Peadph.org

Peadph.org

Partager

PEADPH est une organisation sociale a but non luctatif créée en 2008 à Tabarre (Maïs-Gaté),dans le but d'aider les gens les plus vulnérables du pays.

02/02/2024

Pòtoprens,01 Fevriye 2024

Lèt pou premye Minis Henry
Onorab premye Minis,
Nou pa gen mo ankò pou nou ta itilize pou nou adrese n ak ou.
Nou constate ke w se yon pèsonaj, e nou renmen tout granmoun. Si nou ekriw se paske nou renmen w. Men nou Santi le w ta sanble tèti. Nou pa konnen siw sou,nou pa konnen siw soud sèlman nou konstate ke w pa tande '. Nou pa konnen siw fou e nou pa konnen siw anraje men nou konstate Kew aji tankou moun fou. Nous pa konnen siw wè nou pa konnen si wap dòmi men nou konstate w pa fè anyen pou ta konbat ensekirite sa k ap vale teren. Banm poze w yon to kesyon. Ou pa janm poze tèt ou kesyon pou ta dil: " ki sa m ap dirije la? Moun ou bèt? Yon peyi ou yon mezon? "Menm si se mezon Lakay ou ou t ap dirije fòk ou ta jwenn konsansis rès manm fanmi an. Tanpri onorab , mèt kabrit mande kabrit plein pa plenn se remèt kabrit. Ti bout tè sa pa pou ou menm sèl , e nou pa menm kwè w eritye paske nou pa kwèw gen San Ayisyen k ap koule nan venn ou. Silvouplè onorab pakite 7 Fevriye rive pou w pa rèmèt Kle a. Nous bouke soufrans lan twò Di pou nou . Tèritwa à fin pèdi nou pa gen lajan poun achte viza ak tikè pou n ale nan Nò,nan Sid ak nan sant . Grangou fin afèk nou , pitit nou pa ka ale lekol,nou pa ta vle pita pitris fè yon ti jès ewoyik rèmèt nou kabrit nou poun ka pran swenl pou l pa fin peri sou pye.

Onorab ,nou ekriw nan lang greyòl pou évite tulututu. Siw pa ta wè kiyès pou remèt kle a ou mèt depozel anba pòt primati a nou pral pranl. Siw pa gentan vwayajetpou loryan etènèl ou mèt tounen aprè 2 zan w a wè ki valè mizè te fè ti bout tè sa a pase nan 3 zan w te pase nan tèt li a .

Nou espere ke w wap li lèt la ekselans e fè swit favorab la.
Resevwa salitasyon espesyal nou e nou Di w mèsi savans

Se tout ayisyen konsekan yo.

21/08/2023
Vous voulez que votre organisation soit Organisation à But Non Lucratif la plus cotée à Croix des Bouquets ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse


Croix Des Bouquets