VOIX D'OR Communication

VOIX D'OR Communication

Share

Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from VOIX D'OR Communication, College & University, Miami, FL.

02/21/2024

Zantray, kòman w ye? Gen lontan m te Vle Di w ti pawòl sa yo, men m potko Jwenn okazyon an🤗
Jodia m vi n raple w ke w fò anpil 🙌🏽 m wete chapo'm byen ba Pou m salye fòs ou🙌🏽
Petèt ou ka doute,banm raple w fòs ou✅

1- Si a laj ou ye la, jiskaprezan ou ka gade tout Moun nan je ak fyète, sa se pa bagay Moun ki féb, ou fò Anpil zantray💪 ✅

2- Si jan Peyi a ye la , jiskaprezan ou kenbe diyite w Toujou, ou fò anpil zantray 💪🫂✅

3- Si malgre wap Viv a depresyon, ou pa afiche yon vye konpotman, Zantray, ou fò anpil.💪✅

4- Si Chak Jou ou leve ak espwa ke Demen bagay yo ap chanje malgre ou konn anfas pwoblèm ke menm Albert Einstein paka rezoud, zantray, ou son Ewo💪✅

5- Si malgre jan bagay yo Di nan Peyi a la, jiskaprezan tout jèn gason pa konn Anba jip ou pou ti enterè mesken, Franchman ou fò anpil zantray💪 ✅

6- Ou jèn gason, ou gen 2 men, ou gen 2 Pye Tou, chache travay se kòmsi lap jwe Lago kache avèw, malgre sa, ou pa pran galil la 🔫 menm jan ak lòt yo Pou w byen pase Tou, yow zantray!
Chapo ba Pou ou, ou fò Anpil💪 ✅

7- Si sa fè yon lane, ou Devan kan lavi a, wap tann Biden fè pas avèw pou w bay lavi a gòl, jiskaprezan ou rete sou tèren lavi a toujou, ou pa depasyante, zantray, m jis Vle raplew ke w fò anpil 🙌🏽🙌🏽🫂

8- Si malgre tout foulay reyisit sou entènèt la🤗, jiskaprezan ou aprann Viv AK saw Genyen 🙌🏽 ou fò Anpil zantray 🙌🏽💪

9- si jiskaprezan malgre jan bagay yo rèd, ou kenbe souri w Chak jou😀 ou Kontinye pran swen kòw pou pwoblèm yo pa Kontinye sikatrize'w 🙌🏽 sa se bagay Moun ki fò zantray, Chapo ba✅

Ps! Pa okipe pyès moun kap diw gen bagay yo pa fè se pou tèt Sosyete a😌yon sosyete ki pa baw regle Anyen Pou yo, se rezilta yap tann nan men'w kenpòt mwayen ou te pase a🤞🏾 m garanti w si w Toujou kenbe valè w yo, se pou tèt ou ✅
Lanati pran nòt, yon Jou ou lòt, li gen Pou l rekonpanse w Pou tout Sakrifis ou yo ✅
Deja map raple w ke w son chanpyon👑 nan match lavi a zantray 💪✅

*Se te Zantray ou Caleb DELLY 🫂 #4933-7916*

Pataje l AK yon lot Moun ou konnen ki fò menm jan avèw ✅🙌🏽

05/23/2022

Seule la connaissance libère✅🧠

Want your university to be the top-listed University in Miami?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Website

Address


Miami, FL