Ronald Doud Jan
je n'ai pas d'entreprise
28/01/2024
Menli wi, tout tande ou tande yo fanatik fantom lan, se nan bouch wi frèm, yon si bèl mizik konsa ke mesye yo fè pou pitit yo, tout sa k'ap di'w ke yo fanatik fantom la , yo pa janm sipòtel nan anyen vre non, gad konbyen K ke fantom ap fòse genyen, bagay nou menm chinwa n'ap fè nan 30 minit sèlman. Ou wè li, menli wi frêm. Bondye fè fantom konnen yo se fake avanm. Ban'n blofè.
02/10/2023
Yo pale nou wi, sa'n pran se pa nou, komisyon pa chay...!
Pa janm kite mal ke yon moun fè'w jwe sou ou, pou'w di w'ap fè yon lòt peye sa, nan pwovèb lakay pou'w ap di kou pou kou Bondye ri sa. Non non sa pa bon e li p'ap janm bon, pa janm panse a ran'n mal pou mal konsa pou mal pa mare zanmi ak ou, donk toujou bat pouse moun kifè'w pou'w pa janm fè moun, paske pawòl la di, plis yon moun ap fè sak byen, se plis moun sa ap resevwa sak byen, konsa tou, plis yon moun ap fè sak mal, ebyen se plis moun sa ap rekòlte sak mal, so toujou bat pouse moun ki paka gade'w nan zye akoz de sa ki mal ke'l fè'w, olye se ou ki paka gad yon lòt nan zye akoz de sa ki mal ke'w fè, donk viv pou ou e viv pou yon lòt, konsa pou tout sa w'ap fè ka an favè la nati...😎🇱🇷 Nèg a Bab la
Yon ane de tristès e de dezolasyon, yon ane de touman e de boulvès, yon ane de tribilasyon e de strès, yon ane de dlo nan zye e de dèy, yon ane de soufrans e de kè sere, jouska prezan Bondye pwoteje'w ladan, jis kisi Senyè a pran swen'w ladan, donk ou pa panse ke Senyè a merite yon gwo remèsiman zanmi, ou panse ou ta dwe pran yon titan nan tan'w e nan tan plezi'w yo pou'w di Bondye mèsi pou mizèrikòd li anvè'w, ou pa panse ou ta dwe ap di le Syèl mèsi san'w pa bezwen kon'n pouki zanmi, ou pa panse sa?😎🇭🇹
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Téléphone
Site Web
Adresse
Carrefour
509