Ado perrier

Ado perrier

Partager

chrétien

02/05/2026

Se yon sezon kote Legliz la pa gen dwa rete menm kote ankò… li lè pou nou pase a l’autre bord.
Paske lè Bondye pale, se pa pou nou reflechi sèlman, men pou nou avanse avèk lafwa.
Nan Évangile selon Marc 4:35 li di : « Passons à l’autre bord », sa vle di gen yon lòt dimansyon k ap tann nou.
Men chak fwa ou deside avanse, gen tanpèt k ap leve.
Bib la montre sa nan Évangile selon Marc 4:37 : « Il s’éleva un grand tourbillon », men sa pa t yon siy pou yo retounen, se te yon tès lafwa.
Paske Bondye pa janm rele w pou w ret kote w te ye a.
Gen anpil moun ki prefere sekirite rivaj la olye yo pran risk avèk Bondye.
Men nan Évangile selon Matthieu 14:29, Pyè te mache sou dlo paske li te obeyi : « Viens ! »
Sa vle di, mirak yo pa fèt kote ou konfòtab, yo fèt kote ou obeyi.
Legliz la pa ka kontinye fonksyone nan limit li mete pou tèt li.
Paske nan Ésaïe 54:2 li di : « Élargis l’espace de ta tente »
Sa vle di, ou dwe prepare tèt ou pou plis, pou pi gran.
Pafwa Bondye ap mennen ou nan yon kote ou pa konprann.
Men jan li di nan Proverbes 3:5 : « Confie-toi en l’Éternel de tout ton cœur »
Sa vle di, ou pa bezwen konprann tout bagay pou obeyi.
Passer à l’autre bord, se kite ansyen mantalite, kite limit, kite dout.
Se antre nan sa Bondye te deja prepare pou ou.
Paske jan li ekri nan Jérémie 29:11 : « Car je connais les projets que j’ai formés sur vous »
Jodi a, Legliz la dwe leve, pran otorite li, epi avanse san pè.
Paske menm si gen tanpèt, Jezi nan bato a.
E kote Jezi ye, pa gen okenn tanpèt ki ka detwi destinasyon an.
Se pa yon opsyon… se yon apèl.
Se pa pou demen… se pou kounye a.
Se sezon pou nou pase a l’autre bord.adoperrier

27/04/2026

Se pa paske yon moun rele tèt li kretyen pou ou gentan mete tout mistè lavi w nan men li.
Gen moun ki gen lafwa, men yo poko gen matirite pou pote sekrè. Gen moun ki konn priye, men yo pa konn pwoteje konfidans. Tout moun ki nan legliz pa gen menm dimansyon espirityèl, paske fidelite nan pawòl se yon karaktè, se pa yon tit.
Proverbs 11:13 di: “Moun k ap mache ak tripotay devwale sekrè, men moun ki fidèl nan lespri konn kenbe yon bagay kache.”
Sa vle di se pa tout zòrèy ki fèt pou tande sa Bondye ap fè nan lavi w.
Gen benediksyon Bondye ba ou ki dwe rete anba silans jiskaske lè yo rive akonpli. Paske tout reve pa fèt pou rakonte tout moun, menm jan Genesis montre ak istwa Jozèf la; reve li te vrè, men lè li te pale twò bonè, sa te louvri pòt jalouzi ak trayizon.
Menm Luke 2:19 di Mari “te kenbe tout bagay sa yo nan kè li.”
Gen bagay ou pa bezwen eksplike, ou bezwen konsève yo devan Bondye.
Moun legliz pafwa frajil, pa paske yo pa sove, men paske yo toujou ap grandi. E yon moun ki pa geri nan nanm li ka blese sa li pa konprann. Se pou sa disènman obligatwa menm anndan pèp Bondye.
Ecclesiastes 3:7 di: “Gen yon tan pou rete an silans, gen yon tan pou pale.”
Si Bondye mete silans sou yon dosye, pa prese ouvri bouch ou.
Pa tout batay ou dwe rakonte.
Pa tout pwojè ou dwe anonse.
Pa tout doulè ou dwe ekspoze.
Gen viktwa ki grandi pi byen nan sekrè.
Paske gen bagay lè yo rete ant ou menm ak Bondye, yo konsève onksyon yo.
Gen pawòl lè yo soti twò bonè, yo ekspoze w a jalouzi, kritik, ak atak.
Sekrè pa toujou mank konfyans, pafwa se sajès espirityèl.
Pwoteje sa Bondye ap bati nan lavi w.
Paske tout moun ki di “Amen” pou ou pa nesesèman ka pote revelasyon ou.
Pafwa pi gwo disiplin espirityèl la se pa pale… se konnen sa pou w pa di.
Tout moun nan legliz se frè ak sè, men se pa tout ki konfidans ou.
Paske sa Bondye revele w nan lapriyè, pafwa li fèt pou lotèl la, pa pou foul la.

25/04/2026

Bénédiction se favè, gras ak byennèt Bondye mete sou lavi yon moun. Nan sans biblik, se pa sèlman resevwa bagay materyèl (lajan, kay, travay), men se tou lapè, pwoteksyon, favè, direksyon, ak prezans Bondye.
Kilè yon moun beni?
Yon moun beni lè:
Bondye mete favè li sou lavi li, menm nan mitan eprèv.
Li mache nan obeyisans ak volonte Bondye.
Lavi li pote fwi pou lòt moun, paske benediksyon pa sèlman pou tèt pa w.
Li gen lapè andedan li, menm lè deyò gen tanpèt.
Bondye separe l pou yon objektif akonpli.
Bible montre sa nan plizyè kote:
Psaum 1: moun ki mache dwat tankou pyebwa ki plante bò dlo — sa se benediksyon.
Deut28: obeyisans pote benediksyon.
Mat5: Jesus rele moun ki gen kè pwòp, ki fè lapè, “beni”.
Yon moun beni se pa yon moun ki pa gen batay, se yon moun Bondye akonpaye nan batay yo.
Ou beni pa sèlman lè ou resevwa sa ou te mande, men lè Bondye kenbe ou menm nan sa ou pa t vle pase a.

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Jeremie ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Type

Site Web

Adresse


Jeremie