Mike509
Promouvoir le développement humain , éduquer , instruire former , informer et distraire. Paj sa kreye nan sousi pou li pote bon nouvel bay chak grenn moun.
06/05/2026
Waf Jeremi: PNH ak Task Force frape fò nan mitan gang yo...
Nan maten vandredi 5 jen 2026, Polis Nasyonal Ayiti (PNH), ansanm ak Task Force la, te mennen yon gwo operasyon nan zòn Waf Jeremi pou reprann kontwòl espas estratejik gang yo t ap itilize.
Pandan entèvansyon an, lapolis te entèsepte yon machin ki t ap transpòte plizyè moun sispèk. Lè ajan yo te eseye kanpe machin nan, yon gwo echanj kout zam te pete ant fòs lòd yo ak malfra yo.
Daprè bilan pwovizwa a, 3 bandi te blese grav, pami yo yon chèf gang ki opere nan Delma 4 ak Delma 6, ki ta enplike nan kidnapin, atak ame ak lòt aktivite kriminèl. Lapolis la tou sezi 5 zam, 1 machin, 2 telefòn ansanm ak lòt materyèl ki kapab ede ankèt yo.
PNH la fè konnen operasyon yo ap kontinye san rete pou kraze rezo gang yo epi retabli sekirite sou tout teritwa nasyonal la.
🇭🇹🚔
06/05/2026
Apre yon post C-Jay Roo US News te fè sou yon nèg kite mete yon tòj sou li nan tribinal okap la... Kite debwaye menm bagay li te mete nan tet li a pat byen ranje.
Yon post ki te montre nan ki nivo jistis nan peyi d'haiti ya ye parapò ak imaj yap prezante bay pèp la bay mond lan,
Post la te prezise ke C jay pat konn si son jij ou byen se yon avoka paske C Jay pa konn moun nan ni an pent ni an penti, men kel te yon jij ou byen yon avoka gen yon sèten etik ou dwe respekte lew se nan espas sa, paske ou se imaj jistis peyi a, jan'w prezante tet ou se konsa le mond ap pran'w, sitou avek tan modèn sa ak rezo sosyo yo...
Yon neg Ekri C Jay pou fe menas, fe konnen jij la ap voye mare C jay 🤣🤣🤣, yap fe li pedi kont an, on paket istwa 🤣🤣
06/04/2026
Yon enfliyansè Dominiken konstate nivo Ayisyen yo AP pase mizè nan kamyon an, cho e kanpe yon Kote plis ke 6h tan nan solèy la
Pase achte kèk bidon dlo pote pou yo
Yon aksyon ki touche kè nou menmke gran majorite a se rasis yo ye.
Genyen ki gen kè toujou !
06/04/2026
Gwo akizasyon kont yon polisye nan Jeremi nan yon dosye abi seksyèl yon jèn tifi 14 lane"
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Contact the business
Website
Address
42nd Avenue
Indianapolis, IN
46226