Ell'Initiative

Ell'Initiative

Partager

Empower women and girls. Rann fanm ak tifi otonòm. Autonomiser les femmes et les filles.

03/04/2026

Jodi a, 3 avril, make Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn yo. 🇭🇹

Se yon jounen pou nou sonje batay, kouraj ak detèminasyon fanm ayisyèn yo ki, depi lontan, ap leve kanpe pou defann dwa yo, diyite yo ak plas yo nan sosyete a.

Mouvman fanm yo te toujou yon fòs nan chanjman sosyal an Ayiti. Gras ak angajman yo, anpil avansman fèt nan kesyon dwa fanm, menm si gen anpil chemen ki rete pou nou fè.

Jounen jodi nou pa dwe sèlman sonje sa jounen sa reprezante, men tou, nou dwe kontinye angaje nou :
✔️ pou konbat vyolans sou fanm ak tifi
✔️ pou mande plis jistis ak egalite
✔️ pou bati yon sosyete kote fanm gen menm opòtinite ak gason.

Ell’Initiative salye tout fanm k ap lite chak jou, epi renouvle angajman li pou kontinye travay pou pwomosyon ak pwoteksyon dwa fanm ak tifi yo.

✊🏾 Ansanm, an n kontinye leve vwa nou !

Photos from Ell'Initiative's post 10/03/2026

Samdi ki te 7 mas la, Ell’Initiative te òganize yon kozri espesyal lavèy selebrasyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo. Aktivite sa a te fèt anba tèm :
« Dwa. jistis. Aksyon. Pou tout fanm ak tifi. »

Se te yon bèl moman refleksyon, pataj ak dyalòg sou enpòtans pou kontinye batay pou respè, pwoteksyon ak pwomosyon dwa fanm ak tifi yo.
Nou remèsye anpil entèvenan nou Madam Neslie François Morose pou disponiblite li ak pou tout refleksyon enpòtan li te pataje ak asistans lan.
Nou di mèsi tou ak tout moun ki te pran tan yo pou patisipe epi kontribye nan diskisyon yo.
Ansanm, an n kontinye leve vwa nou pou yon sosyete kote dwa fanm ak tifi yo respekte vre.

📸 Gade ansanm ak nou kèk imaj nou te pran.

08/03/2026

Hommage à toutes les femmes !

Continuons ensemble à faire avancer l’égalité.

19/02/2026

Nous souhaitons un très joyeux anniversaire à Dieuvanie en ce nouveau printemps.🥳🥰

02/02/2026

Ell’Initiative ap eksprime gwo chòk, gwo tristès ak gwo endiyasyon li apre nouvèl lanmò trajik jèn etidyan Neissa Tima. Nou voye tout senpati, konpasyon ak solidarite nou bay fanmi l, zanmi l, kamarad li yo ak tout kominote inivèsitè a k ap soufri nan doulè sa a.

Pèdi yon jenn fanm nan kondisyon sa yo se pa sèlman yon trajedi pou fanmi an, men se yon gwo alam pou tout sosyete a. Sa montre, yon lòt fwa ankò, jan lavi fanm ak tifi yo ap kontinye an danje, epi jan vyolans kont fanm ap kontinye fè ravaj nan silans ak nan enpinite.

Ell’Initiative pa ka ret silans devan zak babari sa a. Nou leve vwa n pou n mande verite ak jistis pou viktim nan ak fanmi l. Pou otorite yo fè tout sa k nesesè pou fè limyè sou ka sa a, idantifye responsab yo, epi asire yo peye pou krim sa.

Nou vle raple tou enpòtans pou Leta, enstitisyon yo ak tout aktè sosyete a pran responsablite yo seryezman pou mete an plas mezi konkrè pou pwoteje fanm ak tifi yo, pou garanti sekirite yo, epi pou konbat tout fòm vyolans ki vize yo.

Pou Neissa, pou tout jenn fi ki pèdi lavi yo twò bonè, nou di : nou pa p bliye, e nou pa p fè silans !!

Bon travèse, Neissa Tima ! 🕊️

23/12/2025

Yè te make yon lòt etap enpòtan pou Ell’Initiative. 3 lane angajman, 3 lane batay pou diyite ak dwa fanm, 3 lane kouraj ak solidarite. Mèsi a tout moun ki mache avè n, se ansanm n ap kontinye fè chanjman posib. 💪🏿❤️🧡💜

12/12/2025

Ell’Initiative a participé à des séances de formation avec GRADE autour du thème “Plaidoyer et Engagement Citoyen”.
Une belle cérémonie de clôture s’est tenue ce dimanche 7 décembre 2025, marquant la fin d’un parcours riche en apprentissages et en échanges.

Ell'Initiative reste engagée pour une société plus juste, inclusive et participative.❤️🧡💜

Vous voulez que votre organisation soit Organisation à But Non Lucratif la plus cotée à Jeremie ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Jeremie