Tipa tipa nap rive

Tipa tipa nap rive

Partager

nou la pou sevis lokal et komes detay ak bay info tankou jounal

05/05/2021

Men yon ti solisyon pou medam yo,pa gen anpil fi ki gen konesans sa yo ekzèsis Kegel li bon pou medam yo travay perine yo, ou ka asosyel a "boule de Geisha" , wap gon perine a yon vajen ki tòf,pataje tèks sa pou plis fi jwenn konesans paske li bon pou fanm ansent ki vle fasilite akouchman, ki pa vle pran sizo ni gen emowoyid , li bon pou fi ki konn gen vajen kap fè bri tankou pete lè yap fè sèks e vajen ki lach

Avanm kòmanse map di nou medam Sin ta renmen gen boul de Geisha rele nan +509 44 04 0140
Sin gen whatsapp klike sou lien sa nap antre an kontak dirèk a yon responsab kap livrel pou nou
https://wa.me/+50944040140

Ekzèzis kegel a boul geisha ranfòse perine medam yo, perine an son "muscle" ki nan ti espas ki nan mitan twou vajen an a twou dèyè ,li soutni vesi, matris, entesten(trip), lè w kontraktel vajen an kontrake tou, siw vle stimilel, fè mouvman komsiw tap kenbe p**i epiw kenbe p**i an , wap wè ti espas sa kontrakte, medam ki ansent yo avan nou fè mouvman sa yo, fòk nou gon gwosès ki an bòn sante, siw gen pwoblèm li pa konseye

Ann kòmanse a ekzèsis Kegel yo ,li gen non sa se paske premye doktè ki te travay sou perine an se te Dr Arnold Kegel ki te yon jinekològ nan ane 1948, li te envante mouvman sa se pou anpeche medam yo pran sizo a operasyon, e pou dekontrakte perine an

Fanm ansent konn gen pwoblèm kenbe p**i pandan akouchman oubyen aprè,li ede medam yo akouche pi fasil paskel ede yo konprann mouvman kontraksyon a relachman pandan akouchman e lèw ap sèvi a "Boule de Geisha" se mouvman kontraksyon a relachman ou pral fè lèw metel nan vajen an, ou tou antrene pou akouchman,ekzèsis sa yo nou pral pale la pèmèt fi an gon bon akouchman e poul reprann aprè akouchman

medam yo konn ap fè sèks vajen yo ap fè yon bri tankou pete , oubyen vajen an konn lach, se solisyon nou medam

Avan w fè ekszèsis Kegel yo li enpòtan pouw lokalize muscle ou pral travay la, m te di nou se espas ki ant vajen a twou dèyè an,fè komsiw tap p**i epiw kenbe p**i wap santi zòn sa kontrake

Pou fi ki fenk akouche yo li pa enpòtan pouw plede fè ekzèsis Kegel nan premye semenn yo aprè akouchman li ka reveye doulè, 3 seri de 10 repetisyon sifi

Se 4 Ekzèsis yo ye ann kòmanse a 1

Ekzèsis 1
Avanw komanse ,ou dwe p**i e al twalèt, si vesiw plen ou ka p**i sou ou e reveye doulè
-kontrakte sèlman perine an pa kontrakte ni vant ou ni dèyèw, ou ka met yon men sou vant ou pouw sa sure ke w pa kontrakte vant ou
-respire byen pa bloke respirasyon

-chita sou yon chèz ou yon ti kote
-kontrakte perine an pandan 5 segond epi lachel pandan 10 s, pa fè plis ke tan ke sa
-pran yon ti poz de 10 segond epi rekòmanse, pratike ti ekzèsis sa pandan 10 fwa pandan 3 a 4 fwa pa jou

Si 5 segond twò di ,ou ka fè 2 a 3 segond, ou ka relache pandan 4 a 6 segond

Siw gen do oubyen vant fè mal se kew mal fè ekzèsis la, sa di se dow a vant ou, ou te kontrakte olye de perinew,nan ka sa plake dow nan mi siw chita

Ekzèsis 2
-kouche sou do,tèt ou dwe atè ,relache dow atè an,bra lon kòw, pyew atè janb ou pliye, sere youn kont lòt , kontrakte perinew pandan 10 segond relachel pandan 10 segond

Ekzèsis 3
Kouche pi pliye jenouw,
Enspire pwofon(rale lè antre)
-soufle lantman pandanw ap kontrakte perinew , kenbe souf ou, fè komsi lè an tap sot nan vant ou pou monte nan pwatrin ou, vant ou ap antre epi pwatrin ou ap bonbe,sa pèmèt muscle perine an byen kontrakte , ekzèsis sa pèmèt moun liberasyon tansyon fizik e chase strès tou

Ekzèsis 4
Kouche sou do kenbe tet ou sou sòl la ,kontrakte dèyèw ,pi souvle dow lantman pandanw ap kontrakte perinew, kite tèt ou sou sòl la pandanw ap leve dow , enspire (rale lè)pandan 10 segond, pi redesann dousman pandan ap soufle, depoze dow dousman relache muscle e pratike ti ekszèsis sa pandan 10 fwa afile

Ann wè kèk efè boul de Geisha li menm
premye efè an nou konnenl li miskle perine an lè fi an antre l nan bouboun li e fè ekzèvis , mouvman reflèks perine an kapte boul yo anndan bouboun fi an, sa vin rafèmi a devlope miskl nan perine yo a nan vajen an, sa depann de nonb boul a pwa boul nou itilize yo paske pake an gen plizyè boul

2-gen de fi ki konn paka kenbe p**i aprè yon operasyon nan basen ki konn koze domaj, tankou pou kis, sezaryèn oubyen fibwòm etc...boul de Geisha yo anpeche sa, paskel miskle rejyon nan basen an, a koz de perine an ki fò an wap ka solitite l pou kenbel

3-li bon pou fi ki gen vajen sèk ki paka mouye,sa ki konn blese vajen fi an oubyen peni gason an pandan rapò an paske lè fi an pa byen mouye fwotman yo ka blese peni gason an oubyen vajen fi an,
Lè medam yo sèvi a boul de geisha fwotman boul de Geisha a pawa vajen an stimile sekresyon(bay ti likid) vajen an e fè fi an mouye .

4-li bay plis plezi nan rapò seksyèl yo akoz li travay kouch "muscle" ki nan vajen an, bouboun fi an byen sere, li byen kenbe peni an e gason an jwenn plis plezi e fi an tou paskel pèmèt yon afli san nan rejyon vajen an

Kijan poun sèvi avèl?
1-avann sèvi avèl ,dabò fòn al p**i poun vide vesi nou medam,aprè lave men nou, mete boul yo tranpe nan dlo cho pandan yon ti tan pou elimine jèm mikwòb yo oubyen lave yo a savon,pou pa pote jèm mikwòb nan bouboun nou

2- avanw antrel ou ka met ti dlo sou li, oubyen sèvi a librifyan pou librifyel pou fasilitel antre l( siw genyen) antrel dousman oubyen virel pandanw ap antrel, antre youn oubyen 2 sa depann de ou paske lè nachtel yap wè jan yo prezante kite tifil la deyò

Ou ka sèvi avèl chak jou pandan 10 a 30 minit , lèw metel ou ka fè mouvman pou kontrakte vajenw ,konsa tou ou ka metel epiw okipew de tout aktivitew san pwoblèm san fòse anyen, senpleman rete an mouvman lèl nan bouboun nou,poun ka travay "muscle yo"

Aprè 10 a 30 minit (30 minit se tan ideyal la)Lè nap retirel kounya detann nou,rale fil la,retirel delikatman san fòse netwayel epi metel yon kote ki pwòp

Ki boul pou chwazi ? Pouw konn a ki boul pou sèvi sa depann de nivo miskilasyon perinew lach tankou aprè akouchman oubyen aprè menopoz komanse a sa ki gen 3.5cm dyamèt la

Lè rejyon an komanse miskle ou ka pase a yon pi gwo boul oubyen 2 boul,siw pako gen pitit ou gen mwens ke 30 an ou ka sèvi a sak pi piti an avan e detanzan lè vajen a perine an byen miskle ou ka sèvi a yon pi gwo yo

Sin ta renmen gen boul de Geisha medam rele nan +509 44 04 0140

Sin gen whatsapp klike sou lien sa nap antre dirèk a yon moun kap livrel pou nou
https://wa.me/+50944040140

Like & pataje
Tag yon zanmi li avèw
Norbrun Kerry Care-ry

30/01/2021

Quelques règles pour vivre longtemps :
Non aux :
- 1. Non à l'huile raffinée
- 2. Non aux laits d'origine animale
- 3. Non aux cubes maggi, cubes d'assaisonnement(bouillons).
- 4. Non à la consommation des jus gazéifiés des différentes brasseries (32 morceaux de sucre par litre)
- 5. Non aux sucres raffinés
- 6. Non aux micro-ondes
- 7. Non à la mammographie avant accouchement, mais echomamaire
- 8. Non aux soutiens gorges trop serrés
- 9. Non à l'alcool
- 10. Non au réchauffage des repas congelés
- 11. Non à la conservation de l'eau au frigo dans des bouteilles plastiques...
- 12. Toutes les pilules contraceptives ne sont pas bonnes parce qu'elles changent le système hormonal de la femme et donnent le cancer.
- 13. Déodorants sont dangereux surtout utilisés après rasage.
- 14. Les femmes qui allaitent attrapent moins le cancer du sein que celles qui n'allaitent pas.
- 15. Les cellules cancéreuses se nourrissent essentiellement de sucre, tout ce qui est sucre synthétique même le marron.
- 16. Un cancéreux qui supprime le sucre dans son alimentation voit sa maladie régressée et peut vivre longtemps: sucre = ennemi mortel.
- 17. Un verre de bière fait 5h dans le corps et pendant ce temps les organes du système fonctionnent au ralenti.
- 18 non aux tabacs.
Oui aux :
- 1. Crudités
- 2. Miel en quantité mesurée à la place du sucre
- 3. Protéines végétales telles le haricot par rapport à la viande
- 4. Deux verres d'eau à jeun avant même brossage des dents, de l'eau gardée dans sa chambre ayant la même température que nous au réveil 
- 5. Repas non rechauffés
- 6. Jus anti cancer: aloe véra + gingembre + persil + céleri + promaline (milieu de l'ananas) mixer et boire à jeun.
- 7. Autre jus anti cancer: corossol (sans pépins)+promaline.
- 8. Manger la carotte crue ou cuite ou en jus chaque jour.
Juste pour partager l’info .
L'association des docteurs Américains a donné des réponses à la cause de cancer .
- 1. Ne buvez pas du thé dans une tasse (gobelet) en plastique.
- 2. Ne mangez rien de chaud dans un papier ou sac plastique. Exemple : Pomme de terre ( frite).
- 3. Ne faites pas cuire les aliments au micro-onde en utilisant du matériel plastique.
Pour rappel :
Quand le plastique est en contact avec la chaleur, cela crée des produits chimiques qui peuvent causer 52 types de cancer.
Ce message vaut mieux que 100 SMS inutiles.
Informer vos familles , amis , afin de sensibiliser les effets néfastes sur votre corps .
 Évitez de boire du Coca Cola sur de l'ananas ou après que vous ayez mangé de l'ananas comme dessert.
Ne panachez surtout pas du jus d'ananas avec du Coca.
Ce mélange est mortel ! Des gens y décèdent et on croit à tort qu'ils ont été empoisonnés.... Ils ont été victimes de leur méconnaissance de ce cocktail mortel !
Important Conseils santé:
 Répond aux appels téléphoniques avec l'oreille gauche.
 Ne prend pas tes médicaments avec de l'eau glacé ....
 Ne mange pas les repas lourds après 17 heures.
 Boit plus d'eau dans la matinée, moins la nuit.
 Meilleur temps de sommeil est 22 heures -4 heures.
 Ne vous allongez pas immédiatement après la prise de médicaments ou après les repas.
 Lorsque la batterie de votre téléphone est faible à la dernière barre, ne pas répondre au téléphone, parce-que le rayonnement est 1000 fois plus puissants.
 Peux-tu transmettre cela aux personnes que tu aimes ?
Je viens de le faire, la prévention ne coûte rien.❤❤💕🙏🙏

26/01/2021

Maladi gal ap fini a moun lagonav nan moman men foto yon timoun mwè kap lite a gratèl la , mezanmi bagay yo grav ,pa neglije pataje tèks sa pou alète popilasyon pou pwoteje tèt yo

eskew konnen aktyèlman an Ayiti gen yon gratèl ki anraje deyò an, vin li ansanm kisal ye ,kijanw ka pran l ,e kijan pou pwoteje pou tèt ou

maladi ki koze gratèl sa deyò an se maladi gal

gal koze pa yon parazit ke yo rele Sarcoptes scabiei homonis femel parazit sa kreze tou nan po an e ponn ze, aprè 3 a 4 jou ze an eksploze pou libere lav, e lav sa yo pral plede fè ti siyon nan po moun nan, yon ayisyen aktyèlman ki viktim de gratèl sa gen anviwon 5 a 10 parazit kel ap mache bay moun

kiyes ki a risk pou pran gratèl la?
-moun kap evolye kote ki gen anpil moun tankou mache ,lopital , lekòl
-kote aksè dlo redwi
-moun ki gen moun lakay li kap plede grate e ki pa janm al kay Dr

kijanw ka pran nan gratèl sa?
li trè kontajye moun ka bay li fasil nan kontak po a po , nap jwenn anpil fwa se timoun ki pranl nan lekòl yo , nan yon kay konn gen plizyè moun ki pranl,nan kontak pandanw nan yon rapò seksyel, nou ka pranl nan rad nap sèvi a lòt moun

nan tout ka li merite trètman paskel pap geri konsa konsa e moun nan ka transmèt lòt moun li byen fasil depiw an kontak a moun ki gen gal ou ka pranl tou e sak fè depi moun ap fè trètman li nesesè poul bouyi tout rad tout dra ki nan kay la e met matla yo pran solèy

kisa moun nan ap santi?
moun nan ap santi yon gratèl ki vin fò sitou nan nwit,ki konn anpeche moun nan dòmi

kote ki plis touche ,moun nan plis grate se:
-fant dwèt li
-anba bral
-tete fi an
-òga'n jenital mesye yo
-vant sitou nan wonn lonbrit lan

ann wè lòt tip gal paske tout pa vin sou menm fòm pouw ka diferansye yo:
-gon tip gal nou jwenn kay bebe a timoun yo , gen yon bann boul nan pla men yo a pla pye yo , li konn bay aspè ekzema, yo konn pran dol , vizaj, po tèt yo konn pran, wap gen yon bebe ki irite, ki fatige el konn pa vle dòmi , manman ka bay bebe an , e timoun nan ka pranl lekòl li e bay manman li

-gon gal ki fè po moun nan chaje ti kwout yo ke nou jwenn souvan lakay granmoun ki aje yo, fòm sa ekstrèman kontajyez moun ka pranl fasil paske kategori moun sa yo gen anpil anpil parasit sou yo
granmoun yo tèlman ap grate po yo konn fann e bakteri tou pwofite penetre kò yo , yo konn gaye nan kò gramoun yo e ka menm touye moun nan

-gon lòt tip gal nou jwenn lakay moun ki trè pwòp ,moun sa yo pa gen okenn règ lijyèn ou pral repwoche yo, li prezante tankou yon ekzema ke malgre moun nan ap swiv trètman, li pa janm jwenn solisyon e pandan tan sa lap mache bay lòt moun li
men kijan poun diferansye gal de lòt maladi po ki ta vle sanble avèl

kelke aparans ou ta wè po an genyen , pil ti bouton kap grate moun nan sak pral diferansye gal la de tout lòt maladi po se ke nan gal la moun nan grate anpil sitou nan nwit sa nou pa jwenn nan lòt maladi po yo ki ta vle sanble a gal e gratèl sa konn menm anpeche moun nan dòmi

menvoke ekzema anpil nan lòt fòm gal la ka parèt sou yon moun ann rapidman fè diferans lan , poun pa konfonn yo, nan gal la po moun nan pa sèch epi si moun nan gen ekzema li pap bal gratèl nan nwit karakteristik sa se pou gal

kisaw ka fè poum pa trape gratèl sa?
pi gwo prevansyon an se moun ki fè gal la ki pral pwoteje moun ki nan antouraj li pou sa fèt fòl al kay doktè e swiv trètman

ou menm ou gen pou limite kontak avèk tout moun ou ta remake kap grate
- limite rad wap sèvi a moun
-izole moun kap plede grate
-lave menw plizyè fwa nan yon jounen sitou lèw fin bay lamen

-siw te gen moun ki viktim de gratèl la bouyi tout rad li e mete matla yo nan solèy

like & pataje
idantifye yon moun li avèw poul o kouran de gratèl la

Norbrun Kerry Care-ry

Photos from Tipa tipa nap rive's post 11/09/2020

🌸𝗔𝗦𝗧𝗨𝗖𝗘 𝗡𝗔𝗧𝗨𝗥𝗘𝗟𝗟𝗘 𝗣𝗢𝗨𝗥 𝗥𝗘𝗦𝗦𝗘𝗥𝗥𝗘𝗥 𝗟𝗘 𝗩𝗔𝗚𝗜𝗡 🥰

Après l’accouchement ou certaines expériences sexuelles intenses, la femme a « le vagin large » 😱 ce qui amène certains hommes qui aiment les vagins étroits à l’infidélité. 😬

Votre page 🥰 soucieuse du bien-être de la femme ☺️

👉Préparation
- Bien laver les feuilles de manguier et goyavier
- Faire bouillir les deux feuilles ensemble pendant 15 à 20 minutes
👉Utilisation
- Mettre dans une bassine ou un seau
- Puis s’asseoir et laissé la vapeur, vous pénétrez pendant 20 à 30 minutes
- Répéter cela deux fois par semaine pendant un mois

Vous redeviendrez étroite et fraîche comme à 16 ans 👩, ce qui fera le bonheur de votre homme.
Femme étroite + homme heureux = bonheur dans le foyer 👨‍👩‍👦.

✅ 100 % satisfaction

01/09/2020

Mesye Kòman nou ka fè tès ADN lakay nou?
San nou pa bezwen al depanse lajan

Li trè fasil pouw konnen si timoun nan pou ou oubyen si l' pa pou nou.

Pran not!

Tès ADN koute chè epi rezilta pran tan. Ebyen avèk resèt senp sa wap ka dekouvri si se ou ki papa timoun nan san ou pa ale lopital pou al fè tès.
Se yon teknik trè senp ou ka fè avèk ze.
Ann swiw swiv etap yo.

Etap 1: wap achte 3 grenn ze peyi

Etap 2: ou prale nan yon chanm kay ki avid, wap bezwen yon ti recho 3 pye ak yon ti chabon ladanl,yon fouchèt ak yon asyèt blan ki poko sèvi ak yon ti sèl san sèvi tou epi yon ti pwalon

Etap 3:epi fèmen tout pòt asirew ke pa gen lòt moun kap gade'w.

Etap 4: wap pran fouchèt la kase tou lè 3 ze yo mete nan asyèt la. Epi Bat li byen bat

Etap 5: wap rache yon zonyon mete ladanl ak yon ti piman mete yon ti sèl san sèvi kontinye bat li pou jis sèl la fonn ladanl

Etap 6: limen yon ti dife nan ti recho 3 pye a, epi mete pwalon an cho, lèl fin cho vide yon ti lwil tou piti ladanl

Etap 7: lè lwil la fin cho vide ze a, lè ou santi li vle boule ou vire ze a nan pwalon an.

Etap 8: lè ze a fin kwit metel atè chèche yon moso twal blan kouvril pandan li atè.

Etap 9: ouvri pòt la pou sòti piga ou pale ak pyès moun

Etap 10: epi jis ale nan boulanje ki pi prèw la achte 2 pen pwent pran yonn bay madanm ou yonn pou nou ka manje ak ze a

Epi tou bliye afè bagay tès ADN ou an tande frèm, se sa madanm ou diw la ki verite tande. Ou se papa timoun , okipe pitit ou point barrrrrr.

30/07/2020

DANJE RAVÈT GENYEN SOU SANTE NOU.lèn ap tiye yo pa kraze yo men poukisa...

Pataje tèks sa paske Ravèt se yon bet anpil moun pè oubyen alèji ak li,Men genyen anpil tou ki pa bal regle anyen pou yo.
Li la yo wel yo pa kouri deyel ni cheche retirel paske yo panse bet lan pa anyen li pap fe yo anyen.

Ebyen jodia mwen vin pale nou de danje bet sa a genyen sou lasante nou.

Anpil moun pè ravèt paske se yon bet ki konn toujou nan twalèt sitou nan twalet an bwa yo,Men yo pa jan’m konnen ki kalite danger ravet lan pesonelman reprezante.

Saliv,Twalèt ak Karapas ravèt lan,Se yo men’m ki pi danje pou lasante,Yo gen anpil danje ak anpil maladi yo kapab koze,tankou: Opresyon,Epatit,Tibèkiloz,Salmoneloz,Etc...

Gen kèk ka,ou kapab jwenn kek moun li bay kek enfeksyon tou,Tankou: Mikoz,Chanpiyon.

Selon kek etid,Yo remake depi ravèt nan yon anviwoneman li gen kek efè s*kolojik li kapab fè sou moun ki nan espas lan,E genyen li men’m konn pwovoke stres lakay yo.

E yo remake tou,Depi genyen anpil ravèt yon kote,Li kapab degajew yon movè ki kapab pwovoke pwoblem respiratwa,E bay gwo alèji sou po.

Se pa selman sou sa nap manje pou nou evite ravèt pase,Se yon bet nou pa sipoze tolere ditou nan kay kote nap viv paske se yon bet ki danje anpil pou lasante.

BONIS: Li pa rekomande tou pouw kraze ravèt yo lew remake yo,Li tap pi bon siw itilize ensektisid pouw touye yo san’w pa kraze yo,Paske lew kraze yo,Ze yo gen kapasite pou miltipliye e pwodwi yon ekip ti ravèt nan anviwoneman an ki kapab koz ou vin genyen yon paket ravèt.

🦠Pa bliye Kowonaviris ap fè yon dega nan mond lan,Toujou lave men nou,Pa soti san bezwen.
Pa bliye tou mete kapot,Pou evite fè timoun san nou pa pare pandan moman konfinman an.

Like&pataje pou plis moun ka jwenn konesans
Idantifye yon moun li avèw
-Faïly Trazil Ander-Son-

Pataje atik lan pou mesaj la kapab rive jwenn plis moun,pouw pa rate youn nan atik mwen yo Like paj lan pandanw ap
Klike sou lyen sa a:
https://www.facebook.com/DrTrazil/

Vous voulez que votre entreprise soit Bar la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Delmas 75
Port-au-Prince