PAS.fintech
Promotes financial inclusion through technology
17/02/2024
Jesyon finansyè(lajan) se yon konpetans anpil moun ta dwe devlope depi gen yon revni estab. Poutan, gen moun k ap travay depi plis pase 20 lane nan bon djòb k ap touche yon salè k gra. Malgre sa, anpil fwa ou menm k ap obsève eta moun sa ak sitiyasyon finansyè li w ap mande kisa l fè ak lajan ?
Malerezman, m pa p ka reponn kesyon sa pou pèsonn men, depreferans kite m pataje ak ou estrateji “E³” la. Mwen rete kwè l ap itil ou anpil.
Tou dabò, “E³” la siyifi *Epanye, Ekonomize* ak *Envesti*
Ou EPANYE lajan lè w aplike fòmil sa. *Epay = revni - konsomasyon* sa ki vle di, se ti mòso lajan ou sere lè w fin fè tout depans ou yo.
Sere lajan dwe toujou youn nan priyorite esansyèl pou tout moun ki gen yon revni. Anfèt, konpòtman sa pemèt ou gen yon rezèv pou lè sa pi mal demen oubyen lè w ap gen bezwen pou w pran. Lè w epanye, li pi fasil pou ou pou w planifye vakans, planifye acha kay, machin ak lòt byen mobilye oubyen imobilye w bezwen yo. Sepandan, li trè enpòtan pou n evite konfònn epanye ak *Tezorize* (se lè w fè yon epay eksesif. Pou n di mye, se lè w ap anpile lajan w yon kote san w pa janm depanse l, ou retire l nan sikilasyon sou mache a, pandan w ap viv nan kras) Se yon konpòtman a evite paske sere lajan pa fè moun vin rich 🤑.
Ou *EKONOMIZE* lè w byen planifye ak optimize depans ou pou w toujou jwenn satisfaksyon w ap chache yo san w pa deranje ni pòch ou ni moral ou aprè.
Pa gen pi bon estrateji ke ekonomize! Fè lajan se youn men, depanse l se yon lòt e se etap ki pi enpòtan nan lavi finansyè ak ekonomik yon moun, “KONN DEPANSE.”
Petèt, anpil nan nou jiskaprezan te ka pa rive sène vrè definisyon “ekonomize” oubyen te konfonn ekonomize ak jesyon. Ebyen! ekonomize se aprann depanse estratejikman, se optimize depans ou pou w jwenn satisfaksyon w san remò lè w fin depanse ni enpak negatif irevèsib sou finans ak trezòri ou.
– Si lè w poze tèt ou kesyon : èske m depanse senpleman pa abitid, neglijans, emosyonèlman,oubyen pa adiksyon ? Repons w ap jwenn ak kesyon sa yo dwe pèmèt ou idantifye si l nesesè vre pou w depanse ou pa.
Ou “ENVESTI” se lè w mete yon pati nan lajan w yon kote pou l ba w randman oubyen yon plivali sou yon dire de tan. Ou ka enjekte lajan an swa nan yon biznis, nan plasman, oubyen nan tout lòt sektè ki gen pou objektif fè w jwenn yon di plis sou sa w te mete an premye a.
Si pou anpil moun jou k jounen jodia envesti rete yon sijè ensezisab, enkonpreyansib. Ann fè yon ti pale! Ou envesti lajan se lè w aplike prèske menm fòmil ak epay la men nan yon vèsyon ki pi entèlijan *envesti = epay + valè mize”. Sa ki vle di, se mòso w retire aprè w fin epanye ak optimize depanse ou. Pou n pi klè, se yon miz ki fè ak yon ti pòsyon ki pral travay pou ba w lòt rantre/revni. An gwo, lè w envesti ou kreye plizyè lòt sous revni( segondè oubyen miltip). [ Ou pata believe that😆]
Yon lajan w envesti se yon lajan w
Riske
Pa pè pèdi.
Retire espwa w sou li pandan yon dire byen detèminè
Ki gen pou objektif ba w randman/fè w fè pwofi
Ou ka envesti nan kriptomonen Imobilye, stòk, enèji, nouvèl teknoloji oubyen fè plasman nan bank
Pi piti tan pou omwen w kòmanse tire bon pwofi sou lajnw envesti estime ant 5 a 8 lane. Se pou rezon sa menm lè w ap envesti ou dwe toujou epanye.
An konklizyon, revni mansyèl ou ap toujou ensiyifyan si w gen objektif ou vle atenn. Meyè fason se, etabli estrateji “E³” nan abitid ou pou atenn yon endepadans finasyè. Sepou tet sa, moun ki mennen yon vii finansyè ki plis entelijan viv san estres e yo atenn objektif yo fikse yo fasilman. Kounya m kapab di w, se sèl mwayen pou w pa tonbe nan menm sitiyasyon ak moun sa ki fè plis pase 20 lane ap travay nan yon bon Djòb la, poutan ki pa janm fè pwogrè a.
23/05/2023
📅 Réservez la date ! Le 28 mai à 3h00 PM ⌚
🌟 Rejoignez notre événement exclusif de formation sur le trading 📊📚
Vous avez toujours voulu percer les mystères du trading ? Curieux de savoir comment les gens génèrent des profits sur les marchés financiers ? Eh bien, ne cherchez plus !
🎉 Nous sommes ravis de vous annoncer notre prochain événement de formation sur le trading, où nous dévoilerons les secrets d'une activité de trading réussie. 🚀
Marquez vos calendriers pour le 28 mai à 3h00 PM ⏰, car nous plongerons dans le monde du trading sur Google Meet ! 🌐
🔒 Membres de la communauté : Accès gratuit ! 🆓
💰 Non-membres : Seulement 50 USDT ! 💸
Rejoignez-nous pour une session immersive où vous apprendrez des informations précieuses, des techniques et des stratégies pour améliorer vos compétences en trading. \📈💡
_______________
https://forms.gle/db5Ys3DbipEc9m8T8
__________
Ne manquez pas cette incroyable opportunité ! Réservez votre place dès maintenant et faites le premier pas vers l'autonomie financière. 🎯
Préparez-vous à libérer votre potentiel en trading ! Embarquons ensemble dans cette aventure passionnante. 🚀
______________________________
Reservez
_______________/////////////////////
https://forms.gle/db5Ys3DbipEc9m8T8
.fintech
09/05/2023
Si n ap dekotike mo ALTCOIN nan, ALT ap pou Altènativ epi COIN ap pou Pyès monnen/lajan/kòb. Lè n konbine ALT+COIN= kòb/lajan altenativ. Savle di, tout altcoin yo se monnen altènativ men, altènativ ak kisa?
Ebyen ! "Altcoin" yo pote non sa pou di yo se tout kripto monnen ki vini aprè bitcoin. Menmsi, gen yon lot pat ki kwè "altcoin" yo vini aprè "bitcoin" ak "etheureum". An gwo sa w dwe konnen, "Altcoin" yo egziste akoz devlopè ki gen lòt vizyon de koman yo ta renmen kripto ye ak ki solisyon yo vle potee nan biznis sa.
Anpil Altcoin pran nesans andan yon blòkchèn prensipal konsa tou genyen ki vini ak pwòp blockchènn yo. Men, sa ki enpotan nou dwe kenbe pi fò "Altcoin" ki egziste yo pran nesans nan objektif pou pote inovasyon nan bizis kriptomonnen an, pou rezoud yon pwoblèm nan lanati, oubyen pou revandike yon pwoblèm nan mond lan. Egzanp, an 2017, yon "token" ki rele "Bananacoin" pran nesans sou blòkchèn "etheureum" nan, nan objektif pou fè yon relved fon pou anpeche yon plantasyon bananann òganik detwi.
Premye "Altcoin" ki vin nan mond lan rele Litecoin, yo lanse l an 2011 sou blòkchèn bitcoin nan. Li te itilize yon nouvo pwotokòl PoW ki te pèmèt li pi rapid ak mwens enèjivò ke bitcoin. Ti di plis, eskew te konnen se sou menm Litecoin sa Dogecoin pran nesans?
DIFERAN TIP ALTCOIN
Gen plizyè kategori "Altcoin",nan ribrik sa n ap site sa k pi itilize yo ak sa ki bay plis pwofi yo.
______________
1- Payment Token
2- Stablecoins
3- Meme coins
4- Security Token
5- Utility Token
6- Governance Token
Youn nan Altcoin jounen jodia ki anrichi anpil moun nan biznis kripto a rele "Meme coin". Ou vle konn ki estrateji pou w mete anplas pou w fè lajan avek yo?
SUIV RIBRIK LA.
PAS.fintech RetBranche RetBranche Academy
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Adresse
Port-au-prince
Carrefour
6136
Heures d'ouverture
| Lundi | 08:00 - 16:00 |
| Mardi | 08:00 - 16:00 |
| Mercredi | 08:00 - 16:00 |
| Jeudi | 08:00 - 16:00 |
| Vendredi | 08:00 - 16:00 |
| Samedi | 08:00 - 16:00 |