Recere-N
Regroupement des Citoyens Engagés pour le Renouveau des Nippes (RECERE-N)
29/05/2026
Omaj ak Jean Eder, yon militan angaje ki kite nou twò bonè
Se ak anpil lapenn, RECERE-N ap viv lanmò brital, youn nan enfatigab manm fondatè li yo, Jean Eder, nan jounen jedi 28 me 2026 la san li pat prezante ankenn sin malad vizib.
Nouvèl sa boulvèse tout ekip la, ki depi 2019 ap konstwi rapò bon vwazinaj ak kamarad Eder, ki te toujou prezan pou òganizasyon an, nan bon kou nan move tan.
Se vre, anpil moun konnen li kòm sekirite pwòch kowòdonatè RECERE-N nan, ki se pwofesè Frantz Délia. Men an verite, li te plis pase sa pou òganizasyon an. Se li ki te responsab dosye lojistik nan RECERE-N, yon travay li te konn fè ak anpil lanmou ak pasyon.
Nan lokalite Fleran, komin Lazil kote li soti, li te yon moun ki te gen anpil ekout, respè, sajès ak lidèchip. Menm kamarad li yo nan ONA kote li t ap travay kapab temwaye sa.
Disparisyon sanzatann sa plonje tout ekip la ak kominote a nan gwo doulè, lapenn ak refleksyon.
Se yon okazyon pou nou reflechi sou aksyon pozitif nou yo pandan n ap viv, paske gran vwayaj la pa avèti pèsonn.
Nan moman difisil sa a, RECERE-N ap prezante senpati li bay fanmi, pwòch ak tout moun ki te konnen Jean Eder. Òganizasyon an pran angajman pou kontinye mache sou tras li, nan sèvis, angajman ak devouman pou kominote a. Repoze an pè, kamarad Eder. Memwa ou ap toujou viv nan kè nou.
Ki leson nou tire lè nou wè anpil moun ki tap kritike prof Delia Frantz pou fomasyon gratis li tap bay jèn yo, lage nan tout bwa kounya ap fè Fomasyon tou, malgré anpil nan yo fèl trè mal ?
Delia Frantz metyew se AVNIW
Ki kalite Lidè nou vle?
Moun kap fè pwomès, oubyen moun kap poze aksyon?
Yon METYE vo plis ke yon pwomès!
DELIA Frantz: Metye w se avni w!
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l’organisation
Téléphone
Site Web
Adresse
Route Nle. #2 Desrisseau
Miragoâne
HT7412