Remedh

Remedh

Partager

Permettre a chaque haitien de contribuer a changer Haiti, promouvoir la democratie et de respecter l'integrite Nationale et le droit de la personne.

19/11/2025

Ou paka
Prezidan
Senatè
Depite
Majistra
Minis
Dirèktè Lapolis
oubyen responsab Sekirite yon Peyi
Pou madanm, pitit ou byen w nan Peyi letranje.

Si w se senatè pitit ak madanm ou byen w dwe nan depatman w reprezante a.

Si w se Depite Majistra
Pitit ak madanm ou Dwe nan komin ou reprezante a.

Sa m vle n konprann
Nan konstwi Peyi pa gen Zanmi
Pa gen santiman

Pa okipe Pèsonn k ap di n lekontrè
Se nou ki nan reyalite a
Se nou ki pou twouve yon solisyon ki adapte
ak reyalite n

Solisyon n dwe AYISYEN
Se pa paske Lòt Peyi pa fè l pou n di n paka fè l
Nou pat janm swivè
Sinon nou pa t ap fè VÈTYÈ.

Lè sa pap gen okenn
Nèg ki pa t ap travay pou Peyi.

Pa gen okenn nèg ki t ap pran presyon nan koupe viza.

Pa gen okenn anbasad ki t ap vin dirije an mèt e seyè.

Pa gen okenn nèg ki t ap rantre nan konfyolo ak laboujwazi pou ti monnen pou okipe fanmi yo nan Peyi letranje

Pa gen okenn nèg ki t ap nan zak kòripsyon

Pa gen okenn nèg ki t ap nan vann pòs ministeryèl

Pa gen okenn nèg ki ta pral nan envesti nan kanpay aprè pou y ap di

O wi ladwàn pou mwen
OAVCT pou mwen
ONA pou mwen


Si n te fè l konsa
Peti a pa t ap rezime ak sa l rezime jounen jodi a

T ap gen Sekirite,
wout nasyonal la t ap fonksyone
T ap gen bon bon lekòl,bon fakilte
Tout zòn pèdi sa yo pa t ap egziste…

Patizan
Pouvwa pa enterè okenn otorite

Pouvwa se mwayen otorite Peyi n itilize pou pran swen enterè yo ki se madanm,pitit,fanmi yo
Pou peye Bil, fakilte nan USA FRANCE CANADA…

Kèlkanswa Nèg ki kanpe kont sa
Nou dwe mennen ankèt sou li

Sa dwe rantre nan memwàn kòm valè moral,
Kòm prensip
Paske pa gen okenn nèg isit ki pral lejifere
sou pwen sa yo pou nou
Paske l pa an avantaj yo.

BOUJWA PA GEN POUVWA VRE
BOUJWA GEN LAJAN POU ACHTE TINÈG KI KONN LI A

METE TOUT ENTERÈ TI NÈG NAN PEYI A
W AP WÈ

« PA GEN BATAY SAN NANM »
🖤❤️🖤💪🏿

19/11/2025
Vous voulez que votre organisation soit Organisation à But Non Lucratif la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Adresse


15 Rue Charbonniere
Delmas