SEE FAR Association

SEE FAR Association

Share

Apolitical association with mission to promote sustainable development in Haiti. S.E.E. (Society. Education. (Force + Action= Result). United we stand.

12/01/2025

Maxwell Anderson, jenn gason saa, wete lavi Sade Robinson, bèl tifi sa, nan premye randevou (date) yo apre yo te fèk rankontre, epi yo te jwenn rès kò li nan plizyè kote atravè Milwaukee. Sa se yon rapèl ki fè mal ke rankontre ak nouvo moun ka pote risk reyèl.

Pwoteje tèt ou:
• Toujou pataje lokalizasyon ou ak yon moun ou fè konfyans.
• Rankontre nan plas piblik kote gen moun.
• Fè yon zanmi oswa yon manm fanmi konnen ak kiyès w ap rankontre.
• Fè konfyans entwisyon ou—si yon bagay santi l pa bon, ale.

Sekirite ou toujou vini an premye.

11/29/2025

PWOFESE JIMNASTIK (GYM) NAN FLORIDA ARETE POU LI TE VOYE MATERYÈL OBSCÈN BAY YON ELEV 13 AN.

Yo arete yon pwofesè edikasyon fizik nan Florid apre yo fin akize li dèske li te voye foto obsèn ak materyèl ki danjere bay yon elèv 13 an.

Dapre sa ankèt la montre, Yezmar Angeanis Ramos-Figueroa, 22 an, ki se pwofesè PE ( egzèsis fizik) nan Central Pointe Christian Academy nan Kissimmee, ta fè echanj mesaj tèks ki pa apwopriye ak jenn gason an — ki gen ladan omwen yon imaj ekplisit. Manman timoun nan te jwenn mesaj yo epi li te al avèti otorite yo touswit.

Detektif yo di yo rekipere konvèsasyon yo epi Ramos-Figueroa te admèt li te voye foto a lè y ap poze li kesyon.

Kounye a, li ap fè fas ak de akizasyon kriminèl (felony) : • Distribisyon materyèl obsèn bay yon minè
• Transmisyon materyèl ki danjere bay yon minè

Yo mete l nan prizon Osceola County Jail 26 novanm.

Sa se yon gwo vyolasyon konfyans — yon pwofesè ki ekspwate yon timoun li te sipoze pwoteje. Sa pa akseptab ditou.

Sous : People / Fox 35 Orlando / WESH

Want your organization to be the top-listed Non Profit Organization in Miami?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Website

Address


Miami, FL
33147