SynsynStore
synsynstore
26/10/2024
Pèmanant se yon sibstans ke anpil moun itilize pou fè cheve yo swa. Nan jenerasyon pam nan avan nou te rive nan filo, twa ka medam yo te gentan o mwen sèvi avèl yon fwa. San nou pa konnen sèvi ak pèmanant konn gen gwo konsekans sou sante nou akoz de kèk sibstans chimik kel gen ladan. Sa ki pi danje an rele fòmòl.
Vin aprann ansanm 5 pwoblèm ke pèmanant ka bay si nou itilize souvan (Pou pi piti 4 fwa nan yon lane)
Pataje, pataje tèks la ak pwòch nou pou plis moun rive jwenn konesans.
an pasan depi kilew al kay Dr? ou fe check up deja? pou konn siw gen kek maladi kap devlope, eben pran randevou a Dr Gedner lap pran swenw , siw vle antre an kontak avel, siw gen whatsapp klike sou lien : https://wa.me/+50942338125
oubyen rele direk nan +509 42 33 8125
1) Gen yon lyen ant pèmanant ak kansè. Gen 3 kansè kay fanm yo ke etid yo pwouve ke risk yo ogmante lè medam yo itilizel twò souvan:
● Kansè nan tete
● Kanse nan ovè
● Kansè nan matris
2) Fanm ki ap bay tete pa dwe met pèmanant paske li ogmante risk pou timoun nan fè kansè nan san (lesemi) pandanl ap grandi;
3) Menm si li ra, pèmanant ka pwovoke ensifizans renal egi akoz yon sibstans ladanl ki rele Okzalat ki toksik pou ren yo oubyen fòmòl la ka konvèti an metilèn glikòl ki son danje pou ren yo;
4) Moun ki fè opresyon pa sipoze sèvi avèl paske li ka deklanche yon kriz lakay yo
5) Lèw boule oubyen alèji ak pèmanant, po tèt la vin anfle e ou devlope yon ekzema ki ka fèw pèdi chevew. Si boule an oubyen alèji an grav, li ka menm rive atake zyew.
***Anpil moun ka ap mande ki rapò pèmanant gen ak kansè? Kijan fè met pèmanant ka bay kansè nan tete, nan matris elatriye?***
Ebyen sak pase, pèmanant la gen pwodwi ke nou rele pètibatè andokrinyen ki pral aji sou estrojèn (yon òmòn an majorite kay fanm) nan pou devlope kansè yo. Lòt eksplikasyon lèw alèji ak pèmanant oubyen lèw boule ladan, po tèt la pral blese epi fòmól la ki son pwodwi klase kansewojèn (ki ka bay kansè) ap tou rantre nan san epi al fè dega.
A note ke sa nou di pou kansè yo valab tou pou koulè nap met nan cheve nou yo.
Mèsi
Doc_Megg
depi kilew al kay Dr? ou fe check up deja? pou konn siw gen kek maladi kap devlope, eben pran randevou a Dr Gedner lap pran swenw , siw vle antre an kontak avel, siw gen whatsapp klike sou lien : https://wa.me/+50942338125
oubyen rele direk nan +509 42 33 8125
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Delmas