DailyFoot
Stay tuned for in-depth articles, captivating interviews, and lively debates on the teams.
05/12/2025
Voici les groupes pour la Coupe du Monde 2026!!
14/11/2025
🔥🇭🇹 Placide, le mur haïtien. Match monstrueux.
23/10/2025
Foutbòl Fanm – Mawòk kont Ayiti : 23 Grenadyèz pral retounen Mawòk !
Antrenè prensipal ekip nasyonal medam yo, Malou Quignette, pibliye lis 23 jwèz li rele pou pwochen rasanbleman Grenadyèz yo, nan sa k gen a wè a preparasyon pou match amikal kont ekip Mawòk la. Rankont sa a ki prevwa nan dat k ap 28 oktòb k ap vini an, ap gen pou jwe nan stad Père Jégo nan vil Casablanca. Match sa ap make fen dènye faz preparasyon ekip la, ki te kòmanse nan menm stad sa a nan mwa fevriye ki sot pase a.
Nan mitan jwèz ki konvoke yo, Claire Constant pa p retounen Casablanca fwa sa, kontrèman ak dènye rasanbleman an. Men, Danielle Etienne fè retou li nan gwoup la, ki rete sitou konpoze ak jwèz ki abitye pote koulè bikolò a.
San n pa bliye, match sa antre nan kad dènye faz preparasyon seleksyon an avan yo kòmanse eliminatwa pou Mondyal 2027 la, k ap fèt nan peyi Brezil. Ayiti ap demare kanpay sa a 30 novanm k ap vini an, an deplasman kont Beliz.
Lis konplè jwèz yo disponib nan grafik la ki anba tèks la.
FHF Kominikasyon, 21 oktòb 2025
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter la personnalité publique
Téléphone
Site Web
Adresse
30 Delams 105
Delmas
HT6120