa w .

FLORENCE : Sanble se bò kote w Mama pran karaktè sa tou wi , 10 ti piti tankou m kote m ka fè fas kare avèk moun ?

KOUZIN NAN : Banm di w yon bagay Flo ! Fason w aji kapab detèmine kimoun ou ye . Depi moun nan wè w pè kò w , l ap panse l ka manipile w .

FLORENCE : Se pa manti sa w di a , ou pale pou tout yon jenerasyon .

KOUZIN NAN : Depi yon moun panse l ka fè w sa l vle , klase l byen rapid . Mwen m toujou mete m tankou yon ze fele , si yon moun panse l ka vin monte mal sou mwen l ap pran move so .

FLORENCE : M konn sa manman .

Granmoun nan fin pwòpte kò l , Pedro ba l rad pa l pou l mete paske l pot ko al achte rad pou li .

PEDRO(souri) : Kòm ou fin pwòpte kò w kounya , m ap fè w fè konesans ak bèl bebe m yo .

TI GRANMOUN NAN(timid tèlman l flate) : Mèsi pou onè sa gason m , ou se premye moun ki pran ka m konsa depi lè m ap viv .

PEDRO : Se paske w merite l bèl manmi . Ou se yon moun menm jan avèk mwen , se nòmal pou m pran swen w .

TI GRANMOUN NAN : M ap toujou priye Bondye pou l ranpli w ak benediksyon l gason m .

PEDRO : Ou ka rete la tout tan w vle , m pa p nwi de prezans ou . M pwomèt ou m ap pran swen w , nouri w , ba w tout sa w bezwen .

TI GRANMOUN NAN : M pa jwenn mo ankò pou m di w mèsi .

PEDRO(ba l Vicky) : Ou mèt konsidere l kòm premye pitit fi w . Li janti anpil , se sur w ap renmen l .

TI GRANMOUN NAN(ak admirasyon) : Ou gen rezon . Se yon bèl ti gengenn , m swete li akonpli anpil bèl bagay nan vi l .

PEDRO(souri) : M swete sa tou e m prè pou m lite pou l vin yon bon sitwayen demen (montre l Daliana) ti pitit sa menm se de zye nan tèt mwen .

TI GRANMOUN NAN : Kèt ! Timoun yo bèl vre , w ap fè m anvi tounen nan jenès mwen .

PEDRO : Ou pa bezwen jèn pou w rejwenn bote w , souri w sèlman kont pou rann vizaj ou pi eklatan .

TI GRANMOUN NAN : Si m te gen chans gen yon potorik gason tankou w , se pa de kontan m t ap kontan malerezman pa m nan mete m deyò pou madanm li (kriye) .

PEDRO(eseye konsole l) : Pa kriye manmi , ou ka toujou konsidere m kòm pitit ou . Menm jan avè w , se pwòp manman m ki mete m deyò san rezon .

TI GRANMOUN NAN(souke tèt li) : Lavi a enjis dèfwa .

PEDRO : Se pa vi a ki pa jis , se moun nan antouraj nou yo pou n chanje . M te gentan prepare lèt bebe yo , m pral chèche l wa tou ede m netwaye yo .

TI GRANMOUN NAN : Pa gen pwoblèm pitanm , ou mèt tou vin ak bagay pou m benyen yo .

PEDRO(kontan) : Ou tèlman janti .

TI GRANMOUN NAN : M pase plis ke 3 mwa nan lari , se sèl ou ki pa t meprize m lè m rele w . M te mande w kichòy men w ofri m plis ke sa , Se nòmal pou m rann ou resipwosite a .

Pedro pa di anyen , li souri . L al chèche bagay yo . Granmoun nan te pran swen timoun yo kòm si se te pwòp pitit pa l . Pedro chèche kontak yon styliste avèk yon coiffeuse pou pran swen imaj li regilyèman . Marie-Magdala chita anba yon pye bwa pa twò lwen medam yo ap admire men ki anfle a , li poko fin geri ak tout bagay yo boule a (ni Wiley) .

KOUZIN NAN : Tout koze bon pou pale ! Apre tout tan sa anba lavil , pa di m ou poko gen yon ti boubout non .

FLORENCE(met zye l atè byen tris) : M konnen w pral di manti malerezman chak sa ki vin sou wout mwen mèt fin fè m damou yo lase bòt yo .

KOUZIN NAN : Kòmansa ?

FLORENCE : M ta di se kòmsi gen yon bagay nan mwen ki pa bon e sa vin lakoz okenn gason pa ka ret avè m .

KOUZIN NAN : M konprann ou men èske w pa gen yon moun ki fè kè w bat nan moman an la ?

FLORENCE : M te gen youn wi men m te toujou pè avwe l sa . M pa p ba w manti kouz , chak fwa m bò kote l m santi m vle fòl .

KOUZIN NAN : Pouki w pa t eseye avwe l sa ?

FLORENCE(yon ti jan timid) : M pa gen chans nan koze gason e l gen ti mwayen , m pa t vle l panse se dèyè byen materyèl li m te ye .

KOUZIN NAN : Li pa t konn al lakay ou ? Ou konn twouve w nan yon chanm a de avè l pa aza ?

FLORENCE(met zye l atè) : Chak jou l te konn lakay la wi , se li k te konn ede nou .

KOUZIN NAN : Ou pa mwen ? M t ap tou pwofite m de vizit sa yo pou m met men sou li lontan wi .

FLORENCE : M te reziye m ret nan limit mwen pou menm koz la kouz . Premye fwa l te vin ofri nou èd li , m te tèlman pale lèd avè l anfen ! Gen de lè m konn fin fè l malonèt epi m wont tèt mwen paske ofon m pa janm vle blese l vre . M konn jis fè l pa amou e menm petèt pa vanjans .

KOUZIN NAN : Si w ta gen chans rekwaze avè l , èske w pa t ap pè deklare l sansasyon w gen pou li a ?

FLORENCE(bese tèt li ak yon lè jennen) : M pa konn si wi ou non , m ap gen kouraj sa men ... hum ... anfen .

KOUZIN NAN : M konprann ou kòkòt .

Moun yo ajite lakay Pedro , se jodya antèman an . Fòk yo prepare bonè paske se Philippe ki mèt seremoni an . Victoria ap met may pou l pa asiste .

VICTORIA(byen tris) : Kòm ou te di m kou l jou pou m ale , mwen reziyen m . Dezole si m pa t ale pi bonè .

PHILIPPE(byen vag) : Oke , m ap tann ou pou antèman an .

VICTORIA : Bon tout afè m boule ? Ki rad m ap mete ?

PHILIPPE : Reziyen w pou w prete youn .

VICTORIA : Sa k fè w pa di w ap banm yon ti kòb pou m kouri al achte youn pito ?

PHILIPPE : Tout kòb mwen pase nan preparasyon an , m pa genyen .

VICTORIA : Ebyen m pa p ka ale .

PHILIPPE : Si w renmen m vre jan w konn vle fè m kwè a , ou dwe ale .

VICTORIA : M konn se pwen fèb mwen w ap chèche

PHILIPPE : Ebyen ale pou w ka gentan prepare w .

VICTORIA : Humm ! Tan w peng !

PHILIPPE : M pa ka pi mal pase w .

Victoria pa okipe l , li al fè wout li . Li rive devan baryè a , li jwenn Barbara ki kanpe ap tann li byen move .

VICTORIA(souri) : Oh Barbie ! Epa w gentan vini ?

BARBARA(rete entak) : Se ou m te kanpe ap tann , m bezwen yon eksplikasyon sou sa m sot wè la .

VICTORIA(pa konprann anyen) : Kisa w sot wè ?

BARBARA : Se pa antre w ap antre ? Antre pou n pale .

VICTORIA : Pa fè kè m sote non , m pa renmen lè moun mete m sou sispans . Di m sa w ap di m nan w fini .

Barbara pa okipe l , li antre . Victoria swiv li . Rive anndan an , li pran pale byen fò pou tout moun nan vwazinaj tande .

BARBARA(byen move) : Ou pa ka jèn fanm pou w salòp nan eta sa . Kotèks ou retire sou ou gaye tout kote nan yon douch , m bezwen benyen m pa kapab . Kòman w santi w ? Kijan w fè viv nan yon kay mouch ak marengwen ap fè ladesant tout jounen ?

VICTORIA(montre l pi fache pase tout moun) : Ey Barbara ! Pa fè m sa oke ? Ki dwa w pou w ap rele sou mwen ?

BARBARA : M gen tout dwa m pou m rele sou ou paske m pa t pati kite kay mwen tankou yon mal kochon .

VICTORIA : Si se yon sèvant ou te bezwen , ou mèt al chèche l yon lòt kote . Mwen m pa restavèk ou .

BARBARA : Banm detaye mo restavèk la pou ou , reste avec => rete avèk . Si w pa restavèk mwen kay kimoun ou rete ? Bouch ou pa tranble lè w ap pale konsa ?

VICTORIA : Si w vle w ka toujou mete m deyò wi , m gen pi bon kote pou m ale .

BARBARA : Apre desas sa m wè la , m pa t ap kenbe w tou non epi w ap banm kay mwen clean avan w ale .

VICTORIA(tchwipe) : Ou pa ka chèche yon sèvant ?

BARBARA : M ap chèche yon sèvant menm wi men se apre w fin gobe Malpwopte w yo nan salon an .

Victoria pa okipe l , li antre pou l al pran malèt li . Barbara anpeche l , goumen pete . Epa de baton l pa pran . Li antre nan kwizin nan pou l al chèche yon kouto , Barbara trennen l met deyò .

VICTORIA(sanble ak moun fou tèlman yo sakaje l) : W ap peye m sa w fè a chè tande .

BARBARA(byen vag) : M konnen m ap peye l wi men se lè w kite salòp .

VICTORIA(pouse l) : Banm pase pou m al pran malèt mwen .

BARBARA(ap fè rezistans) : M ba w defi pou w antre vin pran l , se lajan m m te depanse pou m te va ou yo wi . Ou panse travay nan America fasil menm jan w konn ap mache drive anba vant mari moun nan ?

VICTORIA : M konn se jalou w ap fè paske w wè Chomeko renmen m plis pase w la , ou pèdi l nèt . Ou mèt fè sa w vle , avè m l ap rete .

BARBARA : Chomeko pa p rete avèk fanm ki salòp ! Olye w ret ap drive devan pòt jèn gason , aprann fè pwòpte pito . L ap bon pou ou .

Li fèmen Victoria deyò epi l pran machin li , li pati . Depi nan kòmansman zen an , vwazinaj te gentan fède tan pou yo gade . Victoria mare min li tankou san pudeur , li pran wout pou l al kay Philippe . Telefòn ni te rete anndan an , li pa t ka rele manman l . Philippe te etone wè l nan eta sa , San sandal , rad sou li chire nèt .

PHILIPPE(sou yon ton ridikil) : Ou te nan gagè ?

VICTORIA(pran kriye) : M pa konn sa m fè m ap peye , tout moun vire kont mwen san rezon . Se sèl Barbara ki te espwa m , li tann kou m al mande l yon ti kote pou m dòmi li mare goumen avè m sou pretèks m te kouche avèk mennaj li .

PHILIPPE(pran sa l di a pou blag) : Ebyen l gen rezon wi paske m konnen se pa yon bagay ki twò piti pou w fè .

VICTORIA : Olye w pran lapèn pou mwen , se nan betiz w ap pase m ?

PHILIPPE : Sa w te vle m fè pou ou ? Se yon reyalite l ye .

VICTORIA : Se pa moman pou n tchip Philippe . Banm fè kèk semèn lakay ou annatandan ke m jwenn yon lòt kote pou m ale .

PHILIPPE : M te ka pran w wi men fò w konn fè travay byen paske m pa gen sèvant , m pa pral pran moun ki pa konn fè anyen met lakay mwen .

VICTORIA(pa gen chwa) : Oke , m pwomèt ou m ap fè tout sa w mande m .

PHILIPPE : Ou mèt chita tann mwen nan salon an , m pral chèche pansman pou ou .

Victoria antre , Philippe al chèche manman an . Li chita nan salon an ak yon rega vid , li te pran rememorize sa k sot pase l la . Li fè yon soupi ak kòlè e sèmante sou vi l ke Barbara ap peye sa l fè l yo . Kèk minit apre , Philippe vini avèk alkòl , pansman epi koton .

PHILIPPE : Al benyen avan epi fè vit paske lè antèman an prèske rive .

VICTORIA(gade l) : M pa gen rad pou m mete non .

PHILIPPE : W ap jwenn rad nan chanm Maya a , m kwè y ap bon pou ou .

VICTORIA : Ki Maya sa ?

PHILIPPE : A ! Fè vit . Ma gentan di w .

VICTORIA(mare min li tou piti) : Depi se rad sèvant ou a , m pa p mete l non .

PHILIPPE(byen dwòl) : Ebyen wa ret toutouni .

VICTORIA : Sa k fè w pa ka banm met rad pa w ?

PHILIPPE : Tout rad mwen sal , si w ap lave yo pou w ka ede m mete pa gen pwoblèm .

Victoria pa di anyen , li al benyen pou Philippe ka panse blesi yo . Pandan tan sa , Philippe al regle afè l . Gras ak èd fanmi mò a , tout bagay te fin prepare byen vit . Pedro ranje chanm nan yon fason pou dam nan ka jwenn kote pou l dòmi .

GRANMOUN NAN : Ou pa bezwen kraze kò w pase sa , mwen m fin granmoun m ap dòmi atè a ak timoun yo .

PEDRO : M wè l t ap pi bon si se ou ki dòmi sou kabann nan .

GRANMOUN NAN : Non , m ap pi alèz atè a . Ou pa janm di m kòman w rele non .

PEDRO : Mwen rele Pedro e ou ?

GRANMOUN NAN : Marie-Lourde men pwoch mwen plis rele m ti Marie . M te gen 3 pitit , 2 fi ak yon gason . 2 medam yo mouri , se sèl ti gason an ki te rete . Pi gran an gen yon pitit fi ki rele Marie-Magdala men m pa janm pran nouvèl timoun yo .

PEDRO(etone lè l tande Marie-Magdala a) : M te konn yon moun ki rele konsa wi men sa m konnen an gen yon sè ki rele Florence .

GRANMOUN NAN : Li gen yon sè ki pi gran pase l men m pa fin konn non l paske se sèl Marie-Magdala ki te leve nan men m .

PEDRO : Si m te gen foto yo sou telefòn mwen , m t ap moutre w . Si se ta ou ki gran manman de bèl medam sa yo , m t ap kontan anpil .

GRANMOUN NAN(souri) : Si m te ka rekwaze avèk yo tou m t ap kontan anpil . Ak tout Marie-Magdala te leve nan men m , m te pi renmen lòt la paske l te gen imilite sitou Mama te yon jan sovaj . Li te renmen goumen twòp , manman l te oblije voye l banm . A sèzan , li retounen kay manman l .

PEDRO(chita tankou yon timoun k ap pran leson) : Se enteresan pou m tande w k ap pale byen de pitit pitit ou yo . (Gade Daliana k ap dòmi atè a) menm manman ti zanj sa gen menm non avèk youn nan pitit pitit ou yo , Marie-Magdala .

GRANMOUN NAN(sezi) : Sa w di m la ?

Aswivvvvv

Vous voulez que votre entreprise soit Arts & Divertissement la plus cotée à Aquin ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse


Bérionne
Aquin