RETUM

RETUM

Partager

RETUM Academy Paramedical est un centre de formation spécialisé dans le secourisme et les métiers paramédicaux.

10/06/2026

Ki wol ak enpotans imobilizasyon?
Souvan nou konn fin asiste yon aksidan epi zo viktim nan kase men, anpil nan nou ki pa resevwa fomasyon ap jis kontante yo sezi, men sa ki pran fomasyon konnen byen ak fen kijan pou imobilize chak pati ki ta genyen frati apre yon aksidan.

Pot nou louvri byen laj ap tann ou pou rejwenn fomasyon akademik nou an.

12/05/2026

🩺 BON JOUNEN ENFIMYÈ 🩺

Nan non RETUM Académie Paramédical, nou salye ak anpil respè tout enfimye enfimyè k ap sakrifye tan yo, fòs yo ak kè yo chak jou pou ede moun rete vivan.

Dèyè anpil lavi ki sove, anpil fanmi ki jwenn espwa, gen yon enfimyè ki te deside pa abandone.

Nan RETUM, misyon nou toujou menm: *_Fòme moun pou sove lavi._*

Nou tou pwofite envite tout moun ki enterese nan domèn paramedikal la vin pran fòmasyon bazik k ap fèt 📅 18 Me nan 📍 #36, Delmas 40B.

Limanite toujou bezwen moun ki chwazi ede lòt moun… menm nan yon sosyete kote anpil moun plis anvi filme pase pote sekou.

,

16/04/2026

SAN OU PA PREPARE, OU DEJA AN DANJE
😬😬
Dapre rechèch ki fèt pa Ekip RETUM Academie Paramedical ki pwouve pa kèk sous fyab etid ak analiz nan kominote ayisyèn nan, reyalite a pa bèl ditou. Nan ka gwo aksidan oswa blesi grav, anviwon 81% moun ki mouri nan premye 24 èdtan yo pèdi lavi yo akoz gwo emoraji. Pi mal toujou, sèlman 18% viktim rive jwenn lopital nan premye èdtan an, sa yo rele “golden hour” la, ki se moman ki pi enpòtan pou sove lavi yon moun. Ajoute sou sa, aksidan wout te deja klase kòm 5yèm koz lanmò nan peyi a.

Sa vle di danje a pa lwen, li pa pou lòt moun sèlman. Li ka rive ou, fanmi ou, zanmi ou nenpòt ki lè. Imajine ou devan yon moun ou renmen ki tonbe, ki ap senyen, epi ou pa konn kisa pou w fè. Pa gen tan tann sistèm sante a ki deja fèb. Nan moman sa, se ou menm ki dwe premye sekou a.

Se egzakteman pou rezon sa a RETUM Academie Paramedical mete aksan sou fòmasyon pratik pou prepare moun aji vit, byen, epi sove lavi.

Pa rete ap gade. Vin aprann kijan pou sove lavi. Patisipe nan fòmasyon espesyal k ap fèt 18 Me a. Yon sèl desizyon ka fè diferans ant lavi ak lanmò.

Vous voulez que votre organisation soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


36 Delmas 40B
Delmas
6120

Heures d'ouverture

Samedi 13:30 - 03:30
Dimanche 13:30 - 03:30