DSL Ministries

DSL Ministries

Partager

Répandre l'évangile de Jésus Christ partout dans le monde !

📌 Évangéliser -Former -consacrer

08/04/2026

Jésus-Christ revient bientôt

04/04/2026

Jésus

14/03/2026

*MESAJ PWOFETIK : RETOU JEZI-KRI A TOU PRE*
Pèp Bondye, leve kanpe!
Siy tan yo ap akonpli devan je nou. Nasyon yo boulvèse, kè anpil moun ap vin frèt, epi mond lan ap mache tou dwat nan direksyon jijman. Se moman pou ou *prepare lespri ou, nanm ou ak kò ou, paske Wa a ap vini*.
Konprann revelasyon Bondye bay sou vini Jezi-Kri a nan twa nivo :
*Nivo 1 : Premye Vini an – Gras delivrans lan*
Jezi-Kri te deja vini sou tè a pou sove tout moun ki kwè nan li.
Pa lanmò li sou kwa a ak rezireksyon li, li ouvri pòt lavi etènèl pou tout moun ki mete konfyans yo nan li.

*Nivo 2 : Anlèvman Legliz la – Rankont Glwa a*
Yon jou ki pa twò lwen, nan yon ti moman, nan yon bat je, Senyè a ap desann soti nan syèl la.
Moun ki te mouri nan Kris la ap leve, epi moun ki fidèl yo ap transfòme pou yo rankontre Senyè a nan lè a.
Sa se gwo moman glwa anlèvman Legliz la.

*Nivo 3 : Retou an Glwa – Jijman ak Wayòm Etènèl la*
Apre sa, Jezi-Kri ap retounen ak pouvwa ak laglwa pou jije mond lan, kraze Satan ak tout zèv fènwa yo.
Lè sa a, Bondye ap etabli yon nouvo syèl ak yon nouvo tè, kote moun ki delivre yo ap viv pou tout tan nan prezans li.
Jodi a se jou desizyon an.
Repanti, mete lavi ou apa pou Bondye, epi mache nan verite a.
_Paske Wa tout wa yo ap vini talè konsa_.
Yon kout refleksyon pwofetik avèk
Minis Dieudinor Saint Louis
PDG – MEPTI

19/02/2026

wout la difisil se vre, men depiw gen konfyans nan BonDye wap rive kanmem!

21/01/2026

Gras ak lanmou Bondye pataje avèk nou
Mwen tap tande yon demwazel ke mwen pa rekonet li, men nan vidéo a lap pale ke Jésus-Christ pataje ak li 2 mesaj enpotan

1- li nan wout pou li retounen
2-li bal yon lis moun ki dwe konvèti e reprann plas yo

Ou menm ki pral gade videyo sa map mandew va pataje l epi konsa moun yo pa va jwenn li.

Mpral eseye fe lis nom moun ki site nan videyo à
1-nathalie Jean
2-Rutchelle Guillaume
3-Kesner pierre
4-Joseph nathacha
5-Frisner Saint Jean
6-Guilène Thomas
7-Sophia St ilus
8-Claudette Jérôme
9-Vibrun Guillaume
10-Elsie desvarier
11-Mirielle desvarier
12-Laguerre Cadinal

Ede nou pibliye mesaj sa konsa konsène yo va jwenn li.

19/01/2026

Nan yon ansèyman ke mwen tap fè nan ministè ke Apôtre Samuel Saint-Eloi ap dirije Esprit tap itilize eksplike vesè sa

"GENÈSE 1:18L`Éternel Dieu dit: Il n`est pas bon que l`homme soit seul; je lui ferai une aide semblable à lui."

Vin edifye avem epi edem pataje l
de Jésus-Christ pour l'éternité bienheureuse Saint Eloi

19/01/2026

Shalom amis de WhatsApp, TikTok et Facebook,
C’est avec une grande joie et une profonde reconnaissance que nous vous invitons à partager avec nous un moment sacré de notre vie.
Par la grâce de Dieu,
Dieudinor (Dieudy) & Veline (Borge 😍🌹)
célébreront leur mariage devant Dieu et devant les hommes.
📅 Date : 28 février 2026
⏰ Heure : 10h00
📍 Lieu : Église Apostolique de Jésus-Christ
Lamantin 52, Carrefour
Votre présence sera pour nous un honneur et une bénédiction en ce jour spécial.
Avec amour et respect,
Dieudinor & Veline 🩷
N.B. : La cérémonie sera diffusée en direct sur Facebook et TikTok.

12/01/2026

Jésus Christ revient bientôt

22/11/2025

Shalom ~pati 1~

Ou se *rèn nan domèn ou*, ou se *wa nan teritwa Bondye ban ou a*.
Yon wa pa pase lavi l ap mache nan lòt wayòm,
paske *wayòm pa li a mande prezans li, vizyon li, ak gouvènans li*.

Kote yon wa jwenn tan pou *tripotay*?
Kote yon rèn jwenn tan pou *zen*?
Kijan yon moun ki gen misyon ka gaspiye *enèji veye sa lòt moun ap fè*
pandan gen nasyon ki tann limyè li?

Rete nan teritwa ou.
Okipe sa Bondye konfye w la.
Se la rèyalizasyon w ak viktwa w ap parèt.

Levanjil pou nou tout
Ministre Dieudy

13/11/2025

Tèm : Relasyon ak Bondye plis pase aktivite relijye

Teks : Matye 7:21-23
"Pa tout moun ki di m: Senyè! Senyè! ki pral antre nan Wayòm syèl la, men se sila ki fè volonte Papa m ki nan syèl la."

👉Gen anpil moun ki plen legliz, ki toujou nan jèn, nan vey denwi, nan chante, nan sèvis,
men yo pa gen relasyon pèsonèl ak Bondye.
Yo konn pale de Bondye, men yo pa viv ak Bondye.
Yo konn travay pou Bondye, men yo pa mache ak Bondye.

Bondye pa bezwen yon sèvitè aktif, Li bezwen yon pitit fidèl.
Sa vle di : aktivite san relasyon se relijyon vid, men relasyon ak Bondye pote lavi.

Gen 4 bagay ke nou bezwen konnen

1-Relasyon ak Bondye se baz tout bagay

Bondye te kreye Adan pou relasyon.
Nan Jaden Eden an, Bondye t’ap mache ak Adan chak jou (Jenèz 3:8).
Sa te se modèl relasyon Bondye vle ak chak moun.

Men lè peche antre, relasyon an kase.
Depi lè sa, tout plan Bondye se pou retabli relasyon sa.
Se poutèt sa Jezi vini, li mouri, epi leve vivan ankò —
pa pou bati legliz sèlman, men pou rekonekte moun ak Papa a.
2 -Aktivite san relasyon pa gen valè

Gen moun k’ap sèvi nan legliz men k’pa konn Bondye.
Yo preche, yo chante, yo danse, yo òganize aktivite,
men nan lavi pèsonèl yo pa pale ak Bondye,
yo pa tande vwa Bondye,
yo pa viv selon volonte Bondye.

Jezi di nan Matye 15:8 :
> “Pèp sa a onore m ak bouch yo, men kè yo lwen mwen.”

Bondye pa gade kantite sèvis ou fè, men kalite kè w pote ba Li.

3- Relasyon ak Bondye se lavi enteryè

Lè ou gen relasyon ak Bondye, se pa sèlman nan legliz ou santi Li,
men ou mache avèk Li chak jou : nan travay ou, lakay ou, nan panse ou.
Relasyon se lè ou tande vwa Bondye, ou pale avè Li,
ou kite L dirije ou, ou suiv li menm lè se pa fasil.

Jan Jezi di nan Jan 15:5 :
“San mwen, nou pa ka fè anyen.”
Se pa kantite bagay ou fè pou Bondye ki konte,
men kijan ou kite Bondye viv nan ou.

4- Fè diferans ant sèvis ak relasyon

Sèvis se sa ou fè pou Bondye

Relasyon se sa ou fè ak Bondye

Bondye renmen moun k’ap sèvi Li, men Li pi renmen moun k’ap viv avè Li.
Martha te okipe ap sèvi,
men Mari te chita bò pye Jezi pou koute pawòl la.
Jezi di :

Mari chwazi pi bon pati a, e yo pap retire l nan men li.” (Lik 10:42)

Ou kapab gen yon bon repitasyon nan legliz, men Bondye konnen kè ou.
Ou kapab fè anpil bagay pou Seyè a, men èske w vrèman konnen L?
Relasyon ak Bondye se sèl bagay ki ka sove w.
San relasyon, ou rete yon payen espirityèl menm si ou gen fòm relijyon.

04/09/2025

📌 Shalom mes frères et sœurs
👉Tout moun pa fèt pou renmen ou.
Se pa rayi, se yon reyalite.

👉Chèche rekonèt valè moun ki vrèman renmen ou,
epi aprann nan men moun ki pa sensè.

👉Verite ak manti se de pwofesè lavi mete sou wout ou
pou ede w devlope ekilib ou.

Vous voulez que votre organisation soit Organisation à But Non Lucratif la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse


Delmas