Allset Consulting Agency
tradiksyon Français/kreyòl/English
Enfòmasyon ak èd pou ranpli fòm imigrasyon
notarizasyon dokiman
referans avoka imigrasyon si w bezwen
Sekretè Deta renouvle pou . Not pou laprès la soti jodi 28 jen 2024 la. Pou w ka benefisye de TPS sa a, men dat ou dwe sonje yo:
- 3 jen 2024 : fok ou te gentan ozetazini anvan dat sa (moun kap fè TPS premye fwa yo). Si ou rive Ozetazini jou kite 4 jen 2024, selon sa sekretè Deta Mayorkas di, ou pa ladann.
- 1 jiyè rive 3 fevriye 2026 : ou ka ranpli papye epi mande TPS ak kat travay ou (Moun kap fè TPS premye fwa)
- 3 fevriye 2026 : se dat ekspirasyon nouvo kat travay ak nouvo TPS yo. E se dat ekspirasyon ki ap sou sa yo poko reponn.
- 1 jiyè rive 30 out 2024 : Se nan fouchèt dat sa yo (60 jou) moun ki gen TPS déjà yo, dwe renpli epi voye papye yo ale.
- 3 out 2025 : se dat sa ki vrè dat ekspirasyon kat travay ou gentan gen nan men w lan, menm si li make ekspire anvan sa
Pou kèk moun (sa pral depann de ki dat ou te premye aplike pou TPS, ou ka mande moun kap ranpli pou ou a si pwolongasyon sa a konsène w), si ou te gen kat travay déjà ou ka aplike pou yon nouvo kat, men si nouvo a pa gentan vini anvan 4 out 2024 la, sa w gen nan men w lan valab jiska 3 out 2025. Fè anplwayè w konn sa a. ATANSYON : dat sa pa valid pou tout moun ki te gen TPS déjà.
3 fevriye 2026 : se dat ekspirasyon nouvo kat travay yo ak nouvo TPS yo.
SONJE : Si ou te aplike pou TPS ak kat travay epi ou pot ko janm resewa yo lè 1e jiyè rive, ou pa bezwen depanse kòb pou w ranpli yon lot aplikasyon. Poze. Y ap tou voye kat yo ba ou pou yo valab jiska 3 fevriye 2026.
12/03/2023
Pandan tout mwa desanm nan pou rive 15 Janvye 2024, Allset ap ofri yon rabè 40% sou tout sèvis li yo alawonbadè: fòm imigrasyon, tradiksyon dokiman, notarizasyon. Rele oubyen what’s app nou nan (888) 568-9001 pou w mande rabè pa w la!
Allset is offering a 40% discount on all services until January 15, 2024: Immigration forms preparation, documents translation, and documents Notarization. Call us or WhatsApp now.
Mèkredi 25 janvye 2023, DHS anonse peryòd pwosesis enrejistreman TPS pou Ayiti ap koumanse jodi 26 janvye a.-
Tout moun ki te antre Ozetazini anvan 6 novanm 2022, ka koumanse aplike a pati 26 janvye a pou 18 mwa (savle di lap fini 3 Out 2024) ka koumanse voye demand yo ale. Yo pap bezwen tann 4 fevrye ankò.
An menm tan moun ki te gentan gen TPS deja ka koumanse voye demand pou yo re-enskri pa yo a ale tou. Men yo gen selman yon peryòd 60 jou apati 26 janvye 2023 (jiska 27 mas 2023) pou yo fè sa, si yo pa vle TPS yo a gen pwoblèm.
DHS rekonèt tou ke se pa tout moun ki re-enskri kap gentan resevwa nouvo kat travay yo anvan li ekspire 3 fevriye 2023 a. Pou yo pa gen pwoblèm, li otomatikman pwolonje kat yo a jiska 3 fevriye 2024. Donk mounTPS 2011 yo ki gen yon otorizasyon pou yo vwayaje(fòm I-821) oubyen kat travay, (fòm I-765) ann atant pa bezwen ranpli aplikasyon sa yo ankò.
Ekstansyon TPS pou Ayiti pèmèt apeprè 107,000 benefisyè aktyèl kenbe TPS jiska 3 out 2024, si yo kontinye ranpli kondisyon kalifikasyon TPS yo. Yo estime ke apeprè 105,000 moun anplis Ozetazini ka elijib pou TPS 6 novanm 2022 a.
********
On Wednesday, January 25, 2023, DHS announced that the TPS registration process period for Haiti will begin today, January 26.-
All those who entered the United States before November 6, 2022, can start applying on January 26, 2023, for 18 months (that is, it will end on August 3, 2024) and can start filing. They don't have to wait until February 4.
At the same time, people who already have TPS can also start sending requests to re-register theirs. But they only have a period of 60 days from January 26, 2023 (until March 27, 2023) to do so if they do not want to experiment with a gap in their TPS.
DHS also recognizes that not all re-registrants will receive their new work cards(EAD) before it expires on February 3, 2023. So that they do not have problems, it automatically extends their card until February 3, 2024. On the other hand, those under the 2011 TPS designation who have pending authorization to travel (form I-821) or work card (form I-765) do not need to complete these applications again.
The extension of TPS to Haiti allows approximately 107,000 current recipients to retain TPS until August 3, 2024, if they continue to meet TPS eligibility requirements. It is estimated that approximately 105,000 additional people in the United States may be eligible for TPS on November 6, 2022.
05/06/2022
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Contact the business
Telephone
Address
PO Box: 366148 Hyde Park
Boston, MA
02136
Opening Hours
| Monday | 10am - 6am |
| Tuesday | 10am - 6pm |
| Wednesday | 10am - 6pm |
| Thursday | 10am - 6pm |
| Friday | 10am - 6pm |
| Saturday | 9am - 3pm |