MediCoach

MediCoach

Partager

Mentalité, Élégance, Discipline, Implication

22/01/2026

📍 Jérémie | Sensibilisation & Prévention

Kèk jou apre patisipasyon ekip MediCoach Jérémie nan emisyon « Ti koze sou la SANTÉ » sou Radio Expérience FM 106.7, kote nou te mete aksan sou enpòtans konsiltasyon prénatal, yon ka reyèl idantifye nan kominote a vin raple nou fòs mesaj sa a.

Ka sa a montre ke konsiltasyon prénatal se yon etap esansyèl pou:
• detekte bonè malfòmasyon oswa pwoblèm sante pandan gwosès,
• asire manman an resevwa bon swivi medikal ak konsèy,
• prepare pou yon akouchman an tout sekirite,
• pwoteje lavi manman ak tibebe a.

🎙️ Emisyon radyo a te plis pase yon diskisyon:
👉 se te yon apèl pou prevansyon ak aksyon.

MediCoach ankouraje tout fanm ansent nan Jérémie ak Grand’Anse:
✔️ Kòmanse konsiltasyon prénatal bonè
✔️ Fè tout vizit yo jan pwofesyonèl sante yo rekòmande
✔️ Chèche swen nan sant sante ki kalifye

Konsiltasyon prenatal se pa yon chwa, se yon pwoteksyon.
Ann kontinye mete prevansyon an premye.

Photos from MediCoach's post 25/12/2025

📍 JÉRÉMIE | 23 DESANM

Nan dat 23 desanm, ekip MediCoach, an kolaborasyon ak EDIR (Équipe Départementale d’Investigation et de Recherche), te reyalize yon aktivite teren enpòtan nan Grand’Anse, Soti depi Désarmeau rive Anse-d’Hainault.

Aktivite sa a te konsantre sou vizit ak rankont estratejik ak plizyè enstitisyon kle tankou HCR ak CCS yo, nan objektif pou:

📊 Fè resansman sou mòbidite maladi ki evitab pa vaksinasyon

🦠 Kolekte done sou maladi enfektyez ki afekte popilasyon an

🤝 Ranfòse kolaborasyon ant aktè sante piblik yo sou teren an

Jounen sa a te make pa yon bon nivo angajman, pwofesyonalis ak kowòdinasyon, sa ki fè li tounen yon eksperyans remakab pou tou de MediCoach ak EDIR. Aktivite a konfime angajman MediCoach pou sipòte sistèm sante a, amelyore siveyans epidemiolojik, epi pote solisyon ki baze sou done reyèl pou byennèt kominote yo.

🙏 MediCoach remèsye EDIR ak tout enstitisyon patnè yo pou kolaborasyon solid sa a, epi renouvle volonte li pou kontinye travay ansanm pou yon sante miyò pou tout moun.

Vous voulez que votre entreprise soit Salon De Beauté la plus cotée à Tabarre ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Tabarre 49
Tabarre
6132

Heures d'ouverture

Lundi 07:00 - 22:00
Mardi 07:00 - 22:00
Mercredi 07:00 - 22:00
Jeudi 07:00 - 22:00
Vendredi 07:00 - 22:00
Samedi 09:00 - 20:00
Dimanche 09:00 - 18:00