Gb Valab Domination
Tout Aktyalite kap pase de Haiti et ayisyen , au nivo nasyonal et entènasyonal
Conseils : fait Confiance à Dieu
🤣🤣🤣🤣🤣🤣🤣🤣🤣🤣🤣🤣🤣
04/29/2026
Gb Valab Info
Moun TPS yo, deba a se nou l ye jodi a wi
Jodi Mèkredi 29 avril 2026 la, Lakou Siprèm nan ap tande dosye Mullin v. Doe ak Trump v. Miot konsènan TPS pou Ayiti ak Siri. Jan w konnen l deja, desizyon sa te deja bloke nan nivo tribinal yo plizyè fwa. Men gouvènman an di li pap bay vag, se s ak fè se Lakou Siprèm nan kap tranche konya.
2 kan sa yo ap twoke kòn yo jodi a devan Lakou a. Gouvènman an di TPS la dwe fini paske kondisyon nan peyi sa yo amelyore ase pou moun sa yo back lakay yo. Yo ajoute tou, akòz TPS la plede pwolonje san kanpe, sa fè l tounen pèmanan alòske se yon pwogram tanporè.
Moun ki pou TPS yo menm di, voye tout moun sa yo tounen nan peyi sa yo ki deja an kriz pa respekte objèktif imanitè pwogram nan. Twòp fanmiy pra l divize, sa k ap kreye yon lòt pwoblèm pou peyi a. Yo di tou moun sa yo kontribye anpil nan sosyete a, donk yo gen plas yo la.
Se odyans sa k ap fèt jodi a, aprè sa, Lakou Siprèm nan pra l gen pou tranche. Gen anviwon 1.3 milyon moun ki sou TPS ki repati nan 17 peyi desizyon sa ap afekte.
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Contact the business
Telephone
Website
Address
Pompano Be**ch
Miami, FL
33060