Phadel

Phadel

Partager

Une institution

14/07/2023

3 L🔥(Lavi🤗 Lanmou😍Lanmò😭)

Se yon FEYTON ki ekri pa PHADEL⚡ Ladanl wap konn plis sou LAVI,LANMOU e LANMÒ......... Ladanl wap fini pa wè bon kote mal yo e wap aprann anpil...

Tèl & Whatsap:+509 3234-6661
Facebook: Phadel
Instagram: Phadel_77
YouTube: Phadel Og
Twitter: Phadel
Al abonné⚡

EPIZÒD 38

🔥MEN YON TI REZIME DE EPIZÒD 37 LA🔥........ Ti Dezòd ak Daphnie te aji tankou 2 moun ki gen matirite, menmke se Daphnie ki soti blese nan yo 2 a, Depi se ak Ti Dezòd Dona ap pale, danl paka rete nan fouwo, li santi yon imans kè kontan, lè Ti Poze rive lakay Jine, li te konfime tout bagay pandan lap konsole Jine Phadel parèt, lè Jine wè sa li sezii🔥

👉🏾Tousuit Ti Poze vire gade moun li santi ki antre anndan an, lè li wè kiyès li vire gade Jine epi li dil...

TI POZE: Frè w Jine?

👉🏾Tousuit Phadel kouri reponn...

PHADEL: NON... E ou kiyès ou ye bòs?

TI POZE: ou fenk dil wi... M se bòs.

👉🏾Lè Jine tande se pa ak Ti Dezòd li tap pale a li sezii😦

PHADEL: Poze w tande bòs la🙋🏾‍♂️... M pa renmen lè moun ap poze kesyon sou mwen menm non!

TI POZE: How😯 ebyen dezole frèm, mpat konnen.

👉🏾Phadel fè eksprè li gade Jine aprè li di Phadel...

PHADEL: Epa Jine ap kriye, kisa w fèl la a?

👉🏾Tousuit Ti Poze di Phadel...

TI POZE: Ou pa renmen moun poze w kesyon, men ta sanble w renmen poze moun kesyon ou menm🤔

👉🏾Jine ki pa vle pou Ti Poze antre nan istwa sa a, li kouri di...

JINE: Ti Dezòd map rele w talè chr, ou mèt ale🙋🏾‍♀️

👉🏾Lè Phadel tande Jine rele patnè a Ti Dezòd, li di en souriant😀

PHADEL: Bon manman w pat jwenn nom poul ba ou ou menm😄😂... Li te ka rele w ti Ravèt tou wii😀😅

👉🏾Ti Poze pa pran nan pwovokasyon an li annik soti sanl pa di anyen...

👉🏾Tousuit Jine vire gade Phadel, epi li dil byen move😡

JINE: Ou fin touye Klark ou poko satisfè toujou, kisa w fout vin chèche bò isit la ?😡

👉🏾Ti Poze ki tap mare lasèt tenis li sou galeri a tande sa Jine di a... Lèl tande sa li seziii😳 men li ale lakay san fè bri

👉🏾Aprè Dona fin ouvri pòt la, li wè Ti Dezòd ki apiye bò mi an, li seziii..... Tousuit li di Ti Dezòd

DONA: Han lèw te dim wap vin priye pou mwen an, ou te gentan prèske rive?😳.... Ou serye🤔

TI DEZÒD: Bien sûr... Mpatap janm ka pran yon chans pou wèw pou yon blag !

DONA: M kwè ou wèm wii, konnya ou ka ale💁🏾‍♀️

TI DEZÒD: Aprè wèw mwen te anvi mete kèk pwen sur les i😊

👉🏾Dona fè tankou li etone, li di...

DONA: Ha bon..😯

TI DEZÒD: hm hm😊

👉🏾Tousuit Dona ouvri 2 menl epi li di Ti Dezòd...

DONA: Map koute w🤷🏾‍♀️

👉🏾Ti Dezòd antre epi li chita sou galeri a, li di Dona...

TI DEZÒD: Fèm kado ti dlo svp😊

👉🏾Dona pa al pran dlo a pou li, okontrè li vin kanpe devan Ti Dezòd epi li dil...

DONA: Esi w dim kisa w genyen, kisaw bezwen menm... Ki problème ou menm?💁🏾‍♀️

TI DEZÒD: Quelle insolence... Konsa w resevwa pastè lakay ou menm?

DONA: Ou ka tout bagay sof pastè

TI DEZÒD: Dona, sensèman mwen gen plizyè rezon ki jistifye prezans mwen lakay ou nan moman sa... Men sim tap eseye rezime l, mtap just di w ke mwen paka reziste ankò, ou boulvèse may mwen e coeur m reklamew kòm propriétaire l, mwen renmen w🤷🏾‍♂️

👉🏾Lè Dona tande Ti Dezòd di sa li sourii😊 tousuit Ti Dezòd di...

TI DEZÒD: Il y a du consentement dans le sourire😊

DONA: Le rire est souvent un refus...

👉🏾Ti Dezòd manyen babine Dona epi li dil...

TI DEZÒD: Près de toi, je deviens l'homme que j'ai toujours voulu être, et j'oublie ce que je suis réellement... Mwen menm avèw se tankou yon rèv tout sam fè poum reveye se anven alò mfini pa lache m ba ou, mwen lagem ba ou🥰... mwen te konn di kem pap janm renmen yon fi ak tout mwen menm, men ou, ou bay coeur m yon bal nan tête😟

👉🏾Dona retire men Ti Dezòd nan vizaj li, epi li di Ti Dezòd byen serye...

DONA: Men Ti Dezòd se enposib pouw renmenm janw vle fèm kwè a💁🏾‍♀️.... Paske ou pa konn anyen de mwen..... Pou yon fwa nan viw serye non😟

TI DEZÒD: Pa di mwen pa konnen anyen de ou... Paske mwen konnen ke se ou ki pi konn bo sou latè, ou itilize bouch ou men ou bo ak nanm🥰

👉🏾Dona vire tèt li adwat epi li di...

DONA: Du baratin, du baratin🙄 toujours du baratin.... T'es qu'un baratineur😏😏

TI DEZÒD: Pa di sa, ou se sèl moun ke menmsi m ta vle, mpaka bay manti😟.... Pou mwen ou son kreyati ekstrawòdinè💐

👉🏾Lè Dona tande Ti Dezòd di sa li souri😊

👉🏾Pandan Ti Dezòd ap gade Dona kap souri, li di Dona...

TI DEZÒD: Ou bwote bote linivè nan yon senp ti souri ki ravaje kèm😊 lè je w bat kèm bat tou💗 mpa konnen si lanmou sa a vrè, menm konnen kem renmen w anverite😟 mpa gen problème pou santiman touye m, men svp🙏 pwomèt mwen wap antere m nan kè w💗

👉🏾Rapid Dona pete kouri🏃🏾‍♀️ li antre anndan an, li kite Ti Dezòd chita sou galri a... Après 60 secondes Ti Dezòd leve li ale tou dezole, têt atè.🤦🏾‍♂️

👉🏾Lè Ti Dezòd rive devan pòtay la, li tande vwa Dona di...

DONA: Ti Dezòd... 🗣️

👉🏾Tousuit Ti Dezòd vire gade Dona😟... Dona di Ti Dezòd

TI DEZÒD: Svp pa ale... 😟

👉🏾Kote Ti Dezòd kanpe a li souri😊, Dona kouri sou Ti Dezòd epi li anbwase Ti Dezòd... aprè li kenbe tèt Ti Dezòd ak 2 pla menl, pandan lap gadel nan je li di Ti Dezòd...

DONA: Je ne sais pas si c'est une grâce de Dieu ou un coup du diable... Mais je t'aime😟

👉🏾Rapid li bo Ti Dezòd😘👅👄....

👉🏾Pandan Ti Poze ap soti lakay Jine, li rele Thamie, Thamie pran apèl la, Ti Poze dil...

THAMIE: Bb m

TI POZE: Situation an pi grav ke janm te imajine a wi chr

THAMIE: Kòmansa... ?💁🏾‍♀️

TI POZE: Frèm nan gen yon bon zanmil ki rele Klark, yo fenk sot tire l la !🤦🏾‍♂️

THAMIE: Tèt chaje, ki kote sa fèt la, frè w la gentan konnsa🙆🏽‍♀️

TI POZE: Non, misye poko konnen non... Moun ki dim sa se mennaj patnè ki mouri a e ta sanble se yon fanmi menm tidam sa ki tire patnè a.

THAMIE: Kijan ou panse Ti Dezòd ap pran sa ?

TI POZE: Kè m sote, depi se de bagay sa yo, Ti Dezòd se djab en personne... M pata renmen poul retounen moun li te ye a.

THAMIE: Kijan de moun li te ye...?

TI POZE: Li te fè 3 ans nan prizon pou jan de bagay sa yo, misye vanje lèd bb

THAMIE: Kanmèm li dwe konnen wii💁🏾‍♀️ myevo ke se ou ki dil sa.

TI POZE: Wii, map dil sa talè.

THAMIE: Mpaka fè fèt nan jan de moman sa yo, myevo mwen anile aktivite a...

TI POZE: Moun pa dwe prive kè kontan w nan jou sa bb, ou merite pou w byen viv li.

THAMIE: Depi lè m te wèw maten an, mwen te gentan fin viv li🥰

TI POZE: M tap renmen li dire plis💗

THAMIE: Un instant de bonheur vaut mille ans dans l'histoire.💯

TI POZE: Mon bonheur c'est toi, c'est ta voix, c'est ton regard.... C'est tout ce qui me charme et qui m'enivre😊

👉🏾Pandan Thamie ap pale ak Ti Poze, papal Kevin antre nan chanm lan... Tousuit li di Ti Poze A+, Kevin gade Thamie epil souri, Thamie dil

THAMIE: Sa w genyen wap souri konsa papi😊

KEVIN: Mwen just ap panse ak lè w te vini nan monde lan nan jou sa😌 pa gen pi gwo kado Bondye te ka ban mwen pase sa😊 Li ban mwen yon bèl pitit fi, entèlijant e ki chaje ak kalite😊

THAMIE: Mwen, mkontan dèske se ou li ban mwen kòm papa...😊 San ou ak manmi, mpa konn kisa m tap devni, nou toujou la pou guidée m, edem, konseyem, pwotejem anfen...🙄 nou reprezante tout lavi m😊

KEVIN: M gen kèk minutes ap tande w kap pale ak yon moun nan téléphone, se yon zanmi oubyen mennaj ou bb?

THAMIE: Se yon moun mwen renmen.

KEVIN: On dirait que vrai repons kesyon mwen an se les deux (2)😊

👉🏾Thamie riiir😀

KEVIN: Depi kilè nou renmen ou byen depi kilè ou rann kont ke w renmen l... ?

THAMIE: Sa pa gen anpil tan depi nou rankontre, men pou jan kouran an pase trè byen antre nou, pou jan nou yonn retwouvel nan lòt la, se kòmsi nou viv lanmou sa deja nan vi antérieur nou😊

KEVIN: M pral di w yon pawòl men pa panse se kont mwen kont saw santi a, ni tou pa panse kem vle mal pou ou, paske pi gwo rèv mwen se wèw jwenn yon moun ki respekte w, ki tretew byen, ki meritew, ki konnen saw vo e ki prêt à tout pou fè coeur w💗 toujou kontan🙋🏾‍♂️

👉🏾Kevin chita bò kote Thamie sou kabann lan, epi li kenbe 2 men Thamie, li dil...

THAMIE: Map koute w papi.🫠

KEVIN: Kòmansman yon relasyon toujou bèl, paske nou poko fin aprann rekonèt lòt très bien vre... Dèfwa se vrè vizaj yo ki poko fin devwale💯 Anpil moun konn regrete yo te kòmanse yon relasyon ak yon moun, dèfwa se paske yo pa vle dakò ke sèl lanmou (santiman) pa sifi pou w renmen ak yon moun, dayè sèl lanmou paka nouri yon relasyon💯...... Coeur anpil moun brize, anpil moun suiside, anpil moun fini pa vle tande pale de lanmou... se paske yo kwè ke depi moun lan jwenn chans antre nan lavi yo e renmen avèk yo ke moun sa fèt pou yo, pandan setan yo bliye ke gen kle🔑 ki antre nan seri ki pa pou yo💯🔥

THAMIE: Waaw mo w yo touchem anpil papi.

👉🏾Thamie kouri anbwase🫂 papal, Kevin dil...

KEVIN: Donk cheri, avan w bay tout ou menm pou relasyon sa, chache ki moun li ye, gade pou wè si etansyon li bòn, gade pou wè sil vle yon demen ansanm avè w, Plis fokis sou aksyon ke pawòl...

THAMIE: Kòman map fè konnen sil vle yon demen avèm...🫂

KEVIN: Depi yon gason vle yon futur avèk yon fi, lap pale fi a de pwojè li genyen, lap anvi pou fi a rekonèt kèk moun nan fanmi li, li pap pè mennenl lakay li, lap fyè de ou pandan ke chak lap prezante w ak yon moun oubyen zanmil lap di w se mennaj li... Lap flatew en public.

👉🏾Thamie bo papal epi li dil...

THAMIE: Mèsi papi, je t'aime 🫂

KEVIN: Mwen gen poum dil sa wi, men sa pa anpechem diw dil sa...

THAMIE: Kisa...?

KEVIN: Dil pou mwen si pa malè li ta fè dlo kouri nan yeux w yon jou... Map fèl pase tout rès vil ap kriye🙋🏾‍♂️

👉🏾Pou blag Thamie fè eksprè li di papal...

THAMIE: Epi chak jou li fè dlo kouri nan yeux m wii... Yon kriye kè kontan😂

KEVIN: Dezòd😊

👉🏾Pandan Ti Dezòd ap bo ak Dona konsa, Dona rale tèt li... Epi li di Ti Dezòd

DONA: Ou mèt ale😟

👉🏾Ti Dezòd eseye manyen bò vizaj Dona, Dona rale tèt li.... Epi li retounen di Ti Dezòd byen move😠

DONA: Ale, al lakay ou Ti Dezòd...😠

👉🏾Ti Dezòd ale vrèman vre san di yon mo... Lè Ti Dezòd fin ale, Dona mete 2 menl nan tèt li, epi li di🙆🏽‍♀️

DONA: Kisa kap pase nan tèt mwen konsa🙆🏽‍♀️🙆🏽‍♀️🙆🏽‍♀️

👉🏾Ti Dezòd rive lakay li, li jwenn frèl Ti Poze chita, li dil en souriant...

TI DEZÒD: Yow ou pap janm konnen kisa mwen sot viv la a😂😀😂

TI POZE: Kisa w sot viv ?

TI DEZÒD: Jodi a se yon jou mwen pa dwe janm bliye nan lavi m☺️... mpa kwè map viv yon jou ki pi bèl ke jodi sou tè sa a menm😌

👉🏾Tousuit Ti Poze di nan pansel.... "ke jou Ti Dezòd panse ki bèl la, se jou yo touye bon grenn zanmil lan🤔 li pè di Ti Dezòd sa pou Ti Dezòd pa retounen moun li te ye avan an🤔" Ti Poze raplel kijan manmanl te fè 3 ans ap kriye.

👉🏾Pandan Ti Poze pèdi nan pansel konsa, Ti Dezòd gade vizaj Ti Poze, epi li wè dlo ap kouri nan je Ti Poze😥... Tousuit li avanse anfas Ti Poze, li souke Ti Poze epi li di

TI DEZÒD: Epa wap kriye kisa w genyen man?

👉🏾Ti Poze pa reponn, Ti Dezòd retounen di pi fò...

TI DEZÒD: Manmi gen yon bagay, kot manmi?😳

👉🏾Ti Poze ap gade Ti Dezòd nan je, li pa wè kijan pou li di Ti Dezòd sal genyen vrèman.... Li annik di Ti Dezòd

TI POZE: Klark...😥

TI DEZÒD: Kisa Klark fè ?

TI POZE: Sa gen des heures depi yo sot tirel lakay li a😥 li mouri🤦🏾‍♂️

👉🏾Lè Ti Dezòd tande sa li sezii😳 epi li di...

TI DEZÒD: Kisaaa...😨😳😨

ASUIV...

Vous voulez que votre entreprise soit Discothèque la plus cotée à Gonaïves ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Bienac
Gonaïves