JWS Live
Page créer pour faire la Promotion de tout ce qui se passe à La Gonave. Culture
Sport
Religions Page d'information en tout genre sur l'ile de de La Gonave
Veillé Funèbre de Madame Elisabeth Saint Val B.
Une courtoisie de Shello Bise Entreprise Funéraire
La Source, La Gonave
23 Juillet 2026
07/22/2026
Youn nan pi ansyen jounalis wèb sou zile Lagonav, Johann Sébastien Joseph ap viv nan lapèrèz, depi plizyè jou. Li revele ke moun li pa idantifye ap menase l nan egzèsis fonksyon li. Yo akize l kòm antèn Lapolis. Epoutan, sou medya an li JWS Live (ki fonde desanm 2020), jounalis la toujou moutre ekilib nan trètman enfòmasyon yo. “Mwen toujou bay objektivite ak tout sa k ap pase sou zile”, Johann Sébastien Joseph ekri.
Nan yon piblikasyon, jounalis la fè konnen yo sible li kòm moun k ap pataje enfòmasyon ak Lapolis aprè kèk soulèvman popilè tankou mas 2023 ak jen 2026. Natif natal Ansagalè a voye jete akizasyon sa byen lwen. “JWS Live pa janm pran imaj remèt Lapolis”, li eksplike.
Depi anviwon 5 lane, medya yo jwe yon wòl enpòtan nan bay enfòmasyon sou zile Lagonav. Manman lwa peyi a (konstitisyon 1987) di : “jounalis la lib pou li egzèse pwofesyon li nan kad lalwa”.
Nan sans sa, La Nouvelle denonse ak tout fòs li, tout zak entimidasyon ak mannèv movèz fwa ki kapab anpeche jounalis la fè travay li kòmsadwa. LN rete solidè ak Johann Sébastien Joseph k ap itil kominote gonavyèn nan depi plis pase yon deseni. Nou mande pou lajistis mete aksan sou menas sa epi bay pwofesyonèl enfòmasyon an tout asistans li merite.
07/22/2026
Bòn Nouvèl pou tout moun. Ou te konnen Invèsite Wesleyèn gen Syans Enfimyè pa vre? Ebyen kounye a gen 2 lòt opsyon pou sila ki vle avanse ak karyè yo.
Jenn gason, jenn fanm ki vle aprann, UWH-SNS ajoute Laboratwa Medikal ak Famakoloji. Pase enskri depi jodi a pou nouvèl Pwomosyon 2026-2030 la.
W ap jwenn tout materyèl nesesè pou aprann ak pratike nan bon kondisyon. UWH-SNS pale pou tèt li deja.
Sa w ap tann pou antre nan fanmi sa?
07/21/2026
La célébration 50e anniversaire de l'Eglise du de mon repos la gonave, du 9 aux 16 août 2026
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Contact the business
Telephone
Address
Miami, FL
33162